Add parallel Print Page Options

Jezi geri yon nonm yon jou saba

(Mat 12:9-14; Lik 6:6-11)

Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men l paralize ki te la nan sinagòg la. Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou saba a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l. Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.”

Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo.

Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.

Anpil moun ap swiv Jezi

Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo. Te gen moun ki sòti nan Jerizalèm, nan Idime, lòt bò rivyè Jouden an ak nan zòn Tir ak Sidon ki t ap swiv li tou. Se te you gwo foul moun. Yo te vin wè Jezi paske yo te tande sa li t ap fè.

Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp. 10 Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l. 11 Epi chak fwa yon move lespri wè Jezi, yo tonbe devan l epi yo tonbe rele byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” 12 Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye.

Jezi chwazi douz apot li yo

(Mat 10:1-4; Lik 6:12-16)

13 Apre sa, Jezi monte sou mòn lan, li rele moun li te vle epi yo te vin jwenn li. 14 Li chwazi douz, li rele yo apot.[a] Li chwazi yo pou yo te avèk li epi pou l te voye yo preche. 15 Jezi te chwazi yo tou pou yo te ka gen otorite pou chase demon. 16 Men non douz moun li rele apot yo.

Li bay Simon non Pyè,

17 Apre sa Jak ak Jan frè l, pitit Zebede yo li rele yo Bowanègès, ki vle di “Nonm ki mete l ankòlè kòm yon loray”,

18 Apre sa Andre,

Filip,

Batèlmi,

Matye,

Toma,

Jak pitit Alfe a,

Tade epi

Simon yo bay non Patryòt,

19 epi Jida Iskaryòt ki te trayi l la.

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mat 12:22-32; Lik 11:14-23; 12:10)

20 Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje. 21 Lè fanmi Jezi yo te tande sa, yo te vin chache l, paske te gen moun ki t ap di Jezi pèdi tèt li.

22 Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan[b] ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.”

23 Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan? 24 Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe. 25 Yon kay ki divize p ap kanpe non plis. 26 Si Satan ta leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa ka kanpe, pouvwa l t ap fini.

27 Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. 28 An verite, m ap di nou sa byen, Bondye ap padone tout kalite peche, menm tout kalite move bagay mal yo di sou li. 29 Men kanta pou moun ki pale Sentespri a mal, peche sa a p ap jan jwenn padon.”

30 Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li.

Se disip Jezi ki vrè fanmi li

(Mat 12:46-50; Lik 8:19-21)

31 Pandan tan sa a, manman Jezi ak frè l yo te vin parèt. Yo rete deyò epi yo voye yon moun al rele l. 32 Yon foul moun te chita devan Jezi epi yo vin di l: “Men manman w, ak frè w yo ak sè[c] w yo deyò a ap chache w.”

33 Jezi reponn yo: “Ki moun ki manman m? Ki moun ki frè m ak sè m?” 34 Apre sa, Jezi gade moun ki te chita devan l yo epi li di: “Men moun ki manman m, frè m ak sè m. 35 Se moun ki fè volonte Bondye ki frè m, sè m ak manman m.”

Footnotes

  1. 3:14 li rele yo apot Anpil maniskri pa genyen mo sa yo, men yo nan dokiman ki pi ansyen yo.
  2. 3:22 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo.
  3. 3:32 yo ak sè Kèk kopi nan lang Grèk pa gen mo sa yo.