Add parallel Print Page Options

24 ¶ Jezi soti nan tanp lan, li tapral fè wout li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l' wè ki jan tanp lan te byen bati.

Men li di yo: Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.

Jezi te chita sou mòn Oliv la. Disip li yo te pou kont yo avèk li. Yo pwoche bò kote l', yo mande li: Manyè di nou kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?

¶ Jezi reponn yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.

Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.

Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.

Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote.

Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.

Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen.

10 Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt.

11 Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun.

12 Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt.

13 Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.

14 Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.

15 Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.)

16 Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn.

17 Moun ki va sou tèt kay yo, yo p'ap bezwen antre pran zafè yo nan kay la.

18 Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj.

19 Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo.

20 Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n' kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba.

21 Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.

22 Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.

23 Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li.

24 Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.

25 Mwen di nou sa davans.

26 Se pou si yo di nou: Gade, men l' nan dezè a, nou pa bezwen ale. Osinon, si yo di nou: Gade, men l' kache bò isit la, nou pa bezwen kwè yo.

27 Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' vini.

28 Kote kadav la va ye a, se la votou yo va sanble.

29 Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble.

30 Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.

31 Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.

32 ¶ Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen sezon chalè a sou nou.

33 Menm jan an tou, lè n'a wè tout bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la.

34 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun nan jenerasyon sa a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.

35 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.

36 Men, pesonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.

37 Sak te rive nan tan Noe a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini.

38 Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an.

39 Yo pa t' konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini.

40 Lè sa a, va gen de gason nan yon menm jaden, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.

41 Va gen de fanm k'ap moulen mayi, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.

42 Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini.

43 Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la.

44 Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.

45 Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.

46 Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay li.

47 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo.

48 Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini.

49 L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè.

50 Mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen.

51 L'ap rachonnen msye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.

Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive

(Mak 13:1-31; Lik 21:5-33)

24 Jezi kite tanp la. Pandan li sou wout pou l ale, disip li yo pwoche bò kote l pou yo montre l kijan bilding nan bèl. Jezi di yo: “Se bilding sa yo n ap kontanple, pa vre? An verite m ap di nou: Pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”

Pandan Jezi chita sou mòn Olivye a, disip li yo vin kote l an prive. Yo mande l: “Di nou ki lè bagay sa yo gen pou rive? Di nou tou ki siy k ap anonse retou ou ak lafendimond?”

Jezi reponn yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. M di nou sa, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la. Y ap rive twonpe anpil moun konsa. Nou pral pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala. Lè nou pran nouvèl sou lagè, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo gen pou rive, men se p ap ko lafen an sa. Wi, yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen grangou ak tranblemanntè toupatou. Tout bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.

Lè sa a, y ap livre nou bay moun ki pral tòtire nou, epi touye nou. Kote nou pase sou latè, y ap rayi nou, paske nou se disip mwen. 10 Anpil moun pral bay lafwa vag. Youn ap livre lòt bay otorite yo. Youn p ap vle wè lòt. 11 Epi pral gen anpil fo pwofèt k ap rive twonpe anpil moun. 12 Pral tèlman gen mechanste sou latè, lanmou ap disparèt nan kè pi fò moun. 13 Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove. 14 Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.

15 Lè nou wè bagay ki tèrib la, sa k ap detwi tout bagay la, kanpe nan lye ki sen nan tanp lan, n a sonje pwofèt Danyèl te pale sou sa. Moun k ap li fò pou lòt moun tande, yo sipoze konprann sa m ap di a. 16 Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 17 Moun ki sou tèt kay yo pa bezwen desann pou pran afè yo anndan kay la. 18 Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.

19 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo, oswa sa yo ki ti nouris. 20 Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive ni pandan livè ni pandan yon jou saba. 21 Doulè ki pral gen lè sa a, depi lemonn kreye poko janm gen tankou l, epi p ap janm gen tankou l ankò.

22 Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout, poutèt moun li chwazi yo.

23 Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l. 24 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 25 Nou wè, m di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.

Lè Jezi va retounen sou latè

(Mak 13:24-31; Lik 17:23-24,37; 21:25-32)

26 Konsa, si yon moun di nou, men Mesi a nan dezè a, nou pa bezwen ale. Si yo di nou, men l nan tèl kay tèl kote, nou pa bezwen kwè. 27 Menm jan yon kout zèklè flache syèl la tout moun ka wè l, se menm jan l ap ye lè Pitit Lòm nan ap vini. 28 Kote kadav la ye, se la votou[a] yo ap rasanble.

29 Touswit apre tout pwoblèm sa yo nan peryòd sa a,

Solèy la ap vin tou nwa,
    lalin nan ap sispann klere,
zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
    epi puisans nan syèl yo pral tranble.[b]

30 Lè sa a, ap gen yon siy ki parèt nan syèl la ki montre Pitit Lòm nan ap vini. Tout pèp sou latè pral pete gwo rèl. Tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 31 Konsa gen yon gwo twonpèt ki va sonnen, epi Pitit Lòm va voye anj li yo nan kat kwen latè pou rasanble moun pa l yo, kelkeswa kote yo.

32 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 33 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 34 An verite m ap di nou: jenerasyon sa p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 35 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen la pou tout tan.

Sèl Papa a ki konnen ki lè bagay sa yo ap rive

(Mak 13:32,35; Lik 17:26-30,34-36)

36 Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen.

37 Menm jan sa te pase nan tan Noye a, se menm jan l pral ye nan lè Pitit Lòm ap vini. 38 Nan jou anvan delij la, lèzòm t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye, yo t ap marye pitit yo, jouk jou Noye antre nan lach la. 39 Yo pa t reyalize sa k t ap pase a, jouktan delij la vini, epi l trennen yo ale.

Se konsa sa pral pase, lè Pitit Lòm nan ap vini. 40 Lè sa a, de moun ap nan jaden ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la. 41 De dam ap moulen grenn ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la.

42 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki jou Senyè nou an ap vini. 43 Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit lan vòlè ap vin kase kay li, li t ap pare pou li epi l t ap veye, li pa t ap kite l kase kay la. 44 Se poutèt sa, nou menm tou, nou bezwen pare, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa panse.

Bon sèvitè ak move sèvitè

(Mak 13:33-37; Lik 12:41-48)

45 Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen. 46 Byenere sèvitè sa lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li! 47 An verite m ap di nou: Mèt la ap mete l chèf sou tout sa l genyen.

48 Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? 49 Epi li kòmanse ap bat kanmarad li yo. Li pran plezi nan manje bwè ak tafyatè. 50 Mèt la ap rive sou li sanzatann, nan lè li pa konnen. 51 Lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo, kote ki pral gen kriye ak manje dan.

Footnotes

  1. 24:28 votou Se yon gwo zwazo ki renmen manje kadav lè yo kòmanse dekonpoze.
  2. 24:29 Gade nan Eza 13:10; 34:4.