Add parallel Print Page Options

26 ¶ Lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, li di disip li yo:

Nou konnen, nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l' sou kwa a.

Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la.

Mesye yo mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li.

Yonn t'ap di lòt: Nou pa kapab arete l' pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd.

¶ Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la,

yon fanm pwoche kote li. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat plen ak yon odè ki te koute byen chè. Pandan Jezi te chita bò tab la, fanm lan vide tout odè a sou tèt li.

Lè disip yo wè sa, yo pa t' kontan menm. Yo di: Pouki tout gaspiyaj sa a?

Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an.

10 Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen.

11 Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' pou tout tan.

12 Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m' pou lantèman mwen.

13 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bon nouvèl sa a, y'a rakonte tou sa fanm sa a te fè pou yo pa janm bliye li.

14 ¶ Lè sa a, yonn nan douz disip yo, nonm yo rele Jida Iskariòt la, al jwenn chèf prèt yo.

15 Li di yo: Kisa n'a ban mwen si m' fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li.

16 Depi lè sa a, Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te ba yo Jezi.

17 ¶ Premye jou fèt pen san ledven yo, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: Ki bò ou ta vle nou pare manje Delivrans lan pou ou?

18 Li reponn yo: Ale lavil la, kay entèl. n'a di l' konsa: Mèt la voye di ou: Lè pa l' la rive, se lakay ou l'ap fete Delivrans lan ansanm ak disip li yo.

19 Disip yo fè sa Jezi te bay yo lòd fè a, yo pare manje Delivrans lan.

20 Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo.

21 Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.

22 Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: Eske se mwen menm, Mèt?

23 Li reponn yo: Moun ki tranpe pen l' ansanm avè m' nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen.

24 Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt.

25 Jida ki tapral trayi l' la pran lapawòl, li di: Mèt, èske se mwen menm? Jezi reponn li: Se ou ki di li.

26 ¶ Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', li bay disip yo, li di: Pran, manje. Sa se kò mwen.

27 Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l' ba yo, li di: Se pou nou tout nou bwè ladan li.

28 Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo.

29 M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m' wa a.

30 Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo soti, y ale sou mòn Oliv la.

31 ¶ Lè sa a, Jezi di disip li yo: Aswè a menm, nou tout nou pral kouri kite m' pou kont mwen. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa.

32 Men, apre sa, lè m'a leve soti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile.

33 Pyè pran lapawòl, li di li: Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou.

34 Jezi di li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: aswè a menm, anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.

35 Pyè reponn li: Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.

36 ¶ Apre sa, Jezi ale ak disip yo yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: Chita la. Mwen menm, mwen pral lapriyè pi lwen.

37 Li pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li.

38 Li di yo: Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou.

39 li al yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè konsa: O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.

40 Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa: Kouman? Nou pa t' kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen!

41 Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.

42 Li kite yo, li ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: O Papa m', si se pou m' bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l' devan je m', ou mèt fè l' jan ou vle a.

43 Li tounen, li jwenn disip yo ap dòmi ankò, paske dòmi t'ap kale yo.

44 Li kite yo, li ale, li lapriyè yon twazyèm fwa. Li t'ap repete menm pawòl yo.

45 Apre sa, li tounen bò kote disip li yo, li di: N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou? Epi gade, men lè a rive, yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men mechan yo.

46 Leve non, ann ale. Men moun k'ap trayi m' lan ap vini.

47 ¶ Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li.

48 Nonm ki t'ap trayi Jezi a te ba yo yon siyal. Li te di yo: Moun n'a wè mwen bo a, se li menm n'ap chache a. Mete men sou li.

49 Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: Bonswa, Mèt. Epi l' bo Jezi.

50 Jezi di li: Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li. Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li.

51 Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l', li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li.

52 Jezi di l' konsa: Mete nepe ou nan fouwo l'; paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou.

53 Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m' vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen.

54 Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.

55 Apre sa, Jezi di foul moun yo: Nou vin dèyè m' ak nepe ak baton tankou si m' te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pa t' janm arete mwen.

56 Men, tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre. Lè sa a, tout disip yo kite l', yo pran kouri.

57 ¶ Moun ki te arete Jezi yo mennen l' kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini.

58 Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l' wè kouman sa t'apral fini.

59 Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò.

60 Men, yo pa t' kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li.

61 Bout pou bout, de moun parèt. Yo di: Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l' ban nou.

62 Granprèt la leve, li di Jezi: Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?

63 Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?

64 Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.

65 Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fèk tande ak zòrèy nou jan l' pale mal sou Bondye.

66 Kisa nou di nan sa? Yo reponn: Li antò, se pou yo touye li.

67 Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt.

68 Yo di li: Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.

69 ¶ Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l', li di li konsa: Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a.

70 Men, Pyè demanti l' devan tout moun, li di: Mwen pa konnen sa w'ap di la a.

71 Apre sa, Pyè leve, li ale bò pòtay lakou a. La, yon lòt sèvant wè li. Li di moun ki te la yo: Nonm sa a te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.

72 Pyè demanti l' tou, li di: M'ap fè sèman, mwen pa konnen nonm sa a.

73 Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou.

74 Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo: Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m' si m' manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a. Menm lè a, kòk chante.

75 Latou, Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l' la: Anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè soti, li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.

Plan pou touye Jezi

(Mak 14:1-2; Lik 22:1-2; Jan 11:45-53)

26 Apre Jezi fin pale tout pawòl sa yo, li di disip li yo: “Sonje, fèt Pak la se apre demen! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay lènmi l yo ki pral krisifye l sou yon kwa.”

Apre sa prèt ki gen plis otorite yo ansanm ak lidè pèp Jwif yo te reyini nan lakou Kayif, chèf ki alatèt tout prèt yo. Yo t ap mare yon konplo an sekrè pou wè kijan yo te ka arete Jezi epi touye li. Men yo antann yo pou yo pa fè l pandan fèt Pak la paske yo pa t vle pèp la leve kont yo.

Yon dam fè lwanj pou Jezi

(Mak 14:3-9; Jan 12:1-8)

Pandan Jezi te Betani lakay Simon, mesye ki te gen maladi lèp la, yon dam ki te gen yon boutèy pafen byen chè nan men l te pwoche bò kote Jezi, epi li vide pafen an sou tèt li pandan l t ap manje.

Lè disip yo wè sa, yo fache ak dam lan. Yo kòmanse ap di: “Pouki kalite gaspiyaj sa a? Pafen sa a t ap vann yon bon ti kòb ki te ka ede anpil moun pòv.”

10 Jezi ki te konnen sa yo t ap di a, mande yo: “Poukisa n ap bay dam nan panik? Se yon bon bagay li fè pou mwen. 11 N ap toujou gen pòv avèk nou,[a] men nou p ap toujou genyen m avèk nou. 12 Pafen dam nan vide sou mwen an, se prepare l ap prepare kadav kò m pou antèman apre m fin mouri. 13 An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.”

Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo

(Mak 14:10-11; Lik 22:3-6)

14 Apre sa, Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo al pale ak chèf prèt yo, 15 epi l di yo: “Ki sa n ap ban m si m livre Jezi ba nou?” Konsa, yo ofri l trant pyès lajan. 16 Depi lè sa a, Jida ap veye yon okazyon favorab pou l trayi Jezi.

Repa fèt Pak la

(Mak 14:12-21; Lik 22:7-14,21-23; Jan 13:21-30)

17 Nan premye jou fèt Pen san leven an, disip Jezi yo pwoche bò kote l, epi yo mande l: “Ki kote w vle pou nou fè preparasyon repa fèt Pak la pou ou?”

18 Li reponn yo: “Ale nan vil la kay entèl, di li: Mèt la di: lè m nan pa lwen rive. Se lakay ou m ap manje repa fèt Pak la avèk disip mwen yo.” 19 Disip yo fè jan Jezi te di yo a, epi yo prepare fèt Pak la.

20 Nan aswè Jezi te mete l atab ak douz disip li yo. 21 Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m.”

22 Yo te vin tris anpil epi youn apre lòt yo kòmanse ap mande Jezi: “Rabi, èske se mwen?”

23 Jezi reponn yo: “Moun nan menm ki fèk tranpe pen nan plat la avè m, se li menm ki ap livre m. 24 Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa a pou l pa t janm fèt.”

25 Jida, ki te gen pou livre Jezi a, di: “Rabi,[b] èske se mwen?”

Jezi reponn li: “Se ou ki di l!”

Repa Senyè a

(Mak 14:22-26; Lik 22:15-20; 1 Kor 11:23-25)

26 Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.”

27 Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Li di yo: “Chak moun, bwè ladan l! 28 Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun. 29 M ap di nou sa: Mwen p ap bwè diven sa a ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè l ankò ak nou nouvo diven an nan wayòm Papa m nan.”

30 Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.

Jezi anonse disip yo pral abandone l

(Mak 14:27-31; Lik 22:31-34; Jan 13:36-38)

31 Apre sa Jezi di disip yo: “Aswè a nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la:

M ap touye bèje a,
    epi mouton yo ap gaye toupatou.[c]

32 Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.”

33 Pyè reponn li: “Menmsi tout lòt moun yo kouri kite w, m p ap janm kouri kite w.”

34 Jezi reponn li: “An verite, m ap di w sa: aswè a menm, anvan menm kòk chante, w ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.”

35 Pyè di li: “Menmsi m ta dwe mouri avè w, m p ap janm di m pa konnen w.” Epi tout lòt disip yo di menm bagay la tou.

Jezi ap priye poukont li

(Mak 14:32-42; Lik 22:39-46)

36 Apre sa Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: “Rete la! M pral yon ti kras pi lwen pou m al lapriyè.” 37 Li pran avè l Pyè ak de pitit gason Zebede yo. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. 38 Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”

39 Li fè yon ti avanse pi devan, li lage kò l atè fas anba, epi l kòmanse priye: “Papa, si se posib, pa kite m pase anba kalite soufrans[d] sa a. Men, se pa sa m vle ki pou fèt, se sa ou vle.” 40 Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn y ap dòmi. Li di Pyè: “Sa vle di, ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? 41 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”

42 Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye. Li di: “Papa, si sèl chwa mwen genyen se pase anba soufrans, se pou volonte w fèt.”

