Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read the Bible
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study Tools
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explorer More
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Bible Gateway Blog
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Matye 28  Haitian Creole Version

28 ¶ Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo

2 Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.

3 Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj.

4 Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri.

5 Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n'ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a.

6 Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l' te di a. Vini wè kote l' te kouche a.

7 Apre sa, prese al di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò. Li gen tan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y'a wè li. Se sa m' te gen pou m' di nou.

8 Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men an menm tan tou yo te kontan. Yo t'ap kouri pote nouvèl la bay disip yo.

9 Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l', yo kenbe pye l', yo adore li.

10 Jezi di yo: Nou pa bezwen pè. Ale di frè m' yo pou y al nan Galile. Se la y'a wè mwen.

11 ¶ Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t'ap veye kavo a te genyen ki te gen tan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive.

12 Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan.

13 Epi yo di yo: Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t'ap dòmi.

14 Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n'a konnen ki jan pou n' pale avè l' pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka.

15 Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l' la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a.

16 ¶ Onz disip yo ale sou ti mòn nan peyi Galile a, kote Jezi te di yo ale a.

17 Lè yo wè l', yo adore li. Men, te gen nan yo ki pa t' fin kwè nèt.

18 Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.

19 Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.

20 Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Next
Matye 27
Mak 1
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences