Add parallel Print Page Options

19 ¶ Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat.

Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li.

Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.

Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.

Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan!

Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm.

Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.

Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou.

Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li.

10 Lè sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fè yo kloure ou sou yon kwa?

11 Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou.

12 Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kòmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye.

13 Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l': Gabata).

14 Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an.

15 Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza.

16 ¶ Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale.

17 Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota).

18 Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo.

19 ¶ Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo.

20 Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk.

21 Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye.

22 Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt.

23 Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kou a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a.

24 Sòlda yo yonn di lòt: Nou p'ap chire rad sa a non. Ann tire osò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo tire osò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè.

25 Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a.

26 Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou.

27 Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.

28 Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.

29 Te gen yon veso plen venèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan venèg la, yo mare l' nan pwent yon branch bwa yo rele izòp, yo pwoche l', yo mete l' bò bouch Jezi.

30 Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.

31 ¶ Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo.

32 Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou.

33 Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gen tan mouri. Se sak fè yo pa t' kraze janm li yo.

34 Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a.

35 Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè.

36 Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li.

37 Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a.

38 ¶ Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale.

39 Nikodèm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odè yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil.

40 Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l' nan bann twal fin yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun.

41 Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pa t' ankò mete pesonn ladan li.

42 Se te lavèy jou repo jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sak fè, se la yo te mete kò Jezi a.

19 Pilat fè ale ak Jezi epi bat li byen bat. Sòlda yo te fè yon kouwòn trese ak pikan, yo mete l sou tèt li, yo mete yon rad mov[a] sou li. Yo t ap plede pwoche kote l epi yo t ap di: “Bonjou wa Jwif yo!” Epi yo t ap ba l anpil kou.

Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.” Jezi soti deyò, li te gen kouwòn pikan an ak rad mov la sou li. Pilat di yo: “Men nonm nan!”

Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l!

Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.

Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.”

Lè Pilat tande sa, li pè bagay la pi plis toujou. Li retounen anndan an epi li di Jezi: “Moun ki kote ou ye?” Jezi pa bay pyès repons. 10 Lè sa a, Pilat di l: “Ou refize reponn mwen? Ou pa konnen m gen otorite pou m fè libere w epi m gen otorite pou m fè yo krisifye w?”

11 Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.”

12 Depi lè sa a, Pilat t ap chache wè kijan li ta fè lage Jezi. Men, lidè Jwif yo pran fè bri, yo t ap di: “Si ou lage l, ou pa zanmi Seza! Paske nenpòt moun ki deklare tèt li wa, se yon moun ki deklare l kont Seza.”

13 Depi Pilat tande pawòl sa yo, li fè Jezi soti, l al chita sou chèz kote jij yo chita pou jije a, kote yo rele Lakou Pave a, Gabata nan lang ebre. 14 Se te jou yo t ap prepare fèt Pak la, bò midi konsa. Pilat di Jwif yo: Men wa nou an!

15 Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!”

Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?”

Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!”

16 Se lè sa a, epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l. Yo ale ak li.

Yo klouwe Jezi sou yon kwa

(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Lik 23:26-43)

17 Jezi pote pwòp kwa li, li fè wout pou yon kote yo rele zo tèt, Gòlgota, nan lang ebre. 18 Se la yo krisifye l ansanm ak de lòt moun, youn chak kote, Jezi nan mitan.

19 Pilat te fè fè yon pannkat mete sou kwa a, li te ekri sou li: Jezi, moun nazarèt, wa Jwif yo. 20 Anpil Jwif te li pannkat sa a, paske kote Jezi te krisifye a te toupre vil la epi sa k te ekri sou li a te an ebre, an laten epi an grèk.

21 Chèf alatèt prèt Jwif yo di Pilat: “Pa ekri wa Jwif yo, men di pito: Nonm sa a te di mwen se wa Jwif yo.”

22 Pilat reponn yo: “Sa m ekri a mwen ekri l nèt.”

23 Lè sòlda yo fin krisifye Jezi, yo pran rad li yo fè kat pòsyon, youn pou yo chak. Yo pran rad san kouti l la, yon rad ki te fèt an yon sèl pyès depi anwo rive anba. 24 Sòlda yo te di antre yo: Ann pa chire l. Ann tire osò pou wè pou ki moun l ap ye. Konsa Bib la te akonpli:

“Yo pataje rad mwen antre yo,
    yo tire osò sou rad mwen an.”[b]

Se sa sòlda yo te fè.

25 Manman Jezi te kanpe bò kwa Jezi a. Yon sè manman an te kanpe la tou ansanm ak Mari, ki te madanm Klopas, avèk Mari, moun Magdala a. 26 Lè Jezi wè manman l bò kote disip li te renmen anpil la, li di manman l: “Madam, men pitit ou.” 27 Apre sa li di disip la: “Men manman w.” Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.

Jezi mouri

(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Lik 23:44-49)

28 Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.”[c] 29 Te gen yon krich plen vinèg la, yo tranpe yon eponj ladan, yo mare l nan yon branch bwa yo rele izòp, yo leve l pote mete nan bouch li. 30 Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li.

31 Men, se te nan jou yo t ap fè preparasyon anvan jou saba a. Pou kò yo pa t rete sou kwa a pandan jou saba a ki te yon jou espesyal, lidè Jwif yo al mande Pilat pou l fè kase janm moun yo krisifye yo epi pou yo desann yo sou kwa a. 32 Sòlda yo vini, yo kase janm[d] premye a, apre sa, yo kase janm dezyèm nan yo te krisifye ansanm ak Jezi yo. 33 Lè yo rive sou Jezi, yo konstate li gentan mouri, yo pa t kase janm li.

34 Men youn nan sòlda yo pike Jezi ak lans li bò kòt. Menm lè a san te soti epi dlo soti tou. 35 Moun ki te wè sa a, se li menm ki rakonte l. Epi temwanyaj li se verite a. Epitou li menm, li konnen sa li di a se verite a, li di sa pou ou kapab kwè tou. 36 Tout bagay sa yo rive pou Bib la kapab akonpli: “Pa gen youn nan zo li yo ki kase.”[e] 37 Gen yon lòt pasaj nan Bib la ki di: “Yo va wè moun nan yo te pèse a.”[f]

Yo antere Jezi

(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Lik 23:50-56)

38 Apre bagay sa yo, Jozèf, moun lavil Arimate a, te mande Pilat otorizasyon pou l pran kò Jezi. Se te yon disip tou, men li te disip Jezi ankachèt, paske li te pè Jwif yo. Pilat dakò, konsa Jozèf vin pran kò a.

39 Nikodèm te vini tou, se li menm ki te al kote Jezi nan mitan lannuit lan. Li pote yon melanj lami ak lalwa ki te trant (30) kilogram[g] konsa. 40 Yo pran kò jezi, yo vlope l nan yon bann twal fen epi yo mete luil santi bon sou li, jan Jwif yo te konn fè lè y ap antere moun. 41 Kote yo te krisifye Jezi a te gen yon jaden. Nan jaden sa a, te gen yon kav tou nèf, yo pa t ko mete pèsonn ladan. 42 Poutèt se te jou pou Jwif yo te fè preparasyon pou Jou saba a, epi tou kav la te toupre, se ladan yo te mete Jezi.

Footnotes

  1. 19:2 rad mov Li pwobab yon wòb sòlda ki te sanble ak wòb koulè mov wa yo te konn mete sou yo. Yo te mete rad sa a sou Jezi pou yo pase l nan betiz, paske te pretann li se yon wa.
  2. 19:24 Sitasyon sa a soti nan Sòm 22:18.
  3. 19:28 Mwen swaf Gade nan Sòm 22:15; 69:21.
  4. 19:32 yo kase janm Yo te kase janm moun yo krisifye yo pou fè yo mouri pi vit.
  5. 19:36 Sitasyon sa a soti nan Sòm 34:20. Menm lide a nan Egz 12:46; Nb 9:12.
  6. 19:37 Sitasyon sa a soti nan Zak 12:10.
  7. 19:39 trant (30) kilogram Literalman, “100 lit”.