Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explore
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Tit 3  Haitian Creole Version

3 ¶ Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen.

2 Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun.

3 Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.

4 Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun,

5 li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan.

6 Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou.

7 Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an.

8 Sa se pawòl sèten. Mwen ta renmen ou peze sou bagay sa yo anpil pou tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye ka okipe tout tan yo ap fè sa ki byen. Se bagay konsa ki bon, ki kapab sèvi tout moun.

9 ¶ Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sèvi anyen, yo pa vo anyen.

10 Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l' yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li.

11 Paske ou konnen byen yon moun konsa fin pèdi. Sè pwòp peche li yo k'ap kondannen li.

12 Lè m'a voye Atemas osinon Tichik ba ou, fè posib ou pou ou vin jwenn mwen lavil Nikopolis, paske se la mwen fè lide pase sezon fredi a.

13 Fè sa ou kapab pou mèt Zenas, avoka a, ansanm ak Apolòs, pou yo pa manke anyen pou vwayaj yo a.

14 Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen.

15 Tout moun ki avè m' yo voye bonjou pou ou. Di tout zanmi nou nan lafwa yo bonjou. Mwen mande pou Bondye ban nou tout favè li.

Next
Tit 2
Filemon 1
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences