Add parallel Print Page Options

Bon jan fason pou moun viv

Fè kretyen yo sonje yo dwe soumèt anba tout chèf ak tout otorite. Se pou yo obeyisan epi toujou pare pou fè tout sa ki byen. Kretyen pa dwe rakonte move bagay sou do moun. Yo dwe viv an pè ak tout moun. Se pou yo janti epi respekte tout moun.

Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.

Men, lè Bondye, Sovè nou an, te fè parèt aklè pou nou
    bonte l ak lanmou l pou tout moun,
li te sove nou, paske li fè nou gras.
    Se pa paske nou te fè anyen pou sa.
Li te lave peche n yo fè n vin pwòp,
    li ban nou nouvo lavi
    pa mwayen Sentespri a. Se tankou nou te fèt yon lòt fwa.
Bondye vide Sentespri a sou nou avèk abondans
    pa mwayen Jezikris, Sovè nou an.
Nan gras li, Bondye libere nou soti anba peche
    epi Bondye adopte nou.
Tout sa rive, pou nou kapab vin pitit Bondye,
    moun k ap tann lavi etènèl, dapre pwomès li fè yo.

Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi konsa ki bon epi itil pou tout moun.

Men, kanpe lwen tout moun k ap fè vye diskisyon ki pa gen sans, moun k ap fè lis zansèt pou pwouve sa y ap di. Kanpe lwen tout moun k ap simen latwoublay oubyen k ap fè diskisyon sou zafè ki konsènen Lalwa Moyiz la. Diskisyon sa yo pas itil anyen, yo p ap ede pèsòn. 10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman, wete kò w kote moun k ap simen divizyon. 11 Yon moun konsa, se yon moun ki pran move chemen, se peche l ap komèt yo menm k ap kondane l.

Dènye enstriksyon ak salitasyon

12 M ap voye Atemas oubyen Tichik ba ou. Lè nenpòt nan yo rive, fè tout sa w kapab pou w vin jwenn mwen nan Nikopolis. Mwen deside se la m ap pase livè a lane sa a. 13 Fè sa w kapab pou ou byen ede Zenas, se yon avoka li ye, ansanm ak Apolòs. Pa kite yo manke anyen pou vwayaj yo. 14 Moun pa nou yo dwe aprann gen anpil zèl nan fè sa ki byen pou ede moun ki gen bezwen ki paka tann. Konsa, y ap mennen yon lavi ki gen yon bon enfliyans nan kominote a.

15 Tout moun ki isit avè m yo voye salye nou. Salye zanmi nou yo nan lafwa ki bò kote pa w yo.

Gras Bondye avèk nou tout!