Add parallel Print Page Options

Mete Wayòm Bondye a anvan tout bagay

(Mat 6:25-34,19-21)

22 Apre sa, li di disip li yo: “Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. 23 Paske lavi gen plis valè pase manje. Kò moun gen plis valè pase rad. 24 Gade zwazo yo rele kònèy yo. Yo pa plante ni yo pa rekòlte. Yo pa gen depo, ni galata, epoutan Bondye ba yo manje. Èske nou pa vo plis pase zwazo yo? 25 Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa? 26 Si ou pa ka menm fè ti bagay ki pi piti yo, poukisa pou ap bay kò w traka pou bagay ki pi gwo yo?

27 Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. 28 E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, epi nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti!

29 Kidonk, nou pa bezwen ap bay kò nou traka pou chache bagay pou n manje ak bagay pou n bwè. 30 Bagay sa yo se moun ki nan mond lan ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 31 Akòde plis enpòtans a wayòm Bondye a pito, epi l ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi.

Pa mete konfyans ou nan lajan

32 Ti twoupo mouton m yo, nou pa bezwen pè, paske Bondye Papa nou pran plezi pou l ban nou Wayòm nan. 33 Vann tout sa nou genyen epi bay pòv kòb la. Si nou fè sa, n ap gen yon bous ki p ap janm gen twou. N ap gen yon trezò k ap dire pou tout tan nan syèl la,[a] kote vòlè pa ka jwenn li, kote mit pa ka manje l. 34 Paske kote trezò w ye se la kè w ap ye tou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:33 Oubyen “Chache gen yon bous ki p ap janm ize, sa vle di yon trezò nan syèl la ki p ap janm fini.”