Add parallel Print Page Options

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mak 16:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)

28 Nan demen apre jou Saba a, dimanch maten byen bonè, Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te fè yon pase gade kavo a.

Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li. Li te briye tankou yon kout zèklè, epi rad sou li te parèt blan tankou nèj. Sòlda yo t ap tranble epi yo te vin tankou mò, tèlman yo te pè.

Anj lan pale ak medam yo, li di yo: “Nou pa bezwen pè. M konnen n ap chache Jezi, moun yo te klouwe sou kwa a, men li pa isit la. Li resisite jan l te di a. Vin wè kote kadav la te kouche a. Apre sa kouri vit al di disip li yo, Jezi resisite. Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”

Medam yo te kite kavo a touswit. Yo te pè, anmenmtan yo te kontan anpil, epi yo pa t ka tann pou yo te bay disip yo nouvèl la. Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo. Li di yo: “Bonjou!” Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye li, epi yo adore l. 10 Apre sa Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè! Ale di frè[a] m yo pou y al Galile. Se la yo va wè mwen.”

Rapò sòlda yo

11 Pandan medam yo sou wout pou y al bay disip yo nouvèl la, kèk nan sòlda yo t ap antre lavil la pou y al bay chèf prèt yo rapò sou sa k pase a. 12 Chèf prèt yo rankontre ak lòt lidè yo, epi yo fè yon plan. Yo bay sòlda yo yon bon sòm lajan, 13 epi yo di yo: “Di pèp la: disip Jezi veye nan nuit pandan n ap dòmi, epi yo vin vòlè kò a. 14 Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, nou mèt kite sa sou kont nou. N ap konvenk li de inosans nou.” 15 Sòlda yo pran lajan yo. Yo fè egzateman jan chèf prèt yo te mande pou yo fè. Jis jodi a, se konsa istwa a sikile pami Juif yo.

Jezi parèt devan disip li yo

(Mak 16:14-18; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)

16 Onz disip yo ale Galile sou tèt mòn Jezi te pran randevou avè yo a. 17 Lè yo wè li, yo adore l, menmsi kèk ladan yo te gen dout. 18 Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a. 19 Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. 20 Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”

Footnotes

  1. 28:10 frè Nan vèsè sa a, frè vle di “disip”.