Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read the Bible
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study Tools
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explorer More
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Bible Gateway Blog
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Rit 2  Haitian Creole Version

2 ¶ Naomi te gen yon fanmi mari l' yo te rele Bòz. Se te yon nonm ki te rich epi ki te grannèg. Li te fè pati menm branch fanmi ak Elimelèk, defen mari Naomi an.

2 Rit, fanm peyi Moab la, di Naomi konsa: -Kite m' ale nan jaden yo pou m' ranmase tèt lòj moun k'ap ranmase rekòt yo kite tonbe atè. M'a jwenn yon moun ki va kite m' ranmase nan jaden li. Naomi reponn li: -Ale non, mafi.

3 Se konsa, Rit leve, li al nan jaden yo, li pran mache dèyè travayè yo, li t'ap ranmase tèt lòj yo te kite tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk la.

4 ¶ Li te la depi kèk tan lè Bòz rive soti Betleyèm. Li di travayè yo bonjou, li di yo: -Seyè a avèk nou! Yo reponn li: -benediksyon Seyè a avè ou tou!

5 Bòz mande kontwòlè a: -Ki jenn ti madanm sa a?

6 Nonm lan reponn: -Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Naomi lè li te tounen soti nan peyi Moab.

7 Li te mande m' pou m' kite l' mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l' la a depi maten. Li fèk sispann pou l' pran yon ti repo anba tonèl lan la a.

8 Lè sa a, Bòz di Rit konsa: -M'ap ba ou yon ti konsèy, tande, mafi. Ou pa bezwen ale nan lòt jaden pou ranmase tèt lòj. Ou mèt rete nan jaden sa a, bò medam yo ki isit la.

9 Gade tout kote y'ap travay nan jaden an, fè dèyè yo, rete ak yo. Mwen bay mesye m' yo lòd pou yo pa anbete ou. Chak fwa w'a swaf dlo, ou mèt al bwè nan kannari yo plen pou sa.

10 Rit bese tèt li jouk atè devan Bòz. Li di l' konsa: -Poukisa w'ap bay kò ou tout traka sa a pou mwen? Poukisa w'ap fè tout bagay sa a pou yon moun ki pa menm ras avè ou?

11 Bòz reponn li: -Yo di m' tou sa ou te fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun lan, ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa t' janm konnen anvan.

12 Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!

13 Rit reponn li: -Ou pa konn sa ou fè la a pou mwen, msye! Jan ou pale byen avè m' la a, sa ban m' kouraj, malgre mwen pa vo yonn nan medam k'ap sèvi avè ou yo.

14 Lè lè pou yo manje a rive, Bòz di Rit konsa: -Pwoche non! Pran yon moso pen, tranpe l' nan sòs vinèg la pou ou manje! Se konsa Rit vin chita ansanm ak lòt travayè yo. Bòz te ba li kèk grenn lòj griye tou. Rit manje plen vant li, epi rès manje ki te rete a, li sere l'.

15 Lè Rit leve al ranmase, Bòz bay travayè yo lòd sa a: -Nou mèt kite l' ranmase grenn menm kote pakèt mare yo ye a. Pa chache l' kont.

16 Okontrè, rache kèk tèt nan pakèt mare yo, lage yo atè pou l' ka ranmase. Pa di l' anyen, tande!

17 ¶ Se konsa Rit rete ranmase grap lòj nan jaden an jouk solèy kouche. Lè li fin bat tèt lòj yo, li jwenn sa ki te manke l' pou l' te gen vennsenk ti mamit la pa t' anyen.

18 Li pran grenn lòj li yo, li tounen lavil, li moutre bèlmè li tou sa li te ranmase. Li ba li tou rès manje ki te rete lè l' te fin manje a.

19 Naomi mande l': -Kote ou ranmase tout lòj sa a jòdi a? Nan jaden ki moun ou t'ap travay, en? Se pou Bondye beni moun ki fè sa pou ou a! Lè sa a, Rit di bèlmè li konsa li t'ap travay nan jaden yon msye yo rele Bòz.

20 Naomi di bèlfi li a: -benediksyon Seyè a pou Bòz! Wi. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Naomi di ankò: -Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an.

21 Lè sa a, Rit di konsa: -Men sa l' di m' ankò: Se pou m' rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini.

22 Naomi reponn li: -Wi, pitit mwen! Pito ou rete travay avèk medam yo nan jaden Bòz la, tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou.

23 Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou.

Next
Rit 1
Rit 3
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences