Add parallel Print Page Options

Bèt ki soti nan lanmè a

13 Apre sa, m wè yon bèt monte soti nan lanmè a. Li te gen dis kòn ak sèt tèt. Te gen yon kouwòn sou chak kòn. Epi sou chak tèt te gen yon non pou joure Bondye. Bèt mwen wè a te sanble ak yon leyopa. Pat li yo te menm jan ak pat yon lou epi bouch li te menm jan ak bouch yon lyon. Dragon an bay bèt sa a puisans li a, twòn li ak yon gran pouvwa.

Youn nan tèt bèt la te blese prèt pou mouri. Men kote l te blese prèt pou mouri a geri. Tout moun sou latè t ap admire epi t ap swiv bèt sa a. Tout moun t ap adore dragon an, paske l te bay bèt la pouvwa a. Tout moun t ap adore bèt la tou, yo t ap di: “Kilès ki menm jan ak bèt la? Kilès ki ka batay ak li?”

Bèt la te jwenn otorizasyon pou l di yon bann pawòl plen ak lògèy ansanm ak yon seri pawòl pou joure Bondye. Li te jwenn pouvwa pou l aji pandan 42 mwa. Bèt la te ouvè bouch li epi li t ap joure Bondye: Li joure non Bondye, joure kote Bondye rete a ansanm ak tout sa ki rete nan syèl la. Li te jwenn pouvwa pou l goumen ak moun ki apa pou Bondye yo ak pouvwa pou l ranpòte laviktwa sou yo. Li te jwenn pouvwa sou tout tribi, tout ras moun, sou tout lang ak sou tout peyi. Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.

Nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande
    ta dwe tande sa:
10 Si yon moun te dwe al nan prizon,
    fòk li al nan prizon.
Yon moun yo te dwe touye ak nepe,
    y ap touye l ak nepe.

Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo dwe gen pasyans ak lafwa.

Bèt ki soti anba tè a

11 Apre sa, m wè yon lòt bèt ki soti monte anba tè a. Li te genyen de kòn menm jan ak Ti Mouton an, men li pale menm jan ak yon dragon. 12 Bèt sa a kanpe devan premye bèt la, li fè tout sa premye bèt la te fè ak menm puisans lan. Li te fòse latè ak tout moun k ap viv ladan l fè yo adore premye bèt la, bèt ki te blese prèt pou mouri a epi ki te geri a. 13 Dezyèm bèt sa a te fè yon bann gwo mirak. Li te menm fè dife soti nan syèl la tonbe sou latè, devan je tout moun.

14 Se konsa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a. 15 Dezyèm bèt la te jwenn pouvwa pou l mete lavi nan estati premye bèt la, pou fè l pale epi pou fè touye tout moun ki pa ta vle adore l. 16 Dezyèm bèt la te egzije tout moun pote yon mak sou men dwat yo oubyen sou fon yo, kit ou te timoun kit ou te granmoun, kit ou te rich kit ou te pòv, kit ou te esklav kit ou te lib. 17 Pou yon moun vann oubyen achte yon bagay, fòk li pote mak sa a: Mak sa a, sete non bèt la oubyen nimewo non l.

18 Men sa ki rele sajès: Moun ki gen sajès va kalkile nimewo bèt la, se nimewo yon gason. Nimewo a se 666.