Add parallel Print Page Options

144,000 moun nan pèp Izrayèl la

Apre sa, mwen wè kat anj kanpe nan kat kwen latè. Anj sa yo te kenbe van ki soti nan kat direksyon latè a nan men yo. Yo fè sa pou van pa soufle ditou, ni sou latè, ni sou lanmè, ni sou okenn pyebwa. M wè yon lòt zanj ki soti bò kote solèy leve, li te gen sa Bondye vivan an nan men l. Li rele kat anj ki te resevwa lòd pou fè latè ak lanmè a mal, li di yo: Pa fè ni tè a, ni lanmè a, ni pyebwa yo anyen ki mal, jouktan nou fin make fon sèvitè Bondye yo avèk sa a.

M te tande kantite moun ki te make ak sa a: Yo te sankarannkat mil moun, yo soti nan tout ras fanmi pèp Izrayèl la.

Pou ras fanmi Jida se 12,000

Pou ras fanmi Riben se 12,000

Pou ras fanmi Gad se 12,000

Pou ras fanmi Azè se 12,000

Pou ras fanmi Neftali se 12,000

Pou ras fanmi Manase se 12,000

Pou ras fanmi Simeyon se 12,000

Pou ras fanmi Levi se 12,000

Pou ras fanmi Isaka se 12,000

Pou ras fanmi Zabilon se 12,000

Pou ras fanmi Jozèf se 12,000

Pou ras fanmi Benjamen se 12,000

Gran foul la

Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo. 10 Yo t ap rele byen fò, yo t ap di:

“Viktwa a se pou Bondye nou an li ye,
    li menm ki chita sou twòn nan,
    ansanm avèk Ti Mouton an.”

11 Tout anj yo te fè yon sèk toutotou twòn nan, ansanm ak granmoun yo, ak kat kreyati vivan yo tou. Yo te koube fas a tè devan twòn nan, yo t ap adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”

13 Lè sa a, youn nan granmoun yo mande m: Moun sa yo ki abiye ak wòb blan yo, ki moun yo ye? Kote yo soti?

14 M te reponn: “Senyè m, se ou k ka konnen.” Li di: “Se moun ki soti nan grann tribilasyon an.” Yo lave wòb yo,[a] yo fè yo byen blan nan san Ti Mouton an.

15 Se poutèt sa, moun sa yo devan twòn Bondye a. Y ap adore li nan tanp lan lajounen kou lannuit. Moun ki chita sou twòn nan ap ba yo pwoteksyon lakay li. 16 Yo p ap janm grangou ankò, yo p ap janm swaf ankò, solèy la p ap boule yo ankò, ata gwo chalè p ap frape yo. 17 Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.

Footnotes

  1. 7:14 Yo lave wòb yo Sa vle di yo kwè nan Jezi, sa fè yo vin pwòp, peche yo netwaye pa mwayen sakrifis la. Gade nan Rev 5:9; Ebre 9:14; 10:14-22; Trav 22:16; 1 Jan 1:7.