Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read the Bible
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study Tools
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explorer More
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Bible Gateway Blog
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Matye 4  Haitian Creole Version

4 ¶ Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l'.

2 Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.

3 Lè sa a, Satan pwoche bò kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen.

4 Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.

5 Apre sa, grandyab la mennen l' lavil Jerizalèm. Li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan.

6 Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y'a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

7 Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.

8 Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l' tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo.

9 Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'.

10 Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.

11 Fwa sa a, grandyab la kite l'. Latou, kèk zanj Bondye pwoche bò kote Jezi, yo sèvi l'.

12 ¶ Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l', li ale nan peyi Galile.

13 Li kite lavil Nazarèt, li ale rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lanmè Galile a, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo.

14 Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre:

15 Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bò lanmè a, peyi ki lòt bò larivyè Jouden an, peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la,

16 pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.

17 Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.

18 ¶ Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.

19 Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito.

20 Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li.

21 Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo.

22 Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y' ale avèk li.

23 ¶ Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.

24 Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.

25 Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dis Vil yo, moun lavil Jerizalèm, moun Jide ak moun nan peyi lòt bò larivyè Jouden an.

Next
Matye 3
Matye 5
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences