Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read the Bible
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study Tools
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explorer More
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Bible Gateway Blog
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Matye 8  Haitian Creole Version

8 ¶ Apre sa, Jezi desann soti sou ti mòn lan, yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li.

2 Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l', li tonbe ajenou devan Jezi, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen.

3 Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle. Se pou ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.

4 Apre sa, Jezi di l': Piga ou di pesonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, wa bay tout moun prèv ou geri.

5 ¶ Antan Jezi t'ap antre lavil Kapènawòm, yon kaptenn lame women an vin bò kote li. Li mande l' yon sèvis. Li di l' konsa:

6 Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil.

7 Jezi di l' konsa: Mwen pral geri l' pou ou.

8 Men kaptenn lan reponn li: Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri.

9 Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn ale, li ale. Lè m' di yon lòt vini, li vini. Lè m' di domestik mwen an fè sa, li fè li.

10 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a.

11 Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.

12 Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.

13 Apre sa, Jezi di kaptenn lan: Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l' la. Menm lè a, domestik la te geri.

14 ¶ Apre sa, Jezi ale lakay Pyè. Li jwenn bèlmè Pyè a kouche ak lafyèv.

15 Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.

16 Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou.

17 Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.

18 ¶ Jezi wè li te nan mitan yon gwo foul moun. Li bay lòd pou yo janbe lòt bò lanmè a.

19 Men, yon dirèktè lalwa pwoche bò kote l', li di l' konsa: Mèt, m'ap swiv ou tout kote ou prale.

20 Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo. Zwezo k'ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l' poze tèt li.

21 Yon lòt nan disip yo di li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan.

22 Men Jezi di li: Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo.

23 ¶ Jezi moute nan kannòt la, disip li yo pati avèk li.

24 Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a.

25 Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l', yo fè l' leve. Yo di l' konsa: Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri.

26 Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.

27 Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?

28 ¶ Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun soti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pesonn pa t' kapab pase nan chemen sa a.

29 Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou?

30 Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje.

31 Move lespri yo mande Jezi: Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo.

32 Jezi di yo: Ale non. Move lespri yo soti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y al neye tèt yo nan lanmè.

33 Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Y ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo.

34 Lè sa a, tout moun lavil la soti vin jwenn Jezi. Lè yo wè l', yo mande li: Tanpri souple, ale fè wout ou.

Next
Matye 7
Matye 9
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences