Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explore
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Matye 11  Haitian Creole Version

11 ¶ Lè Jezi fin bay douz disip li yo tout lòd sa yo, li kite kote li te ye a, li pati, li ale nan lòt lavil peyi a. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.

2 Antan Jan Batis te nan prizon, li tande pale travay Kris la t'ap fè. Li voye kèk patizan pa l' ale mande Jezi:

3 Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?

4 Jezi reponn yo: Ale rakonte bay Jan sa nou tande ak sa nou wè:

5 Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.

6 Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche.

7 ¶ Lè patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa: Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non.

8 Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki mete bèl rad, se kay wa a yo jwenn yo.

9 Manyè di m' kisa nou te al wè menm? Yon pwofèt? Wi, mwen menm mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt.

10 Men sa ki te ekri sou Jan: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. Li va louvri chemen an devan pou ou.

11 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Malgre sa, moun ki pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la, pi konsekan pase l'.

12 Depi sou tan Jan Batis jouk jòdi a, Peyi Wa ki nan syèl la anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l'.

13 Anvan Jan Batis te rive, tout pwofèt yo ansanm ak lalwa Moyiz la te pale sou Peyi Bondye a.

14 Si nou vle kwè l': Jan Batis se Eli ki te gen pou vini an.

15 Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.

16 ¶ Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik, yonn ap rele lòt pou di l' konsa:

17 Nou jwe mizik cho pou nou ak fif nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris pou nou, nou pa kriye.

18 Jan Batis vini, li pa manje, li pa bwè, yo di li gen yon move lespri sou li.

19 Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.

20 Lè sa a, Jezi pran fè moun lavil kote l' te fè pifò mirak li yo repwòch, paske yo pa t' tounen vin jwenn Bondye.

21 Li di yo: Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta mete rad sak sou yo. Yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye.

22 Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo.

23 Nou menm tou, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la? Enben, y'a desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jòdi a.

24 Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Sodòm yo.

25 ¶ Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.

26 Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.

27 Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.

28 Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

29 Pran jouk mwen, mete l' sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.

30 Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

Next
Matye 10
Matye 12
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences