Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explore
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Neemi 1  Haitian Creole Version

1 ¶ Men istwa Neemi, pitit gason Akalya a, jan li menm li te rakonte l' la. Se te nan mwa Kislèv. Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen. Mwen menm, Neemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a.

2 Anani, yonn nan frè m' yo, rive soti nan peyi Jida ansanm ak kèk lòt moun. Mwen mande yo nouvèl jwif yo, ti ponyen moun pèp Izrayèl ki te soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvèl lavil Jerizalèm.

3 Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.

4 Lè m' tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.

5 ¶ Mwen di: -Aa, Seyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo.

6 Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou koulye a, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche.

7 Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou.

8 Koulye a, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun pèp Izrayèl yo, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou sou latè nan mitan tout lòt nasyon yo.

9 Men, si nou tounen vin jwenn mwen, si nou pran swiv kòmandman mwen yo pou nou fè sa m' di nou fè, yo te mèt depòte nou jouk byen lwen nan dènye bout latè a, m'ap sanble nou, m'ap fè nou tounen kote mwen chwazi pou m' rete a.

10 Enben! Seyè, men yo, moun k'ap sèvi ou yo. Men pèp ou a, pèp ou te delivre ak gwo pouvwa ou ak fòs ponyèt ou a.

11 Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.

Next
Esdras 10
Neemi 2
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences