Add parallel Print Page Options

¶ Yon jou, vè twazè konsa nan apremidi, Pyè ak Jan t'ap moute nan tanp lan. Se te lè lapriyè.

Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l' te fèt. Chak jou yo te pote l' bò Bèl Pòt la pou l' te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite.

Li wè Pyè ak Jan ki tapral antre, li mande yo kichòy.

Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: Gade nou.

Nonm lan pran gade yo; li te kwè yo tapral ba l' kichòy.

Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.

Li pran men dwat li, li fè l' kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l' yo vin fèm.

Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l', li pran mache. Li antre nan tanp lan avèk yo, li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap fè lwanj Bondye.

Tout pèp la te wè l' ap mache, ap fè lwanj Bondye.

10 Lè yo wè se te nonm enfim ki te konn chita bò Bèl Pòt la ap mande lacharite a, yo tout te pè. Yo sezi anpil pou sak te rive l' la.

11 Nonm lan pa t' kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an.

12 ¶ Lè Pyè wè sa, li di pèp la: Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n' konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouraj nou osinon paske n'ap sèvi Bondye?

13 Se Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb, Bondye zansèt nou yo k'ap fè lwanj sèvitè li, Jezi. Nou menm, nou te lage l' nan men otorite yo, nou te voye l' jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li.

14 Jezi se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l' jete, nou te pito mande Pilat pou l' te lage yon ansasen ban nou.

15 Se konsa nou touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Nou se temwen tout bagay sa yo.

16 Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l' geri nèt, jan nou ka wè l' la.

17 Enben, koulye a, frè m' yo, mwen rekonèt se konnen nou pa t' konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo, kifè nou te aji konsa avèk Jezi.

18 Men, depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l' soufri. Se konsa sa l' te di a vin rive vre.

19 Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.

20 Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, la voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an.

21 Pou koulye a, Jezi gen pou l' rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l' te fè nou konnen l' lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.

22 Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa la di nou.

23 Nenpòt moun ki p'ap koute pwofèt sa a, se pou yo disparèt li nèt nan mitan pèp Bondye a, se pou yo touye li.

24 Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l' yo, yo tout yo te anonse tan sa a.

25 Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l' te di Abraram: Gremèsi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.

26 Se konsa Bondye fè sèvitè l' la parèt, li voye l' ban nou anvan pou l' beni nou, pou l' fè nou tout kite mechanste nou yo.

Pyè geri yon mandyan ki te estwopye

Yon jou, Pyè ak Jan t ap monte nan Tanp lan vè twazè nan apremidi. Se nan lè sa yo te konn fè lapriyè nan Tanp lan.[a] Vwala te gen yon nonm ki te estwopye depi l fèt ki te bò pòt kote yo t ap antre a. Yo te rele pòt sa a “Bèl pòt la.” Se chak jou yo te pote nonm nan pou yo vin depoze l bò pòt sa a pou l ka mande moun k ap antre nan Tanp lan lacharite. Lè nonm nan wè Pyè ak Jan t apral antre nan Tanp lan, li mande yo lacharite.

Men, Pyè ak Jan gade nonm nan fiks epi Pyè di li: “Gade nou!” Nonm estwopye a gade mesye yo. Li te met nan tèt li yo t apral ba l yon ti kòb. Konsa, Pyè di li: “Mwen pa gen ni lajan ni lò pou m ba ou, men sa m genyen an, se li m ap ba ou. Nan non Jezikris, moun Nazarèt la,[b] leve w mache.”

Apre sa, Pyè pran men dwat nonm estwopye a, li fè l kanpe. Menm kote a, pye li ansanm ak zo nan je pye l yo vin byen fèm. Nonm nan fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l, epi li kòmanse mache. Li antre nan Tanp lan ansanm ak Pyè ak Jan, l ap mache, l ap ponpe, l ap fè lwanj pou Bondye. Tout moun ki te la yo te wè nonm nan ap mache, ap fè lwanj pou Bondye. 10 Yo te wè aklè se te menm nonm sa a ki te konn chita bò Bèl pòt Tanp lan ap mande lacharite a. Sa te fè yo sezi, yo te etone wè sa k pase a.

Pyè pale ak pèp la

11 Depi nonm nan te fin geri a, li pa t janm lache Pyè ak Jan yon may. Tout moun yo te sezi wè sa k te pase a epi yo te vin rasanble devan Pyè ak Jan, anba galeri Salomon an nan Tanp lan.

12 Lè Pyè wè atitid pèp la, li di yo konsa: “Nou menm moun peyi Izrayèl, poukisa nou sezi konsa a pou sa k pase a? Poukisa n ap gade nou kòmsi se ta nou menm ak pwòp puisans pa nou nou fè nonm nan leve mache, osinon paske nou bon devan je Bondye? 13 Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l. 14 Nou te rejte Jezi, moun Bondye te chwazi a epi ki te mennen bak li byen devan Bondye. Nou te pito mande Pilat pou l lage yon kriminèl[c] ban nou olye pou l ta lage Jezi. 15 Se konsa nou te touye Jezi, li menm ki bay lavi. Men Bondye te fè l leve soti vivan pami mò yo. Nou menm nou se temwen tout bagay sa yo.

16 Se lafwa nan Jezi ki fè nonm sa a nou wè la a, nonm nou tout konnen ki te paralize a, jwenn gerizon. Se lafwa nan Jezi ki fè l geri nèt konsa a epi l ap mache devan je nou tout.

17 Frè m yo, mwen rekonèt nou te touye Jezi, paske ni nou menm ni otorite nou yo pa t konnen sa nou t ap fè a byen. 18 Men, Bondye te gentan anonse tout bagay sa yo deja pa mwayen pwofèt li yo depi lontan. Li te gentan di Kris la te gen pou l soufri epi mouri, se bagay sa yo ki rive vre. 19 Kidonk, nou dwe chanje lide nou parapò ak jan nou t ap mennen bak nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka padone peche nou yo. 20 Lè sa a, Bondye va ban nou repo espirityèl pou nanm nou devan Li. L ap voye Jezikris, moun Bondye chwazi a, ban nou ankò.

21 Men, li nesesè pou Jezi rete nan syèl la jouktan lè a rive pou Bondye Papa a restore yon relasyon ki dwat ant Bondye ak limanite. Bondye te pale de gran restorasyon sa a depi byen lontan deja nan bouch pwofèt li yo. 22 Sou koze sa a, men sa Moyiz te ekri: Senyè Bondye nou an ap voye yon pwofèt ban nou menm jan li te voye m nan. Se youn nan pami nou l ap ye. Nou fèt pou n bay tout pawòl li di nou yo valè. 23 Nenpòt moun ki refize koute pwofèt sa a, y ap touye li. Y ap retire li nèt pami pèp Bondye a.[d]

24 Depi pwofèt Samyèl, pase pran tout lòt pwofèt ki te vin apre l yo, yo tout te anonse tan sa t ap vini. 25 Mesaj sa yo Bondye te fè pwofèt li yo anonse, se pou nou menm moun Izrayèl yo ye, epi tou nou gen pòsyon pa nou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Men sa Bondye te di Abraram: Akoz pitit ou yo, tout fanmi sou latè va jwenn benediksyon.[e] 26 Se konsa Bondye voye Jezi, sèvitè l la. Li voye l ban nou an premye, pou l beni nou epi pou l fè nou kite move fason nou t ap viv la.”

Footnotes

  1. 3:1 Nan tan ansyen yo, Jwif yo te genyen twa moman pou yo te priye. Gen moun ki panse se te a nevè nan maten, a midi, epi a twazè nan apremidi. Gen lòt moun menm ki panse moman yo te pi jeneral (maten, apremidi epi aswè), epi lè sezon yo te chanje, moman sa yo te chanje tou. Gade nan Sòm 55:17 epi Dan 6:10.
  2. 3:6 moun Nazarèt la Oubyen “Nazareyen an”, se te yon moun ki te rete nan lavil Nazarèt. Se yon non ki sonnen tankou yon mo Ebre ki vle di “branch”. Konsa, li posib pou se yon alizyon yo fè ak pwomès pou yon branch nan fanmi David. Gade nan Eza 11:1; Jer 23:5; 33:15; Zak 3:8; 6:12.
  3. 3:14 kriminèl Jwif yo te pito chwazi Barabas nan plas Jezi. Gade nan Lik 23:18.
  4. 3:23 Sitasyon sa a soti nan Det 18:15, 19.
  5. 3:25 Sitasyon sa a soti nan Jen 22:18; 26:24.