Add parallel Print Page Options

Yo klouwe Jezi sou yon kwa

(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Jan 19:17-27)

26 Pandan sòlda yo t ap mennen Jezi ale, yo kontre ak yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap sot nan jaden. Yo fòse Simon pote kwa a. Yo fè l swiv Jezi ak kwa a sou do li.

27 Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi. Anpil nan medam yo t ap kriye, yo te pran lapenn pou Jezi. 28 Men Jezi vire gade medam yo, li di yo: “Pitit fi Jerizalèm yo, pa kriye pou mwen. Kriye pou tèt nou ak pou pitit nou yo pito. 29 Paske gen jou k pral vin la a kote moun pral di: Benediksyon pou fi ki pa ka fè pitit, pou fi ki pa janm fè pitit, pou fi ki pa janm gen pitit pou l bay tete. 30 Lè sa a moun va mande mòn yo: Tonbe sou nou! Y a di ti mòn yo: Kouvri nou![a] 31 Paske si yo ka fè m soufri konsa malgre m inosan, Bondye ap fè moun ki koupab yo soufri pi rèd toujou.”[b]

32 Yo te kondi de kriminèl ale tou ansanm ak Jezi pou yo egzekite. 33 Lè yo rive sou tèt mòn nan, kote yo rele Zo Bwa Tèt la, yo klouwe Jezi sou kwa a, epi yo klouwe de kriminèl yo tou akote l. Yo mete sou kwa tou, youn sou bò dwat Jezi epi lòt la sou bò gòch li.

34 Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”[c]

Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 35 Pèp la te kanpe ap gade sa k ap pase a. Chèf Jwif yo menm t ap pase Jezi nan betiz. Yo t ap di: “Si l se Mesi a vre, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt li. Li te konn sove lòt moun.”

36 Menm sòlda yo tou te antre nan pase Jezi nan betiz. Yo pwoche bò kote l, yo ofri l vinèg pou l bwè. 37 Yo di li: “Si ou se wa Jwif yo vre, sove tèt ou.” 38 Sou tèt kwa a, yo te klouwe yon pannkat ki di: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo.

39 Youn nan de kriminèl yo te klouwe ak Jezi yo t ap pase Jezi nan betiz tou, li t ap di: “Si ou se Kris la vre, sove tèt ou epi sove nou tou!”

40 Men, lòt kriminèl la fè l pe bouch li. Li di l: “Ou gen lè pa pè Bondye, paske se anba menm kondanasyon an ou ye tou. 41 Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.” 42 Apre sa li di: “Jezi, pa bliye m lè ou vin renye nan Wayòm ou an!”

43 Jezi reponn li: “M ap di w sa franchman, jodi a menm ou ap avèk mwen nan paradi.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 23:30 Sitasyon sa a soti nan Oze 10:8.
  2. 23:31 Literalman, “Paske si yo ka fè bwa vèt la sa, ou pa bezwen mande pou bwa chèch la.”
  3. 23:34 Jezi di … ap fè a Gen kèk ansyen maniskri levanjil Lik la ki pa gen pawòl sa yo ladan yo.