Add parallel Print Page Options

Piga youn kritike lòt

(Lik 6:37-38,41-42)

Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Sa ou sèvi pou jije lòt moun se avè l Bondye ap sèvi pou jije w. Jan ou trete lòt moun se konsa Bondye ap trete w tou.

Poukisa ou wè ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ki jan ou fè ka di frè ou: Frè m, kite m retire ti pay ki nan je w la. Alòske ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ipokrit! Se bout bwa ki nan je w la pou ou retire anvan, apre sa ou ap wè klè pou retire ti pay ki nan je frè w la.

Pa voye bagay sakre devan chyen. Y ap vole sou ou epi dechire w. Pa voye bijou ki gen valè devan kochon. Sèl sa l konn pou l fè avè l se pilonnen l nan labou.

Mande Bondye sa w gen bezwen

(Lik 11:9-13)

Mande, epi Bondye ap ban nou. Chache, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou. Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li.

Kilès nan tout papa yo ki la a k ap bay pitit li yon wòch si l mande l pen? 10 Ki lès k ap bay pitit li yon koulèv si l mande yon pwason? 11 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun ki mande l bon bagay.

Yon prensip ki vo plis pase lò

12 Tout sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè l pou yo tou, paske se sa menm lalwa Moyiz la ak pawòl pwofèt yo di.

Chwazi chemen ki pi piti a

(Lik 13:24)

13 Antre nan ti baryè piti a! Gwo baryè a louvri sou yon chemen laj. Chemen sa a mennen toudwat nan pèdisyon. Anpil moun gen tan pran chemen sa a. 14 Men ti baryè piti a louvri sou chemen ki mennen nan lavi a. Se sèlman yon ti ponyen moun ki pran chemen difisil sa a.

Aksyon w fè montre ki moun ou ye

(Lik 6:43-44; 13:25-27)

15 Fè atansyon ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo, men anndan se yon pakèt bèt fewòs yo ye. 16 Aksyon yo fè ap pèmèt nou idantifye yo aklè. Yo pa konn keyi rezen sou pye pikan! Yo pa konn ranmase fig sou touf pikan! 17 Menm jan an tou, yon bon pyebwa donnen bon fwi, yon move pyebwa donnen move fwi. 18 Yon bon pyebwa pa ka donnen move fwi, ni yon move pyebwa pa ka donnen bon fwi. 19 Depi yon pyebwa pa donnen bon fwi y ap koupe l, epi lage l nan dife. 20 Yo va rekonèt kalite yon moun pa mwayen sa l ap fè.

21 Se pa tout moun k ap di m Senyè! Senyè k ap antre nan wayòm syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre. 22 Nan jou jijman an, anpil moun pral di: Senyè, Senyè èske nou pa t pwofetize nan non w? Èske nou pa t chase demon nan non ou? Èske nou pa t fè anpil mirak nan non ou? 23 Lè sa a m ap di yo klè: Kote m konnen nou! Rale kò nou sou mwen bann pechè pwofesyonèl.

De kalite moun

(Lik 6:47-49)

24 Se poutèt sa, nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki mete yo an pratik, li tankou yon nonm saj ki bati kay li sou karyann. 25 Lapli tonbe, larivyè desann, gwo van soufle vin frape kay la, men kay la kanpe fèm paske li bati sou karyann. 26 Men nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki pa mete yo an pratik, li tankou yon moun fou ki bati kay la sou sab. 27 Lapli tonbe, larivyè desann, gwo van soufle vin frape kay la, epi kay la tonbe plat.” 28 Lè Jezi te fin di pawòl sa yo, moun yo pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. 29 Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite.