Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explore
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Resansman 12  Haitian Creole Version

12 ¶ Moyiz te marye ak yon fanm peyi Etiopi. Miryam ak Arawon t'ap pale Moyiz mal sou sa.

2 Yo t'ap di konsa: -Eske se sèlman Moyiz Seyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou? Seyè a tande sa yo t'ap di a.

3 Men Moyiz se yon nonm ki pa t' grandizè. pa t' gen pase l' sou latè.

4 ¶ Seyè a rete konsa li pale ak Moyiz, Arawon ak Miryam, li di yo: -Nou twa sa yo, soti non. Ale nan Tant Randevou a. Yo twa a ale vre.

5 Seyè a desann nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto. Li kanpe nan papòt tant lan, li rele Arawon ak Miryam ki pwoche vin jwenn li.

6 Li di yo konsa: -Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l' wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l'.

7 Men, se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m' lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la.

8 Mwen pale avè l' aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l' wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m' lan, mal?

9 Seyè a te fè yon sèl fache sou yo, epi l' ale.

10 ¶ Nwaj la leve anwo tant lan, l' ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l' vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li.

11 Arawon di Moyiz konsa: -Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pa t' la!

12 Tanpri, pa kite Miryam tounen tankou yon tibebe ki fèt tou mouri ak tout mwatye nan kò l' manje.

13 Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l' konsa: -Bondye, tanpri, geri l' non!

14 Men, Seyè a di Moyiz: -Si se te papa l' ki te krache nan figi l', li t'ap blije pote wont la pandan sèt jou, pa vre? Enben, se pou yo fèmen l' pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Apre sa, y'a kite l' tounen.

15 Yo fèmen Miryam pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Pèp la pa t' leve pati toutotan yo pa t' kite Miryam tounen nan kan an ankò.

16 Apre sa, pèp la kite Azewòt kote yo te ye a, yo pati al moute tant yo nan dezè Paran an.

Next
Resansman 11
Resansman 13
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences