Add parallel Print Page Options

Piga nou sanble ak Farizyen yo

12 Lè sa a, foul moun ki te rasanble pou tande Jezi a te plizyè milye. Yo te tèlman anpil, se kòmsi youn t ap mache sou lòt. Men, Jezi chwazi pale ak disip li yo anvan, pandan lòt moun yo ap koute. Li di yo: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo, ki vle di yo eseye parèt tankou[a] moun ki dwat, men alaverite yo pa moun ki dwat. Pa gen anyen ou ka resi sere tèlman byen pou l pa janm parèt aklè. Pa gen anyen ou ka resi sere pou moun pa janm konnen li ditou. Kidonk, tout sa ki di an prive pral di devan tout moun. Tout sa ou chichote nan zòrèy moun ankachèt, y ap pibliye l byen fò an piblik.”

Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun

(Mat 10:28-31)

Men sa m ap di nou, nou menm ki zanmi m: “Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a sèlman, men ki pa gen anyen li ka fè ankò apre sa. M ap di nou kilès pou nou pè pito. Se pou nou pè Bondye pito, paske lè l fin touye kò a, li gen otorite tou pou voye l jete nan lanfè. Wi, se li menm pou nou pè pito.

Èske nou pa wè ti zwazo ap vann pou piyay, se senk (5) pou dis (10) kòb yo vann yo. Epoutan, Bondye pa bliye yo. Bondye menm konnen konbyen cheve nou gen nan tèt nou. Nou pa bezwen pè anyen, paske nou gen plis valè lontan pase anpil ti zwazo.”

Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w

(Mat 10:32-33; 12:32; 10:19-20)

M ap di nou sa: “Nenpòt moun ki pa wont kanpe devan moun pou l di se moun pa m li ye, mwen p ap wont non plis pou m di se moun pa m li ye. M ap di sa menm devan anj Bondye yo. Men, moun ki di devan moun li pa konnen m, m ap di m pa konnen l tou devan anj Bondye yo.

10 Nenpòt moun ki pale mal kont Pitit Lòm nan, li ka jwenn padon; men, yon moun ki pale mal kont Sentespri a, li p ap jwenn padon.

11 Lè y a mennen nou vin jije swa nan sinagòg la, swa devan chèf yo osinon otorite yo, nou pa bezwen bay tèt nou traka pou konnen kisa nou pral di, osinon kijan pou n defann tèt nou. 12 Paske Sentespri Bondye a ap la nan moman an pou anseye nou sa ki nesesè pou n di.”

Jezi bay avètisman kont egoyis

13 Yon nonm nan mitan foul la di Jezi konsa: “Mèt, pale ak frè m nan non pou l ka pataje byen paran nou kite pou nou yo ak mwen.”

14 Men, Jezi reponn li: “Ki moun ki mete m jij osinon abit pou m jije bagay konsa ant ou menm ak frè w?” 15 Apre sa Jezi di foul la, “Fè atansyon pou dezi pou gen anpil bagay pa pran tèt nou, paske se pa pakèt byen yon moun posede k ap fè lavi li long.”

16 Epi li tonbe rakonte yo parabòl sa a, li di: “Te gen yon nonm rich ki te fè yon bèl rekòt nan jaden l. 17 Nonm rich la reflechi nan li menm, li di: Ki sa m pral fè la a, paske mwen pa gen ase plas pou m sere rekòt mwen yo?

18 Apre sa, li di: Oke, m konn sa m pral fè. M ap kraze tout depo m yo, epi m ap bati sa k pi gwo pou m ka jwenn kote pou m sere tout ble m yo ak lòt rekòt mwen yo. 19 Apre sa, m a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen nan depo pou anpil ane ankò. Ou mèt poze kounye a. Annik manje, bwè epi jwi lavi w.

20 Men Bondye di li: Egare! Aswè a menm ou pral mouri. Tout bagay sa yo ou te prepare yo, pou kilès y ap rete?

21 Se konsa sa ye pou nenpòt moun k ap rasanble byen pou li menm sèlman, men ki pa rich nan je Bondye.”

Mete Wayòm Bondye a anvan tout bagay

(Mat 6:25-34,19-21)

22 Apre sa, li di disip li yo: “Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. 23 Paske lavi gen plis valè pase manje. Kò moun gen plis valè pase rad. 24 Gade zwazo yo rele kònèy yo. Yo pa plante ni yo pa rekòlte. Yo pa gen depo, ni galata, epoutan Bondye ba yo manje. Èske nou pa vo plis pase zwazo yo? 25 Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa? 26 Si ou pa ka menm fè ti bagay ki pi piti yo, poukisa pou ap bay kò w traka pou bagay ki pi gwo yo?

27 Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. 28 E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, epi nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti!

29 Kidonk, nou pa bezwen ap bay kò nou traka pou chache bagay pou n manje ak bagay pou n bwè. 30 Bagay sa yo se moun ki nan mond lan ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 31 Akòde plis enpòtans a wayòm Bondye a pito, epi l ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi.

Pa mete konfyans ou nan lajan

32 Ti twoupo mouton m yo, nou pa bezwen pè, paske Bondye Papa nou pran plezi pou l ban nou Wayòm nan. 33 Vann tout sa nou genyen epi bay pòv kòb la. Si nou fè sa, n ap gen yon bous ki p ap janm gen twou. N ap gen yon trezò k ap dire pou tout tan nan syèl la,[b] kote vòlè pa ka jwenn li, kote mit pa ka manje l. 34 Paske kote trezò w ye se la kè w ap ye tou.

Se pou nou toujou tou pare

(Mat 24:42-44)

35 Se pou nou toujou tou pare ak rad nou sou nou epi ak lanp nou limen nan men nou. 36 Se pou nou rete tankou sèvitè k ap tann mèt yo tounen sot nan yon fèt maryaj. Kou l frape nan pòt la pou yo gentan louvri pou li san pèdi tan. 37 Ala benediksyon pou sèvitè sa yo Mèt la jwenn ap veye vini li! Sa m ap di nou la a se pawòl sèten, mèt la ap mete tabliye l sou li, l ap fè sèvitè yo chita bò tab epi l ap sèvi yo manje. 38 L ap bon nèt pou sèvitè sa yo si mèt la vini vè minwi osinon vè twazè dimaten menm epi li jwenn yo ap veye.

39 Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit la vòlè ap vini, li pa t ap kite l kase kay la. 40 Nou menm tou, nou bezwen prè, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa atann.”

Ki lès ki se sèvitè fidèl la?

(Mat 24:45-51)

41 Lè sa a, Pyè di Jezi konsa: “Mèt ou rakonte parabòl sa a pou nou menm disip yo osinon pou tout moun?”

42 Senyè a reponn, li di: “Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen. 43 Byenere sèvitè sa a lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li! 44 An verite m ap di nou: Mèt la ap mete l chèf sou tout sa l genyen.

45 Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? Epi li kòmanse ap bat lòt sèvitè yo ak sèvant yo tou epi li tonbe bwè jouk li vin sou. 46 Mèt la ap rive sou li sanzatann, nan lè li pa konnen; lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo.

47 Yon sèvitè ki konnen volonte mèt li, epi ki pa prepare osinon ki pa fè zafè l selon volonte mèt li, l ap gen pou resevwa anpil kout makak. 48 Men, kisa k ap rive ak yon sèvitè ki pa konnen kisa mèt li vle l fè? Si li fè bagay ki fè l merite pini, y ap pini l mwens pase sèvitè ki konnen byen sa pou l fè a. Moun Bondye konfye anpil, y ap espere menm plis pase sa yo te konfye l la de li.

Swiv Jezi ka pote anpil pwoblèm

(Mat 10:34-36)

49 Mwen vini pou m simaye yon dife sou latè. M swete m te wè dife sa limen deja. 50 Gen yon kalite batèm[c] mwen dwe resevwa. M santi m twouble anpil jouktan mwen resevwa batèm sa a. 51 Èske nou panse se lapè mwen te vin simaye sou latè? Non! Se divizyon mwen vin simaye pito. 52 Apati de jodi a, si gen senk moun nan yon fanmi, y ap divize twa kont de, de kont twa.

53 Papa ap leve kont pitit gason li,
    pitit gason ap leve kont papa li;
manman ap leve kont pitit fi li,
    pitit fi ap leve kont manman li;
bèlmè ap leve kont bèlfi,
    bèlfi ap leve kont bèlmè.”[d]

Jan pou nou konprann tan an

(Mat 16:2-3)

54 Apre sa, Jezi di foul la: “Lè nou wè nyaj ap gonfle sou bò solèy kouche a, nou di: Li pral fè yon kokenn chenn lapli, epi sa rive vre jan nou di a. 55 Lè nou wè van an ap soufle soti nan sid pou met tèt nan nò, nou di: li pral l fè cho konpè! Epi sa rive vre. 56 Bann ipokrit! Nou konn kijan pou n entèprete bagay sou fas tè a ak nan syèl la pou nou konnen ki tan l ap fè, pou kisa atò nou pa ka entèprete bagay k ap pase nan tan sa a kounye a?

Chache rezoud pwoblèm nou ant nou menm

(Mat 5:25-26)

57 Pouki sa nou pa ka jije pou tèt nou tou kisa ki dwat ak kisa ki pa dwat? 58 Si yon moun gen pwoblèm ak ou epi li rele w nan tribinal. Etan nou nan wout pra l nan tribinal la, se pou ou chache antann ou ak moun nan pou bagay la pa rive devan jij. Si se pa sa, l ap trennen w devan jij la, jij la menm ap lage w nan men lapolis, epi lapolis ap lage w nan prizon. 59 M ap di w sa, ou p ap soti nan prizon an jouktan ou fin peye tout lajan ou dwe a, san manke yon santim.”

Footnotes

  1. 12:1 parèt tankou Literalman, “Ipokrizi”.
  2. 12:33 Oubyen “Chache gen yon bous ki p ap janm ize, sa vle di yon trezò nan syèl la ki p ap janm fini.”
  3. 12:50 batèm Mo sa a ki nòmalman vle di plonje anba dlo nèt, gen yon sans espesyal nan ka sa a. Li vle di kouvri osinon “antere” nan soufrans.
  4. 12:53 Gade nan Mi 7:6.