43 Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn disip yo ap dòmi paske je yo te twò lou pou yo te ret ouvè. 44 Konsa, li fè yon deplase ankò, epi l fè menm priyè l te gen tan fè de fwa deja.

45 Apre sa li retounen bò kot disip yo, epi l di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze kò nou? Tande non, lè a rive! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay mechan yo. 46 Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”

Yo arete Jezi

(Mak 14:43-50; Lik 22:47-53; Jan 18:3-12)

47 Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe epi baton. 48 Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l.” 49 Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi.

50 Men Jezi di l: “Zanmi m, sa ou vin pou fè a, fè l.”

Apre sa, moun ki te avèk Jida yo, pwoche bò kot Jezi epi yo met men sou li, yo arete l. 51 Youn nan moun ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li atake sèvitè Chèf Prèt la, li koupe zòrèy li.

52 Jezi di moun ki te rale nepe a: “Mete nepe a nan fouwo l. Moun ki goumen ak nepe, nepe k ap touye l. 53 Èske ou pa konnen mwen te ka rele Papa m kounye a, epi l t ap voye douz lame anj? 54 Men sa pa t ap tonbe daplon ak pwofesi ki te gen tan di kijan tout bagay pral pase.”

55 Lè sa a, Jezi di foul la: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Mwen te chita nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? 56 Antouka, sa pase konsa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Apre pawòl sa yo, tout disip yo gaye.

Jezi devan lidè relijye yo

(Mak 14:53-65; Lik 22:54-55,63-71; Jan 18:13-14,19-24)

57 Yo arete Jezi, yo mennen l kay Kayif, granprèt la, kote pwofesè lalwa yo ak lidè pèp Juif la te gen tan rasanble. 58 Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li te chita pami sèvitè granprèt la pou l te ka wè kijan sa pral fini.

59 Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo touye l. 60 Men yo pa t ka jwenn anyen malgre te gen anpil fo temwen ki t ap eseye fè manti sou li. Finalman gen de pami yo ki pase devan, 61 epi yo di: “Misye[e] te di: Mwen gen pouvwa pou m detwi tanp Bondye a, epi rebati l nan twa jou.”

62 Lè sa a, Granprèt la leve kanpe epi l di Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” 63 Men pèsòn pa t ka rache yon mo nan bouch Jezi.

Granprèt la di Jezi ankò: “Nan non Bondye vivan an, m ap mande w pou di m tout verite a. Di m non: èske se ou menm ki Mesi a, pitit Bondye a?”

64 Jezi reponn li: “Sa ou di a se sa. Men kite m di w yon bagay: Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”

65 Lè sa a Granprèt chire rad sou li, epi l di: “Li derespekte Bondye. Ki lòt prèv nou bezwen ankò? Nou fèk tande ak de zòrèy nou kijan l pa gen okenn respè pou Bondye. 66 E nou menm, sa nou di?”

Yo reponn li: “Li merite lanmò.”

67 Epi, yo kòmanse krache nan figi Jezi. Genyen ki ba l kout pwen. Gen lòt ki ba l souflèt. 68 Yo di li: “Ey Mesi, ba nou prèv ou se yon vrè pwofèt. Di nou ki lès ki frape w la?”

Pyè di li pa konnen Jezi

(Mak 14:66-72; Lik 22:56-62; Jan 18:15-18,25-27)

69 Pandan tan sa a, Pyè te chita deyò nan lakou a. Youn nan sèvant Granprèt la di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Galile a.”

70 Men, Pyè demanti l devan tout moun. Li di sèvant lan: “M pa konn sa w ap di la a.”

71 Apre sa li deplase, l ale bò baryè pou antre nan lakou Granprèt la. Yon lòt sèvant di moun ki te la yo: “Nonm sa a te avèk Jezi, moun Nazarèt la.”

72 Pyè demanti dam nan. Epi fwa sa a, li fè sèman pou l di: “M pa janm konnen nonm sa a.”

73 Yon ti tan apre, moun ki te kanpe toupre Pyè yo pwoche bò kote l, yo di l: “Nan jan w pale a, nou sèten ou se youn ladan yo.”

74 Lè sa a, Pyè kòmanse fè sèman pou madichon tonbe sou li si l ap bay manti, epi l di: “M pa janm konnen nonm sa a.” Li patko menm fèmen bouch li lè yon kòk te kòmanse chante. 75 Lè sa a Pyè sonje pawòl Jezi a: “Anvan kòk chante aswè a ou ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Pyè soti deyò, epi l kriye tankou moun ki gen gwo doulè.

Footnotes

  1. 26:11 N ap … pòv avèk nou Gade nan Det 15:11.
  2. 26:25 Rabi Sa vle di Mèt.
  3. 26:31 Sitasyon sa a soti nan Zak 13:7.
  4. 26:39 soufrans Literalman, “koup”. Koup la se yon senbòl pou pale de soufrans la.
  5. 26:61 Misye Se konsa lènmi l yo te deside rele Jezi paske yo pa t vle site non l.