Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read the Bible
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study Tools
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explorer More
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Bible Gateway Blog
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Neemi 7  Haitian Creole Version

7 ¶ Lè nou te fin rebati miray la, nou moute gwo batan pòtay yo. Nou bay gad tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè.

2 Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pa t' gen tankou l'.

3 Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs le solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouy bò lakay yo.

4 Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pa t' gen anpil moun ki t'ap viv ladan l'. Yo pa t' ankò rebati anpil kay.

5 ¶ Bondye mete nan tèt mwen lide pou m' sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m' fè yon resansman, fanmi pa fanmi. N' al tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m' te jwenn

6 lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.

7 Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:

8 Nan fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz (2.172) moun,

9 nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (372) moun,

10 nan fanmi Arak yo, sisansenkannde (652) moun,

11 nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demil wisandiswit (2.818) moun,

12 nan fanmi Elam yo, mil desansenkannkat (1254) moun,

13 nan fanmi Zatou yo, witsankarannsenk (845) moun,

14 nan fanmi Zakayi yo, sètsansousant (760) moun,

15 nan fanmi Bennwi yo, sisankaranntwit (648) moun,

16 nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwit (628) moun,

17 nan fanmi Azgad yo, demil twasanvennde (2.322) moun,

18 nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsèt (667) moun,

19 nan fanmi Bigwayi yo, demil swasannsèt (2.067) moun,

20 nan fanmi Aden yo, sisansenkannsenk (655) moun,

21 nan fanmi Atè yo, katrevendizwit moun, (Anvan sa, Atè te rele Ezekyas)

22 nan fanmi Achoum yo, twasanvenntwit (328) moun,

23 nan fanmi Betsayi yo, twasanvennkat (324) moun,

24 nan fanmi Arif yo, sandouz (112) moun,

25 nan fanmi Gabawon yo, katrevenkenz moun.

26 Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm ak pou lavil Netofa, sankatreventwit (188) moun,

27 pou lavil Anatòt, sanvenntwit (128) moun,

28 pou lavil Azmavèt, karannde moun,

29 pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa (743) moun,30 pou lavil Rama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun,31 pou lavil Mikmas, sanvennde (122) moun,32 pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa (123) moun,33 pou lavil Neba, senkannde moun,34 pou lòt lavil Elam lan, mil desansenkannkat (1.254) moun,35 pou lavil Arim lan, twasanven (320) moun,36 pou lavil Jeriko yo, twasankarannsenk (345) moun,37 pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen (721) moun,38 pou lavil Sena, twamil nèfsantrant (3.930) moun.

39 Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja ki te soti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun,

40 nan pitit Imè yo, mil senkannde (1.052) moun,

41 nan pitit Pachou yo, mil desankarannsèt (1.247) moun,

42 nan pitit Arim yo, mil disèt (1.017) moun.

43 Men lis moun Levi ki te tounen yo: Te gen swasannkatòz moun nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl ki soti nan branch fanmi Odva a.

44 Te gen sankarantwit (148) sanba, moun ki konn chante ak moun ki konn fè mizik nan tanp lan, epi ki soti nan branch fanmi Asaf la.

45 Te gen santranntwit (138) moun ki pou sèvi gad nan pòtay tanp lan epi ki soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.

46 Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a, epi ki te tounen nan peyi a. Se moun fanmi Zika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,

47 moun fanmi Kewòs, moun fanmi Sya ak moun fanmi Padon,

48 moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Samayi,

49 moun fanmi Anan, moun fanmi Gidèl ak moun fanmi Gaka,

50 moun fanmi Reaja, moun fanmi Rezin ak moun fanmi Nekoda,

51 moun fanmi Gazam, moun fanmi Ouza ak moun fanmi Paseyak,

52 moun fanmi Besayi, moun fanmi Meounim ak moun fanmi Nefichim,

53 moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,

54 moun fanmi Baslou, moun fanmi Mechida ak moun fanmi Acha,

55 moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sisera ak moun fanmi Tamak,

56 moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.

57 Men lis non moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: Moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Perida,

58 moun fanmi Jaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,

59 moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt, moun fanmi Azebayim ak moun fanmi Amon.

60 Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou twasankatrevendouz (392).

61 Men te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, ak lavil Imè nan peyi Babilòn epi ki te moute ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka rive fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou yo te ka fè wè yo fè pati pèp Izrayèl la vre.

62 Se te pitit Delaja, Tobija ak Nekoda: antou sisankarannde (642).

63 Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Obaja, Akòs ak Bazilayi. Zansèt moun Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.

64 Moun sa yo pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo. Konsa yo pa t' asepte yo pou prèt.

65 Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye di nan sa.

66 Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant (42.360) moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a.

67 Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante.

68 Te gen sètsanswasannsis (766) chwal, desankarannsenk (245) milèt,

69 katsantrannsenk (435) chamo ak simil sètsanven (6.720) bourik.

70 Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pesonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis (270) ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant (530) rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatreventrèz (11.693) ons ajan.

71 Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan (5.400) ons lò ak senkanteyenmil katsansenkant (51.450) ons ajan.

72 Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan (5.400) ons lò, karannsimil sètsanswasanndis (46.770) ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.

73 Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.

Next
Neemi 6
Neemi 8
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences