Add parallel Print Page Options

Pa kritike frè w

14 Byen resevwa moun ki pa gen yon konviksyon solid sou sa yon kwayan dwe fè ak sa l pa dwe fè, san fè lide kritike fason yo panse. Yon moun kwè li ka manje tout bagay,[a] yon lòt menm, ki pa gen yon lafwa solid, li manje legim sèlman. Moun ki manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki pa manje tout bagay; epi menm jan an tou, moun ki pa manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki manje tout bagay la. Paske Bondye aksepte l. Ou menm k ap kritike sèvitè yon lòt moun, kilès ou ye? Kit sèvitè sa a rete kanpe, kit li tonbe, se bagay ki gade mèt li. L ap rete kanpe, paske Senyè a gen pouvwa pou fè l kanpe.

Yon moun ka panse gen jou ki pi enpòtan pase lòt, yon lòt panse tout jou se menm. Chak moun dwe byen sèten sou sa l kwè nan pwòp lespri li. Yon moun ki fè diferans nan jou yo, se pou Senyè a li fè sa. Yon moun ki manje tout kalite manje, se pou Senyè a li fè l, paske li di Bondye mèsi. Moun ki pa manje tout bagay la, se pou Senyè a li fè sa, epi li menm tou, li di Bondye mèsi.

Pa gen pèsòn ki viv oubyen ki mouri pou tèt li ase. Si n ap viv, se pou Senyè a n ap viv. Epi si nou mouri, se pou Senyè a n ap mouri. Kit n ap viv, kit nou mouri, se pwopriyete Senyè a nou ye. Se poutèt sa, Kris te mouri epi li resisite, se pou l ka Senyè moun ki mouri ak moun ki vivan yo.

10 Alò, pou kisa w ap kritike yon frè w oubyen yon sè w? Epi pou kisa w ap meprize yo? Paske nou tout gen pou n parèt devan tribinal Kris la. 11 Paske Bib la di:

“Senyè a di, poutèt mwen vivan toutbon,
tout moun va mete ajenou devan m;
    tout moun va di se Bondye mwen ye.”[b]

12 Konsa, nou tout gen pou n rann kont devan Bondye pou sa nou fè.

Pa lakoz moun fè peche

13 Se pou nou tout sispann kritike youn lòt. Men sa pou n fè pito: Pa mete anyen devan frè nou ou byen devan sè nou pou fè pye l glise oubyen pou pouse l fè sa ki mal. 14 M konnen epi m sèten, nan Jezi Senyè a, pa gen manje ki pa pwòp pou manje. Men si yon moun panse yon bagay pa bon, li vin pa bon pou li.

15 Si w deside manje yon manje ki fè frè w oubyen sè w mal ou p ap viv selon lanmou. Pa detwi lafwa yon moun poutèt yon manje! Kris te mouri poutèt moun sa a. 16 Pa kite sa w panse ki bon pou ou tounen yon rezon pou fè moun kritike w. 17 Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a. 18 Moun k ap sèvi Kris nan fason sa a, l ap fè Bondye plezi epi tout moun ap respekte l.

19 An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou. 20 An n pa kite yon manje detwi travay Bondye. Tout manje bon devan Bondye, men li pa bon pou yon moun manje yon bagay ki fè yon lòt moun peche. 21 Sa ki byen, se pou n pa ta manje vyann, pa bwè diven, pa sèvi ak anyen ki ka fè frè ak sè nou yo peche.

22 Egzamine konviksyon w yo nan kè w sou bagay sa yo devan Bondye. Se yon benediksyon pou moun ki ka fè sa l kwè ki dwat, san l pa santi l koupab. 23 Men, si yon moun gen dout sou sa l ap manje, li tou kondane, paske li pa aji selon lafwa li. Paske tout sa yon moun fè ki pa soti nan yon konviksyon lafwa bay, se yon peche.

Footnotes

  1. 14:2 manje tout bagay Selon Lalwa Jwif yo to, gen kèk manje yon Jwif pa t gen dwe manje. Lè moun sa yo te vin disip Kris, kèk nan yo pa t konprann lè sa yo te gen dwa manje tout kalite manje.
  2. 14:11 Sitasyon sa a soti nan Eza 45:23.