Add parallel Print Page Options

Yo klouwe Jezi sou you kwa

(Mat 27:32-44; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)

21 Sou wout la, yo jwenn yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap soti nan jaden. Li te papa Aleksann ak Rifis. Sòlda yo fòse Simon pote kwa Jezi a. 22 Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota, ki vle di: “zo tèt.” 23 Se la yo ba li divin melanje ak lami, men li pa t bwè l. 24 Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li, pou wè kisa chak moun ta jwenn.

25 Li te nevè nan maten konsa, lè yo te klouwe Jezi sou kwa a. 26 Sa yo te ekri kòm rezon kondanasyon: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo. 27 Yo te klouwe de kriminèl sou kwa tou ansanm ak li, youn adwat, youn agoch. 28 [a]

29 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? 30 Ebyen, kounye a sove tèt ou, desann kwa a!”

31 Se te menm jan tou, chèf prèt yo ak direktè Lalwa yo t ap pase li nan betiz, yo t ap di youn lòt: “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. 32 Si l se Kris la, wa Izrayèl la, se pou l desann kwa a, pou nou wè, epi n ap kwè nan li.” Menm kriminèl ki te klouwe sou lòt kwa yo t ap pase l nan betiz tou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 15:28 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 28 la: Epi se konsa pawòl Bib la te akonpli: yo te mete l ansanm ak kriminèl yo.