Add parallel Print Page Options

16 ¶ Farizyen yo ak sadiseyen yo pwoche bò kot Jezi. Yo te vle pran l' nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' tout pouvwa sa a.

Jezi reponn yo: Lè solèy la pral kouche, nou di: Gade jan syèl la wouj, tan an pral bèl. Nan granmaten nou di: Jòdi a l'ap fè lapli. Gade jan syèl la kouvri, li tou wouj.

Nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou latè koulye a?

Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men tou, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l', li al fè wout li.

¶ Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen.

Lè sa a, Jezi di yo: Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo.

Disip yo yonn t'ap di lòt: Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa.

Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!

Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gen tan bliye lè m' te separe senk pen bay senkmil (5.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale?

10 Se bliye nou gen tan bliye lè m' te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale apre sa?

11 Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo?

12 Se lè sa a disip yo konprann li pa t' di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun.

13 ¶ Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a?

14 Yo reponn li: Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo.

15 Li di yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye?

16 Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.

17 Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m' ki nan syèl la ki fè sa pou ou.

18 Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.

19 M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.

20 Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pesonn se Kris la li ye.

21 ¶ Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.

22 Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l' konsa: Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou.

23 Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m' tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.

24 ¶ Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li, epi swiv mwen.

25 Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, li va jwenn li ankò.

26 Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?

27 Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

28 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap gen tan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k'ap gouvènen.

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mak 8:11-13; Lik 12:54-56)

16 Farizyen yo ak Sadiseyen yo te pwoche bò kote Jezi, yo te vle pase Jezi yon tès. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.

Jezi reponn yo: “Si nou wè syèl la tou wouj lè solèy pral kouche, nou di l ap fè bon tan. Nan maten, si nou wè syèl la yon jan sonb, nou di jodi a l ap fè lapli. Nou ka gade syèl la epi nou konnen ki tan li pral fè. Poutan, nou pa menm rive konprann siy ki gen rapò ak nou menm jodi a. Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[a] la y a jwenn.” Apre sa Jezi vire do li, l ale fè wout li.

Disip Jezi yo mal konprann li

(Mak 8:14-21)

Jezi travèse lak la avèk disip li yo. Yo te bliye pote pen. Apre sa Jezi di yo: “Fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”

Yo te kòmanse ap fè diskisyon ant yo. Youn t ap di lòt: “Se poutèt nou pa pote pen ki fè l ap di sa.”

Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Konsa li di yo: “Fwa nou piti! Pouki tout pale sa yo sou koze pen?” Èske nou pako konprann toujou? Oubyen èske se bliye nou gen tan bliye lè m te bay 5,000 moun manje ak senk pen? Konbyen panye nou te pote tounen? 10 Èske nou gen tan bliye m te bay 4,000 moun manje ak sèt pen? Konbyen panye nou te pote tounen? 11 Kòman nou fè pa ka konprann mwen p ap pale sou pen lè m di nou: fè atansyon ak ledven Farizyen yo ak Sadiseyen.

12 Se apre sa yo vin konprann Jezi pa t ap pale yo de ledven pou fè pen, men se de ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo.

Pyè konnen kilès Jezi ye

(Mak 8:27-30; Lik 9:18-21)

13 Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?”

14 Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.”

15 Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?”

16 Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”

17 Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. 18 Ou rele Pyè ki vle di wòk,[b] pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò[c] p ap ka gen viktwa sou li. 19 M ap remèt ou kle wayòm Bondye a. Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.”

20 Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la.

Jezi di li gen pou l mouri

(Mak 8:31–9:1; Lik 9:22-27)

21 Depi menm lè a, Jezi kòmanse eksplike disip yo li gen pou l monte Jerizalèm. Li gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. 22 Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. Li di li: “Bondye nan syèl la p ap janm pèmèt yon bagay konsa rive!”

23 Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan![d] Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”

24 Apre sa, Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle swiv mwen, fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. 25 Nenpòt moun ki vle konsève lavi l kèlkeswa kondisyon an, l ap gen pou pèdi lavi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen l ap gen pou jwenn vrè lavi a. 26 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye, si l ap pèdi pwòp lavi l? Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 27 Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè. 28 Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”

Footnotes

  1. 16:4 Jonas Yon pwofèt nan Ansyen Testaman an. Apre l fin pase twa jou anndan yon gwo pwason, li soti deyò vivan. Lè sa a, li pati ale nan lavil Niniv pou l te pote yon avètisman Bondye te ba li pou bay yo. Menm jan an tou, Jezi te gen pou l soti nan tonbo a vivan nan twazyèm jou a, sete you siy pou pwouve mesaje li te soti vrèman vre de Bondye.
  2. 16:18 Pyè … wòk “Pyè”, se fòm grèk pou yon non arameyen “Sefas”, ki vle di “wòk”. Nan Bib la (Eza 51:1-2), menm jan ak nan tradisyon Jwif yo, yo te konpare Abraram ak yon wòk Bondye ta sèvi pou l “bati” pèp li a. Konsa, Jezi ta vle di Pyè se tankou Abraram. Bondye te bay Abraram ak Sara nouvo non epi li fè lwanj pou yo kòm egzanp lafwa pou pitit pitit yo. Menm jan an tou, Jezi bay Pyè yon lòt non (gade nan Mak 3:16) epi li fè lwanj pou l pou gwo pawòl lafwa sa a.
  3. 16:18 puisans lanmò Literalman, “pòt Lanfè”.
  4. 16:23 Satan Se yon non ki vle di “lènmi”. Jezi vle di Pye ap pale menm jan ak Satan.