Add parallel Print Page Options

Pòl nan Efèz

19 Pandan Apolòs te Korent, Pòl menm t ap vizite yon bann kote pandan l sou wout pou l desann Efèz. Lè l rive Efèz, li rankontre ak kèk lòt moun ki kwè nan Jezikris. Li di yo: “Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te mete konfyans nou Kris la?” Kwayan yo reponn: “Nou pa menm janm tande pale de yon bagay ki rele Sentespri.”

Lè sa a, Pòl mande yo: “Ki batèm menm nou te resevwa?” Yo reponn: “Batèm Jan t ap preche a.”

Konsa, Pòl di yo: “Jan te preche yon batèm ki te di moun pou yo montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Li te di moun yo pou yo mete konfyans yo nan moun k ap vin apre l la, epi moun sa a se Jezi.”

Menm kote yo fin tande mesaj la, yo tout resevwa batèm nan non Senyè Jezi. Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo epi Sentespri a desann sou yo. Lapoula, yo kòmanse pale an lang epi yo t ap pwofetize tou. Te gen douz mesye konsa nan gwoup la.

Pòl te ale nan Sinagòg la kote l t ap pale avèk anpil asirans. Li te kontinye fè sa pandan twa mwa. Chak okazyon li te jwenn pou l diskite ak Jwif yo, li t ap eseye konvenk yo pou yo aksepte mesaj li t ap anonse yo konsènan wayòm Bondye a. Men, gen ladan yo ki t ap fè tèt di, yo te refize kwè. La devan tout moun, yo t ap di yon pakèt move pawòl konsènan Chemen Kris la. Konsa, Pòl vire do kite Jwif yo; li sèlman pran disip ki te kwè yo ansanm avèk li. Depi lè sa a, se nan lokal lekòl Tiranis la Pòl te pale ak pèp la chak jou. 10 Pòl te fè travay sa a pandan dezan. Pandan tan sa a, tout moun nan rejyon Lazi a, Jwif tankou Grèk, te tande mesaj Bòn Nouvèl Bondye a.

Pitit gason Seva yo

11 Bondye te sèvi ak Pòl pou l fè kèk gwo mirak. 12 Gen moun ki pran mouchwa osinon moso twal ki te touche kò Pòl, y al mete yo sou moun malad. Malad yo te geri epi sa k te gen move lespri menm, move lespri yo te soti sou yo.

13 Te gen yon ekip Jwif ki t ap vwayaje nan zòn nan, epi yo t ap chase move lespri sou moun nan non Senyè Jezi. Yo t ap di: “Nan non Jezikris Pòl ap preche a, mwen kòmande w pou w soti!” 14 Te gen pi gran sakrifikatè Jwif yo te rele Seva a, li te gen sèt pitit gason ki te konn ap fè bagay sa a.

15 Yon jou, move lespri a di pitit Seva yo konsa: “M konnen kilès Jezi ye, m konnen kilès Pòl ye tou, men nou menm, kilès nou ye?”

16 Apre sa, nonm ki te gen move lespri sou li a plonje sou mesye yo. Li rive metrize yo tout. Se chifonnen l chifonnen mesye yo ak kou epi l chire rad sou yo. Se kouri mesye yo kouri kite kay la toutouni.

17 Tout moun Efèz te vin konn koze a, Jwif tankou Grèk. Sa te fè yo vin gen lakrent epi yo te fè lwanj pou Senyè Jezi. 18 Anpil nan moun ki te kwè yo te kòmanse konfese move bagay yo te konn fè. 19 Yo t ap temwanye jan yo te konn fè maji. Kwayan sa yo te pote liv maji yo vini epi boule yo devan tout moun. Tout liv ki te boule yo ansanm te vo yon senkant mil (50,000) pyès lajan[a] konsa. 20 Se konsa mesaj Bòn Nouvèl Bondye a t ap kontinye gaye avèk puisans, epi sa te fè plis moun t ap vin mete konfyans yo nan Jezikris.

Pòl fè plan pou yon vwayaj

21 Apre bagay sa a, Pòl fè plan pou l monte Jerizalèm. Li te planifye pou l pase pa Masedwàn ak Lakayi anvan l pati pou ale Jerizalèm. Li te menm di tèt li: “Apre m fin vizite Jerizalèm, fò m vizite lavil Wòm tou.” 22 Pòl voye Timote ak Eras, de nan moun ki t ap ede l yo, ale Masedwàn, tandiske li menm li te rete pou yon ti tan ankò nan Lazi.

Manifestasyon nan Efèz

23 Pandan tan sa a, te vin gen gwo latwoublay nan Efèz konsènan Chemen Kris la. 24 Yon òfèv yo te rele Demetriyis te konn fè ti tanp an lajan sou menm modèl tanp yo te bati pou deyès yo te rele Atemis la. Demetriyis, ansanm ak bòs ki te konn travay ak li yo, yo te konn fè anpil lajan nan travay sa a.

25 Demetriyis rasanble tout bòs ki te avè l yo ansanm ak tout lòt moun ki te gen menm metye òfèv la tou, li di yo: “Mesye, nou konnen se travay sa n ap fè a ki fè nou fè lajan, pa vre? 26 Epoutan, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou tou kijan nonm yo rele Pòl la ap fè kanpay kont nou. L ap ankouraje foul la pou yo chanje relijyon yo. Se pa sèlman nan Efèz, men se nan tout rejyon Lazi a nèt l ap mache di dye moun fè ak men yo se pa Bondye yo ye vre. 27 Sa riske kraze repitasyon nou tout ki se òfèv, epi sa riske fè tanp Atemis la pèdi repitasyon l tou nan je pèp la. Menm Atemis, deyès tout moun nan Lazi ak tout moun ap adore a, ka rive pèdi repitasyon l tou.”

28 Tande yo fin tande Demetriyis, tout òfèv yo te vin ankòlè, yo pran rele: “Atemis moun Efèz yo ap sèvi a se yon gran deyès.” 29 Dezòd la te gaye nan tout vil la nèt. Apre yo fin mete men sou Gayis ansanm ak Aristak, ki se moun peyi Masedwàn ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la. 30 Pòl te vle parèt devan pèp la pou pale avèk yo, men kwayan yo te anpeche l fè sa, paske yo pa t dakò. 31 Te gen kèk nan chèf Lazi yo ki te zanmi Pòl, yo voye moun vin pote mesaj bay Pòl pou di l tanpri pa vin nan teyat la ditou.

32 Nan foul la menm, te gen enpe moun ki t ap lanse yon slogan bò isit, yon lòt gwoup menm ap lanse yon lòt slogan bò lòtbò. Sa te kreye yon konfizyon total nan foul la. Pi fò moun ki te la yo pa t menm konnen pou kisa yo te reyini. 33 Kèk Jwif te chwazi yon nonm yo te rele Aleksann, epi ankouraje l pase devan, pou l pale ak foul la; se yo menm tou ki te di l sa pou l di. Aleksann fè yon siy ak men li, li te vle pran lapawòl pou pran defans Jwif yo devan foul la. 34 Men, lè yo reyalize Aleksann se Jwif tou, yo tout tonbe fè bri; pandan dezèdtan, yo t ap rele byen fò: “Atemis moun Efèz yo se yon gran deyès.”

35 Men, finalman, sekretè lakomin nan te rive konvenk foul la pou yo fè silans. Li di yo: “Nou menm moun Efèz, ki moun ki pa konnen se lavil Efèz k ap veye sou tanp Atemis lan, gran nègès nou an, ansanm ak estati l la, yon wòch ki sot tonbe nan syèl la? 36 Pa gen pèsonn ki ka di se pa vre. Enben, se pou n pran tèt nou. Pa gen rezon la pou n ap fè anyen nan tèt cho.

37 Nou mennen mesye sa yo[b] vin la a se vre, men yo pa vòlè anyen nan tanp yo, ni yo pa pale deyès nou an mal. 38 Bò isit la, nou gen tribinal epi nou gen jij ki pou fè jijman. Si Demetryis ak ekip ouvriye l yo gen yon bagay kont yon moun, se pou yo pote plent nan tribinal.

39 Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon toujou nou vle fè, n ap tann lè gen yon asanble legal reyini pou nou regle sa. 40 Mwen di sa paske nenpòt moun ki wè sa k pase jodi ta gen dwa akize nou kòm moun k ap fè mouvman kont gouvènman an. Paske pa gen okenn rezon vre pou tout dezòd sa a. Nou pa t ap ka bay okenn eksplikasyon pou rasanbleman sa a si yo ta mande nou.” 41 Apre sekretè a fin pale konsa, li mande tout moun yo pou yo rantre lakay yo.

Footnotes

  1. 19:19 pyès lajan Petèt se te yon drakma Grèk yo te konn sèvi. Yon drakma se te kòb yo te konn peye an mwayèn pou yon jounen travay.
  2. 19:37 mesye sa yo Gayis ak Aristak, de mesye k t ap vwayaje ansanm ak Pòl yo.