Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read the Bible
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study Tools
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explorer More
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Bible Gateway Blog
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Matye 22  Haitian Creole Version

22 ¶ Antan Jezi t'ap pale ak moun yo, li pran rakonte yo yon lòt parabòl:

2 Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li.

3 Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pa t' vle vini.

4 Lè sa a, wa a voye lòt domestik, li di yo: Ale di envite yo manje a pare koulye a. Mwen gen tan fè touye towo bèf mwen yo ak lòt bèt gra mwen yo. Tout bagay pare. vin nan nòs la.

5 Men, envite yo pa fè ka sa l' voye di yo a, y al okipe zafè yo. Yonn ladan yo ale nan jaden l', yon lòt ale nan trafik li.

6 Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo.

7 Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l' yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a.

8 Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pa t' merite sa.

9 Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la.

10 Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t'ap fè nòs la te plen moun.

11 Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l' al tonbe sou yon nonm ki pa t' abiye ak rad nòs la.

12 Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo.

13 Wa a di domestik li yo: Mare de pye l' ak de men l', voye l' jete deyò nan fènwa a. Se la la gen pou l' kriye, pou l' manje dan li.

14 Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi.

15 ¶ Lè sa a, farizyen yo ale, yo mete tèt yo ansanm pou wè ki jan yo ta ka pran pawòl nan bouch Jezi pou akize li.

16 Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou mande li: Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l' ye a, ou pa pè pesonn. Paske, ou pa gade sou figi moun.

17 Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?

18 Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: Poukisa n'ap chache pran m' nan pèlen konsa, bann ipokrit?

19 Moutre m' pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l' yon pyès lajan.

20 Jezi mande yo: Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li?

21 Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye.

22 Lè yo tande sa, yo pa t' manke sezi. Yo kite l', y al fè wout yo.

23 ¶ Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kot Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve). Yo poze Jezi keksyon sa a:

24 Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l' gen pou marye ak madanm defen an pou l' ka fè pitit pou frè l' ki mouri a.

25 Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l' pa t' gen pitit. Li kite madanm li pou frè li.

26 Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase.

27 Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou.

28 Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout.

29 Jezi reponn yo: Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye.

30 Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.

31 Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò, èske nou pa li sa Bondye te di nou:

32 Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.

33 Tout moun ki t'ap koute l' yo te sezi tande sa l' t'ap di yo.

34 ¶ Lè farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen.

35 Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li:

36 Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a?

37 Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.

38 Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.

39 Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

40 De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.

41 ¶ Antan farizyen yo te sanble, Jezi poze yo keksyon sa a:

42 Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: Li se pitit pitit David!

43 Jezi di yo: Bon, kouman David fè rele l' Seyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l' di:

44 Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou.

45 Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David?

46 Okenn moun pa t' kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pesonn pa t' gen odas poze l' keksyon ankò.

Next
Matye 21
Matye 23
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences