Add parallel Print Page Options

Jezi t ap anseye pèp la

(Lik 6:20-23)

Lè Jezi wè foul la, li monte sou yon mòn, li chita. Disip yo te pwoche bò kote li. Epi Jezi te kòmanse anseye pèp la. Li di yo:

“Benediksyon pou moun kè yo tankou mandyan ki nan bezwen,
    paske wayòm syèl la se pou yo.
Benediksyon pou moun
    ki nan lapenn jodi a, paske Bondye gen pou konsole yo.
Benediksyon pou moun ki desann tèt yo,
    paske y a eritye tè Bondye te pwomèt la.[a]
Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen,[b]
    paske y ap jwenn satisfaksyon.
Benediksyon pou moun ki gen konpasyon pou lòt moun,
    Bondye ap gen konpasyon pou yo tou.
Benediksyon pou moun ki gen panse pwòp,
    yo gen pou yo wè Bondye.
Benediksyon pou moun k ap travay pou lapè
    y a rele yo pitit Bondye.
10 Benediksyon pou moun k ap sibi pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki dwat
    paske wayòm syèl la se pou yo li ye.

11 Benediksyon pou nou lè y ap joure nou, lè y ap pèsekite n, lè y ap pale n mal paske n ap swiv mwen. 12 Nou mèt kòmanse fè kè nou kontan paske se pa ti rekonpans ki rezève pou nou nan syèl la. Ansyen pwofèt yo te pase anba menm kalite pèsekisyon sa yo.

Sèl ak limyè latè

(Mak 9:50; 4:21; Lik 14:34-35; 8:16)

13 Ou se sèl latè. Men si sèl la pèdi gou sale l, pa gen anyen yo ka fè pou l vin gen gou sale ankò. Sèl sa a vin pa itil anyen ankò. Yon sèl bagay yo ka fè avè l: se lage l atè pou pye pilonnen l.

14 Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l. 15 Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la. 16 Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.

Jezi ap pale de lalwa Moyiz la

17 Pa mete nan tèt nou mwen vini pou m detwi lalwa Moyiz la, oubyen sa pwofèt yo te ekri. Mwen pa vini pou m detwi yo. Okontrè mwen vini pou fè moun konprann yo pi byen. 18 Anverite m ap di nou: toutotan syèl la ak tè egziste, pa gen anyen k ap soti nan lalwa Moyiz la, pa menm yon i, ni ti pwen sou tèt yon i, jouktan tout bagay ki te prevwa nan lalwa a rive nan bout yo.

19 Se poutèt sa, obeyi tout kòmandman lalwa yo, menm sa ki parèt yo pa gen gwo enpòtans. Nenpòt moun ki refize obeyi youn nan kòmandman yo oswa ki anseye lòt moun pou dezobeyi yo, y a konsidere l kòm moun ki piti nan wayòm Bondye a. Men nenpòt moun ki obeyi kòmandman yo, epi ki anseye lòt moun pou yo fè menm bagay la tou, y a konsidere l kòm gwo zotobre nan wayòm Bondye a. 20 Mwen pa kache di nou: si nou pa pi fidèl nan fè sa Bondye mande pase Eskrib yo ak Farizyen yo, nou p ap antre nan wayòm Bondye a.

Jezi anseye konsènan kòlè

21 Nou tande yo te di zansèt nou yo piga yo touye moun[c], paske nenpòt moun ki touye moun Bondye ap jije yo. 22 Men mwen m ap di nou nenpòt moun ki ankòlè kont yon lòt ap pase nan jijman. Nenpòt moun ki derespekte yon lòt ap gen pou pase devan tribinal. Nenpòt moun ki joure yon lòt moun moun fou, li pral jije nan dife lanfè.

23 Konsa, si ou gen yon ofrann pou ou bay, epi lè ou rive devan lotèl, ou sonje ou gen yon moun ki gen pwoblèm avè w, 24 depoze ofrann nan yon kote, ale fè lapè ak moun ou gen pwoblèm nan. Apre sa, wa retounen vin bay ofrann nan.

25 Si yon moun vle fè w pwosè, antann ou avè l depi anvan nou rive nan tribinal la. Si ou pa fè sa, lènmi w lan ap trennen w devan jij, jij la ap fè yon sòlda pran w, epi sòlda a ap fèmen w nan prizon. 26 Anverite, m ap di ou, yo p ap lage w jouktan w fin peye tout dèt la.

Jezi pale konsènan peche seksyèl

27 Nou te konn tande yo di: Piga nou fè adiltè,[d] 28 men mwen m ap di nou: nenpòt moun ki gade yon fi epi ki gen tan wè sa l ta fè avè l, li gentan komèt adiltè nan kè l. 29 Si se je dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pèdi yon pati nan kò w, olye se tout kò a ki al boule nan lanfè. 30 Si se men dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pou pèdi yon pati nan kò w olye se tout kò l ki al boule nan lanfè.

Jezi pale sou kesyon divòs

(Mat 19:9; Mak 10:11-12; Lik 16:18)

31 Nou te konn tande yo di tou: Nenpòt moun ki vle divòse ak madanm li, se pou l fè sèten li ba li yon papye divòs.[e] 32 Men mwen menm, m ap di nou: nenpòt moun ki divòse ak madanm li ap lakoz li komèt adiltè, eksepte si madanm li te gentan tonbe ak yon lòt moun. Nenpòt moun ki marye ak yon fi ki divòse komèt adiltè.

Jezi pale sou koze fè pwomès

33 Nou tande yo te di zansèt nou yo: pa kraze pwomès yo te fè sèman pou yo kenbe. Men yo dwe toujou kenbe pwomès yo te gen ak Bondye.[f] 34 Men mwen, m ap di nou: piga nou fè sèman. Pa sèvi ak syèl la pou fè sèman, paske syèl la se twòn Bondye. 35 Pa sèvi ak tè a pou fè sèman, paske latè se tapi pye Bondye. Pa sèvi ak lavil Jerizalèm pou fè sèman paske se lavil gran Wa a. 36 Pa fè sèman sou tèt ou paske ou pa gen okenn pouvwa pou deside si yon pye cheve nan tèt ou ap gen koulè blan oswa nwa. 37 Lè se ‘wi’ ou vle di, annik di ‘wi’. Lè se ‘non’ ou vle di, annik di ‘non’. Nenpòt ti diplis ou ajoute se pawòl dyab la.

Jezi ap pale sou kesyon konfli

(Lik 6:29-30)

38 Nou te konn tande yo di: grenn je pou grenn je, grenn dan pou grenn dan.[g] 39 Men mwen m ap di nou: pa kenbe tèt ak mechan an. Okontrè, si yon moun ba w yon souflèt sou bò dwat, vire bò gòch ba li tou. 40 Si yon moun vle trennen w nan leta pou l ka pran chemiz ou, kite l pran vès la tou. 41 Si yon sòlda vle fòse w fè yon kilomèt[h] pou ede l pote chay li, fè de avè l. 42 Si yon moun mande w yon bagay ba li l. Si yon moun vle prete nan men w, pa vire do ba li.

Renmen lènmi ou

(Lik 6:27-28,32-36)

43 Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w.[i] 44 Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou. 45 Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal. 46 Si se sèlman moun ki renmen w ou renmen, ki rekonpans w ap tann ankò? Ata pèseptè kontribisyon yo fè ti sa a. 47 Si se sèlman zanmi w ou di bonjou, ou pa fè anyen ekstraòdinè. Èske se pa menm bagay la payen yo fè tou? 48 Konsa, men sa m ap di ou: bonte[j] ou pa dwe gen limit, menm jan bonte papa nou ki nan syèl la pa gen limit.

Footnotes

  1. 5:5 paske y a … pwomèt la Se sa pawòl sa a vle di nan Sòm 37:11. Lòt posibilite tradiksyon an se: “latè se pou yo li ye”.
  2. 5:6 moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen Literalman, “moun ki grangou ak swaf jistis.”
  3. 5:21 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:13; Det 5:17.
  4. 5:27 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:14; Det 5:18.
  5. 5:31 Sitasyon sa a soti nan Det 24:1.
  6. 5:33 Gade nan Egz 19:21; Nb 30:2; Det 23:21.
  7. 5:38 Sitasyon sa a soti nan Egz 21:24; Lev 24:20; Det 19:21.
  8. 5:41 yon kilomèt Literalman, “yon milyon”.
  9. 5:43 Sitasyon sa a soti nan Lev 19:18.
  10. 5:48 bonte Literalman, “pafè”. Isit la, sa vle di “ki fin devlope nèt”, se yon deskripsyon kalite lanmou pitit yo dwe aprann nan Papa a.