Add parallel Print Page Options

Parabòl travayè jaden yo

20 Wayòm Bondye a se tankou yon gwo kiltivatè ki soti byen bonè nan maten pou l al chache travayè pou travay nan jaden rezen l. Li antann li ak yo pou l peye yo yon jounen travay. Epi li voye yo al travay nan jaden an.

A nevè di maten, li soti ankò, l ale sou yon plas piblik, epi li wè kèk mesye ki kanpe ki p ap fè anyen. Li di yo: Si nou al travay nan jaden rezen m nan, m ap ba nou yon bagay ki rezonab. Konsa mesye yo te pati al travay nan jaden rezen an.

Vè midi ak vè twazè, kiltivatè a refè menm mouvman nevè a. Ozanviwon senkè konsa, li soti ankò epi li jwenn kèk mesye kanpe san yo p ap fè anyen. Li di yo: Poukisa nou kanpe la a tout jounen ap kalewès?

Yo reponn li: Pèsonn pa ban nou travay!

Li di yo: Al travay nan jaden rezen m nan.

Nan fen jounen an, mèt jaden an rele moun ki responsab pou peye travayè yo, epi li di l: Rele travayè yo vin touche. Kòmanse ak sa yo ki te vin an dènye jouktan w rive sou premye a.

Lè travayè ki te vin a senkè a vin touche, yo chak resevwa kòb yon jounen travay. 10 Konsa, lè gwoup ki te vin an premye a vin touche yo te panse yo t ap jwenn yon ti diplis, men yo tout te touche menm kòb la. 11 Yo pran kòb la, men yo t al plenyen bay mèt jaden an. 12 Yo di: Nèg senkè yo, fè sèlman inèdtan travay, men nou menm nou pase tout jounen an ap travay anba solèy cho a, epi ou ba nou menm fòs kòb!

13 Mèt jaden an reponn youn pami yo: Zanmi m, mwen pa fè nou lenjistis. Èske nou pa t mete nou dakò pou m peye yon jounen travay? 14 Pran sa k pou ou a, epi al lakay ou! Se mwen ki deside pou m bay tout moun menm kòb. 15 Dayè kòb mwen se pou mwen, mwen ka fè sa m vle avè l, pa vre? Èske nou jalou[a] paske mwen gen kè nan men pou lòt moun yo?

16 Konsa, anpil moun ki nan dènye plas kounye a ap gen pou vin premye. Anpil moun ki premye kounye a gen pou yo vin dènye.”

Jezi pale sou lanmò li ankò

(Mak 10:32-34; Lik 18:31-34)

17 Pandan Jezi te sou wout pou l monte Jerizalèm, li pran douz disip li yo apa, epi li di yo: 18 “Tande m! Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò. 19 Apre sa, yo gen pou yo livre l bay payen yo ki gen pou yo pase l nan betiz, pou yo bat li byen bat, epi krisifye l sou yon kwa. Men li gen pou l resisite sou twazyèm jou a.”

Madan Zebede mande yon favè espesyal pou pitit li yo

(Mak 10:35-45)

20 Apre sa, manman pitit Zebede yo ak de pitit gason l yo, pwoche bò kote Jezi. Li mete l ajenou devan Jezi pou mande l yon favè.

21 Jezi mande li: “Kisa w vle?”

Li reponn: “Mwen vle pou ou pwomèt mwen de pitit gason m yo ap chita youn sou bò dwat ou epi youn sou bò gòch ou, lè w va nan wayòm ou an.”

22 Jezi di li: “M pa kwè ou konprann sa w ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode[b] mwen pral bwè a?”

Mesye yo reponn: “Wi, nou kapab!”

23 Jezi di yo: “Se vre, n ap gen pou n bwè nan gode a. Men kanta pou privilèj pou youn chita adwat, lòt la chita agoch la, sa pa depann de mwen. Papa a rezève plas sa yo pou moun li vle.”

24 Lè lòt dis disip yo tande sa, yo te fache anpil ak de frè yo. 25 Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. 26 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. 27 Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. 28 Fè menm jan ak Pitit Lòm nan, li pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”

Jezi geri de avèg

(Mak 10:46-52; Lik 18:35-43)

29 Pandan Jezi ak disip li yo t ap kite Jeriko, te gen yon gwo foul moun ki t ap swiv li. 30 Te gen de mesye avèg ki te chita bò wout la. Lè yo tande Jezi ap pase, yo pran rele byen fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”

31 Foul la t ap kritike mesye yo epi mande yo fèmen bouch yo. Men yo te kriye pi fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”

32 Jezi fè yon kanpe. Li rele mesye yo, epi l mande yo: “Kisa nou vle m fè pou nou?”

33 Yo reponn li: “Senyè, nou vle wè!”

34 Jezi santi kè l fè l mal pou yo. Li touche je yo, epi nan menm moman an, je mesye yo te vin wè. Yo te leve, yo swiv Jezi.

Footnotes

  1. 20:15 jalou Ekspresyon nan lang Grèk ta dwe tradui “èske ou gen move je?” Anpil moun nan kilti sa te kwè si yon moun jalou de yon lòt moun li ka fè l mal menm nan jan l gade l. “Move je” an Kreyòl plis eksprime karaktè yon moun ki mechan.
  2. 20:22 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive. Gade tou nan vèsè 23.