Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explore
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Oze 12  Haitian Creole Version

12 ¶ Pèp Efrayim lan ap fè yon bann bagay ki p'ap rapòte yo anyen. Y'ap kouri siyen kontra ak moun k'ap fini ak yo. Tout lajounen y'ap plede bay manti sou manti. Se fè mechanste. Yo fè kontra avèk peyi Lasiri, y'ap fè kòmès lwil avèk peyi Lejip.

2 Seyè a gen yon kont pou l' regle ak moun Jida yo tou. Li pral pini moun Jakòb yo dapre ajisman yo. Li pral fè yo peye sa yo fè a.

3 Depi nan vant manman l', Jakòb, zansèt yo, t'ap goumen ak Ezaou, frè jimo li a. Lè li vin gran li goumen ak Bondye.

4 Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l'. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l'.

5 Se te Seyè ki gen tout pouvwa a. Seyè, se konsa yo rele li.

6 Konsa, nou menm pitit pitit Jakòb yo, tounen vin jwenn Bondye nou. Pa janm sispann renmen l'. Fè sa ki dwat devan je li. Pran pasyans! Toujou konte sou Bondye.

7 ¶ Seyè a di ankò: -Moun Izrayèl yo tankou moun Kanaran yo. Y'ap sèvi avèk fo mamit. Yo renmen fè mache nwa.

8 Y'ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pesonn pa ka di nou te fè ankenn bagay mal pou n' gen tout lajan sa a!

9 Men, mwen menm, se Seyè a, Bondye nou an mwen ye. Se mwen ki te mennen nou depi lè nou te moute kite peyi Lejip la. M'a pral fè nou rete anba tant twal ankò, jan nou te konn fè l' lè mwen te vin jwenn nou nan dezè a.

10 Mwen te pale ak pwofèt yo. Se mwen ki fè yo fè anpil vizyon. Mwen fè yo bay pèp la anpil avètisman pou mwen.

11 Pèp la ap adore zidòl lavil Galarad. Men, sa p'ap sèvi yo anyen. Y'ap ofri towo bèf lavil Gilgal. Men, lotèl yo ap tounen pil wòch nan jaden y'ap pare.

12 Jakòb, zansèt nou an, te blije al kache nan peyi Aram. Lè l' te la, li te travay pou moun pou l' te ka jwenn yon fanm pou l' marye. Wi, li te fè metye gadò mouton pou l' te ka jwenn yon fanm.

13 Seyè a voye yon pwofèt pou fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip. Li fè menm pwofèt la pran swen yo.

14 Men, pèp Efrayim lan te fè bagay ki te fè Seyè a fache anpil. Se poutèt sa, l'ap fè yo peye krim yo fè a. L'ap fè yo peye wont yo te fè l' wont la.

Next
Oze 11
Oze 13
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences