Add parallel Print Page Options

Fanm ki chita sou bèt la

17 Youn nan sèt anj ki te kenbe sèt koup yo avanse sou mwen epi li di m: “Vini. M pral montre w jijman gwo pwostitye a ki chita sou anpil dlo a. Se ak pwostitye sa a wa sou latè yo livre kò yo nan peche seksyèl yo. Epitou tout moun k ap viv sou latè fin soule tèt yo ak diven pwotitisyon li.”

Anj lan mennen m nan yon dezè, pa mwayen Sentespri a. Lè m rive la, mwen wè yon fanm chita sou yon bèt tou wouj. Tout kò l te kouvri ak vye pawòl pou joure Bondye. Li te gen sèt tèt ak dis kòn. Fanm nan te gen yon rad mov ak wouj sou li. Li te chaje ak bijou an ò, ak wòch tout kalite koulè ki gen anpil valè ansanm ak anpil grenn pèl. Li te gen yon koup an ò nan men l ki te plen ak aksyon abominab ak tout bagay sal yon pwostitye gen nan lavi l. Fanm nan te gen yon non ekri sou fon l. Non sa a gen yon sans sekrè. Men non an:

Gwo lavil Babilòn nan

manman tout pwostitye yo

ansanm ak tout move zak sou latè

M gade, m wè fanm nan te sou. Li te sou avèk san pèp Bondye a li te bwè. Li sou avèk san moun k ap rann temwanyaj pou Jezi yo. Lè m te wè fanm nan, mwen te sezi anpil.

Lè sa a, anj lan di m konsa: “Pou kisa w sezi konsa? M ap di w sekrè fanm nan ansanm ak bèt li monte a, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn nan. Bèt ou wè a, yon tan li te egziste, men li pa egziste ankò. Li gen pou l monte sot nan twou san fon an epi y ap detwi l. Moun k ap viv sou latè va sezi lè yo va wè bèt la, paske gen yon lè l te vivan, li te vin p ap viv ankò, epi li gen pou l vini ankò. Moun sa yo, se moun ki pa t janm gen non yo ekri nan liv lavi a depi mond lan te kòmanse.

Ou bezwen sajès pou w konprann sa. Sèt tèt yo se sèt mòn kote fanm nan chita. Se sèt wa yo ye tou. 10 Senk nan yo gentan mouri. Youn nan yo la kounye a, epi dènye wa a ap vini. Lè l vini, l ap fè yon ti tan tou kout. 11 Bèt ki te la nan tan pase a, epi ki pa la ankò a, limenm se yon uityèm wa. Epi li se youn nan sèt wa yo tou. Epi l ap genyen pou l detwi nèt.

12 Dis kòn ou wè yo, se dis wa ki pako jwenn wayòm pa yo. Men y ap jwenn pouvwa pou gouvène ansanm ak bèt la pou inèdtan. 13 Tout wa sa yo gen yon sèl objektif: sèvi ak pouvwa yo pou fè sèvis bèt la. 14 Y ap batay ak Ti Mouton an, men Ti Mouton an ap kraze yo, paske li se Senyè sou tout SENYÈ, Wa sou tout wa yo. Epi l ap gen moun pa l yo avè l, disip ki rete fidèl avè l yo, moun li te chwazi pou moun pa l yo.”

15 Lè sa a, anj lan di m konsa: “Bann dlo ou wè kote pwostitye a chita a, dlo sa yo se pèp, se plizyè ras, se plizyè nasyon ak plizyè lang ki nan mond lan. 16 Dis kòn ou wè yo, ansanm ak bèt la, ap rayi pwostitye a. Y ap pran tout sa pwostitye a genyen, y ap kite l toutouni. Y ap manje tout vyann sou kò l epi y ap boule l nan dife nèt. 17 Se Bondye ki mete nan kè yo pou yo fè sa, pou l rive atenn objektif li, yon sèl objektif: mete pouvwa yo nan sèvis bèt la, jouktan pawòl Bondye yo fin reyalize. 18 Fanm ou te wè a, se gwo vil ki gen pouvwa sou wa ki sou latè a.”