Add parallel Print Page Options

Mouri kanta peche, men vivan pou Bondye

Kounye a, kisa pou n di? Èske n ka kontinye ap peche pou fè gras Bondye vin pi plis? Se pa sa ditou! Pou sa k gen pou wè ak peche, nou se moun mouri. Kòman pou n ta fè kontinye ap viv nan peche ankò? Èske nou pa sonje lè nou te batize nan Kris la, se nan lanmò li nou te batize? Konsa, lè nou te batize a, nou te antere ak Kris epi se kòm si nou te mouri avè l. Epi, menm jan Kris te resisite a, gras ak mèvèy pouvwa Papa a, menm jan an tou, nou ka viv yon lavi tou nèf.

Kounye a, nou vin fè youn ak li pa mwayen lanmò li. Konsa tou, n ap fè youn ak li nan rezireksyon li. Nou konnen ansyen moun nan te mouri nan nou menm sou lakwa avèk Kris. Se konsa lavi esklav nou te genyen an te detwi nèt, poutèt pou n pa esklav peche ankò. Paske, lè yon moun mouri, li soti anba kontwòl peche.

Men si nou mouri avèk Kris, nou kwè n ap viv avèk li tou. Nou konnen Kris resisite, li pa ka mouri ankò. Lanmò pa gen pouvwa sou li ankò. 10 Wi, lè l te mouri, li te mouri yon sèl fwa pou l te kraze puisans peche, epi sa valab pou tout tan. Kounye a se pou Bondye l ap viv. 11 Se menm jan an pou nou menm tou, se pou n gade tèt nou kòm moun ki mouri kanta pouvwa peche epi k ap viv kounye a kanta pouvwa Bondye nan Jezikri.

12 Kò sa a, kote n ap viv la, se yon kò ki pral mouri. Pa kite peche kontwole l pou fè n fè sa peche vle. 13 Nou pa dwe livre okenn pati nan kò nou bay peche pou l sèvi kòm yon enstriman pou fè sa ki mal. Okontrè, an n bay Bondye tèt nou tankou moun ki te mouri, epi k ap viv kounye a. An n ofri tout pati nan kò nou bay Bondye pou yo sèvi nan fè sa ki byen. 14 Peche p ap chèf nou ankò, paske nou pa anba Lalwa. N ap viv kounye a anba gras Bondye.

Esklav sa ki dwat

15 Kounye a, kisa n ta dwe fè? Èske nou ta mèt peche paske nou anba gras Bondye, nou pa anba Lalwa? Paditou! 16 Nou sipoze konnen lè yon moun lage kò l bay yon bagay pou l fè tout sa l vle avè l, li vin esklav bagay sa a. Nenpòt bagay oubyen nenpòt moun w ap swiv, se mèt ou li ye. Ou ka swiv peche, oubyen Bondye. Swiv peche mennen nan lanmò espirityèl, men lè w ap obeyi Bondye, ou vin jis devan li. 17 Nan tan pase, nou te esklav peche, peche te pran kontwòl lavi nou. Men, grenmesi Bondye, nou te obeyi tout ansèyman nou te resevwa yo. 18 Nou te libere soti anba peche. Kounye a, nou se esklav bagay ki byen. 19 M pran egzanp sa a nan lavi chak jou, paske nou bezwen èd pou n konprann bagay espirityèl yo. Nan tan pase, nou te lage kèk pati nan kò nou pou yo te tounen esklav imoralite ak move panse ki pouse moun tonbe nan peche. Sa te lakòz nou t ap viv nan dezobeyisans kont Bondye. Menm jan an tou, nou dwe livre tèt nou kòm esklav pou fè sa ki byen. Rezilta sa va bay se yon lavi ki sen.

20 Nan tan pase, nou te esklav peche, nou pa t menm panse fè sa ki byen. 21 Nou t ap fè sa ki mal, bagay ki fè nou wont jodi a. Kisa nou jwenn nan bagay sa yo? Anyen, yo sèlman pote lanmò. 22 Men kounye a, nou delivre anba peche. Nou vin tounen esklav Bondye. Epi aksyon nou yo se bagay moun k ap viv pou Bondye sèlman. Rezilta sa pote se lavi etènèl. 23 Lè yon moun peche, peche peye l yon salè, se lanmò. Men Bondye bay moun pa li yo yon kado, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.