Add parallel Print Page Options

Bondye ak pèp Jwif la

Mwen se moun Jezikri, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a: Mwen gen gwo lapenn nan kè m epi m toujou santi anpil tristès pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan. Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo. Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi[a] a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.

Sa pa vle di Bondye pa kenbe pwomès li te fè pèp Jwif la. Men, sa vle di, se kèk moun nan pèp Izrayèl la sèlman ki fè pati pèp Bondye a vre. Epi se kèk nan pitit Abraram yo sèlman ki desandan Abraram toutbon. Se sa Bondye te di Abraram: “Moun ki desandan w toutbon yo se moun ki soti nan Izarak yo.”[b] Sa vle di: se pa tout pitit natirèl Abraram yo ki pitit Bondye, men se pitit Abraram ki fèt dapre pwomès Bondye te fè a nou ka konsidere kòm desandan Abraram. Men ki pwomès Bondye te fè: “Lane pwochèn, nan menm epòk sa a, m ap retounen epi Sara ap gen yon pitit gason.”[c]

10 Men se pa sa sèlman. Genyen Rebeka tou. Li te ansent epi li fè de jimo, de pitit pou yon sèl papa, Izarak, zansèt nou. 11-12 Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.”[d] Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm. 13 Jan Bib la di sa: “M renmen Jakòb, men m rayi Ezayi.”[e]

14 Kisa pou n ta di sou sa? “Èske sa vle di Bondye ta enjis?” Non, se pa sa ditou! 15 Bondye te di Moyiz: “M ap fè moun mwen vle gras. M ap gen pitye pou moun mwen chwazi gen pitye.”[f] 16 Konsa, gras Bondye pa depann de moun ki vle oubyen de moun ki kouri byen nan kous la, men sa depann de Bondye sèlman ki chwazi moun li vle. 17 Nan Bib la, Bondye di Farawon konsa: “M te chwazi fè w vin wa poutèt pou m ka montre puisans mwen nan relasyon m avèk ou, epi pou yo ka konnen ki moun mwen ye toupatou sou latè.”[g] 18 Konsa, Bondye fè moun li vle gras, epi li fèmen kè moun li vle.

19 Kounye a, youn nan nou ta ka mande: “Enben, pou kisa Bondye ap blame nou pou zafè peche ankò? Paske, ki moun ki ka kenbe tèt ak Bondye?” 20 Men, kisa w ye ou menm pou w ap kenbe tèt ak Bondye? Èske yon asyèt an ajil ka mande moun ki fè l la: “Pou kisa ou fè m konsa?” 21 Èske moun ki fè po flè a pa ka fè sa l vle ak tè ajil la? Èske l pa ka fè yon bèl asyèt an ajil ak menm tè sa pou okazyon espesyal, epi yon lòt asyèt òdinè?

22 Se menm jan an pou Bondye tou. Li te vle montre kòlè li epi li fè moun wè puisans li. Men l sipòte moun li te fache kont yo ak anpil pasyans, moun ki tou pare pou yo peri. 23 Li t ap tann ak pasyans pou l te fè pèp li chwazi a konnen grandè laglwa li, pou yo resevwa gras li. Bondye te deja prepare yo pou yo patisipe nan glwa li. 24 Se nou menm Bondye rele soti nan mitan Jwif yo, anplis li mande nou soti nan mitan moun ki pa Jwif yo tou. 25 Se sa Bondye deklare pa mwayen pwofèt Oze:

“Pèp ki pa t pèp mwen an,
    m ap rele l pèp mwen.
Epi nasyon m pa t renmen an,
    m ap rele l nasyon byenneme m nan.”[h]

26 Epi,

“Menm kote yo te di yo:
    Ou pa pèp mwen!
Menm kote sa a,
    yo va rele yo pitit Bondye vivan an.”[i]

27 Pwofèt Ezayi rele byen fò pou l pale de pèp Izrayèl la konsa:

“Menm lè moun Izrayèl yo ta anpil,
    menm jan ak sab ki bò lanmè
    se kèk nan yo k ap sove sèlman.
28 Paske Senyè a ap fè sa l te di l ap fè sou latè a,
    nan yon ti tan tou kout.”[j]

29 Ezayi te gentan di tou:

“Senyè toupisan an
    te kite kèk moun vivan.
    Si l pa t fè sa konsa,
kounye a, nou t ap menm jan ak Sodòm,
    nou t ap menm jan ak lavil Gomò a.”[k]

30 “Ki sa pou nou konprann nan sa? Èske Bondye deklare moun ki pa Jwif yo jis menm si yo pa t ap fè efò pou sa?”

Wi. Yo benefisye jistis Bondye ki soti nan fidelite Jezikri. 31 Poutan, Izrayèl menm ki t ap swiv yon lwa pou yo ka vin jis devan Bondye, yo pa reyisi vin jis pou Bondye. 32 Sa k fè sa? Paske Izrayèl pa t chache vin jis pa mwayen lafwa, men pa mwayen zèv yo fè. Yo bite sou wòch ki fè moun tonbe a. 33 Se sa Bondye di nan Pawòl li:

“Men m mete yon wòch nan Siyon ki fè moun fè bitay.
    Se yon karyann k ap fè moun tonbe.
Men, nenpòt moun ki fè l konfyans
    p ap wont.”[l]

Footnotes

  1. 9:5 Mesi Literalman, “Kris”, yon tradiksyon Grèk pou mo Ebre “Mesi”. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 9:7 Sitasyon sa a soti nan Jen 21:12.
  3. 9:9 Sitasyon sa a soti nan Jen 18:10, 14.
  4. 9:11-12 Sitasyon sa a soti nan Jen 25:23.
  5. 9:13 Sitasyon sa a soti nan Mal 1:2-3.
  6. 9:15 Sitasyon sa a soti nan Egz 33:19.
  7. 9:17 Sitasyon sa a soti nan Egz 9:16.
  8. 9:25 Sitasyon sa a soti nan Oze 2:23.
  9. 9:26 Sitasyon sa a soti nan Oze 1:10.
  10. 9:27-28 Sitasyon sa a soti nan Eza 10:22-23.
  11. 9:29 Sitasyon sa a soti nan Eza 1:9.
  12. 9:33 Sitasyon sa a soti nan Eza 8:14; 28:16.