Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read the Bible
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study Tools
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explorer More
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Bible Gateway Blog
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Matye 2  Haitian Creole Version

2 ¶ Jezi te fèt lavil Betleyèm nan peyi Jide, sou tan wa Ewòd. Apre li te fèt, kèk nèg save ki konn etidye zetwal yo soti nan peyi solèy leve, yo rive lavil Jerizalèm.

2 Yo t'ap mande: Kote wa jwif ki fenk fèt la? Nou wè zetwal li parèt depi nan peyi nou an, nou vin adore li.

3 Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou.

4 Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak direktè lalwa yo ki t'ap dirije pèp jwif la. Li mande yo: Ki kote Kris la gen pou l' fèt?

5 Yo reponn li: Se lavil Betleyèm nan peyi Jide li gen pou l' fèt. Paske, men sa pwofèt la te ekri:

6 Ou menm, Betleyèm, ki bati sou tè Jida a, pawòl sèten: se pa ou ki pi piti nan tout lavil peyi Jida yo. Paske, gen yon chèf ki gen pou soti lakay ou. Se li menm ki va kondi moun Izrayèl yo, pèp mwen an.

7 Se konsa, Ewòd fè nèg save yo vin jwenn li an kachèt. Li mande yo kilè egzakteman zetwal la te parèt.

8 Apre sa, li voye yo ale Betleyèm. Li di yo: Ale non! Chache konnen tout bagay sou ti pitit la. Lè n'a jwenn li, fè m' konnen pou m' sa kapab al adore l', mwen menm tou.

9 ¶ Apre wa a te fin di yo sa, nèg save yo pati. Lè sa a, zetwal yo te wè nan peyi solèy leve a parèt devan yo ankò. Li t'ap mache devan yo. Zetwal la kontinye konsa jouk li rive sou tèt kay kote ti pitit la te ye a. Epi l' rete.

10 Lè yo te wè zetwal la, yo pa t' manke kontan.

11 Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l', yo adore l'. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.

12 Apre sa, Bondye pale ak nèg save yo nan dòmi, li avèti yo pou yo pa tounen bò kote Ewòd ankò. Se konsa mesye yo fè yon lòt wout pou yo tounen al nan peyi yo.

13 ¶ Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l' konsa: Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l'. Sove ale nan peyi Lejip. Wa rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la.

14 Jozèf leve nan mitan lannwit lan, li pran ti pitit la ansanm ak manman l'. Li pati, li ale nan peyi Lejip.

15 Jozèf rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l' soti kite peyi Lejip.

16 ¶ Lè Ewòd wè nèg save yo te pase l' nan jwèt, li fè yon gwo kòlè. Li bay lòd touye tout ti pitit gason ki te nan lavil Betleyèm ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fèk fèt jouk sa ki te gen dezan, dapre dat nèg save yo te ba li a.

17 Se konsa, pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre:

18 Yo tande yon rèl nan lavil Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle pesonn ba li kouraj, paske pitit li yo mouri.

19 ¶ Apre Ewòd mouri, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi, antan l' nan peyi Lejip la.

20 Zanj lan di l': Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l', tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun ki te vle touye ti pitit la, yo mouri.

21 Lamenm Jozèf leve, li pran ti pitit la ansanm ak manman l', li tounen nan peyi Izrayèl la.

22 Men, lè Jozèf vin konnen se Akelayis ki t'ap gouvènen peyi Jide a nan plas Ewòd, papa l', Jozèf te pè ale la. Bondye pale avè l' ankò nan dòmi. Lè sa a, li pati, li ale nan peyi Galile.

23 Li vin rete nan yon vil yo rele Nazarèt. Se konsa, pawòl pwofèt yo te di a rive vre: y'a rele l' moun Nazarèt.

Next
Matye 1
Matye 3
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences