Add parallel Print Page Options

14 ¶ Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi.

Li di moun ki t'ap travay avè l' yo: Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo.

Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l' mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li.

Paske Jan te di Ewòd konsa: Ou pa gen dwa pran Ewodyad pou madanm ou.

Ewòd te vle touye l', men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt.

Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil.

Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li.

Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l' te ba li, li di Ewòd: Fè pote tèt Jan Batis ban mwen koulye a sou yon plato.

Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l' te mande a.

10 Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an.

11 Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l' bay manman li.

12 Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y al di Jezi sa ki te pase.

13 ¶ Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l' te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri soti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivaj la ap swiv li.

14 Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo.

15 Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo.

16 Jezi reponn yo: Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm.

17 Men yo di li: Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a.

18 Jezi di yo: Pote yo ban mwen.

19 Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun.

20 Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale.

21 Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.

22 ¶ Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale.

23 Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li.

24 Kannòt la menm te gen tan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo.

25 Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo.

26 Lè disip yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te pè anpil, yo t'ap di: Se yon revenan. Yo pran rele tèlman yo te pè.

27 Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.

28 Lè sa a, Pyè di li: Mèt, si se ou menm vre, di m' vin jwenn ou sou dlo a.

29 Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi.

30 Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non!

31 Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?

32 Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase.

33 Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre.

34 ¶ Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt.

35 Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li.

36 Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.

Ewòd pran Jezi pou Janbatis

(Mak 6:14-29; Lik 9:7-9)

14 Nan menm peryòd la, Ewòd, ki t ap gouvène rejyon Galile a, te tande tout sa moun yo t ap di sou Jezi. Li di sèvitè l yo: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”

Men kijan Janbatis te mouri

Ewòd te di sa, paske se li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodias, madanm Filip, frè Ewòd. Janbatis te di Ewòd: “Li pa nòmal, selon lalwa, pou ou pran madanm frè w pou w marye avè l.” Ewòd te santi fòk li ta touye Janbatis! Men, li te pè reyaksyon pèp la, paske yo te toujou kwè Jan se yon pwofèt.

Men, nan jou fèt anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodias la te tèlman byen danse devan envite yo, sa te fè Ewòd plezi anpil. Konsa Ewòd fè sèman l ap bay ti madmwazèl la kèlkeswa sa l ta mande. Ti demwazèl la fè yon ti pale ak manman l, epi li di Ewòd: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.”

Sa te fè Ewòd tris anpil. Men, poutèt pwomès li te fè devan tout envite yo, li te oblije kenbe mo l. 10 Li pase sòlda l yo lòd pou yo ale nan prizon an epi koupe tèt Janbatis. 11 Sòlda yo koupe tèt Janbatis. Yo mete tèt la nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. 12 Lè disip Jan yo pran nouvèl la, yo vin pran kò a, yo antere l. Apre sa, yo pote nouvèl la bay Jezi.

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mak 6:30-44; Lik 9:10-17; Jan 6:1-14)

13 Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a. 14 Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la.

15 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo.”

16 Jezi di yo: “Yo pa bezwen ale. Degaje nou pou n ba yo manje!”

17 Yo reponn Jezi: “Men se sèlman senk pen ak de pwason nou genyen.”

18 Jezi di: “Pote sa nou genyen yo ban mwen.” 19 Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo. 20 Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè tout moun fin rasazye, yo te ranmase douz panye plen rabouch ak ti mòso ki te rete. 21 Antotal te gen senk mil gason san konte medam yo ak timoun yo ki te manje jou sa a.

Jezi mache sou dlo

(Mak 6:45-52; Jan 6:16-21)

22 Apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. 23 Apre li fin voye tout moun lakay yo, Jezi te monte sou tèt yon ti mòn pou l al priye. Jezi te rete la pou kont li, menm apre li fin fènwa. 24 Bato disip yo te ladan l lan te gen tan byen lwen nan mitan lak la. Men poutèt yon van kontrè ki t ap soufle vag yo te move anpil epi bato a te nan gwo difikilte.

25 Ant twazè a sizè dimaten, bato a patko janm rive atè. Jezi te pati ale jwenn disip li yo. Li t ap mache sou dlo a. 26 Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!”

27 Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!”

28 Lè sa a, Pyè di li: “Si ou vre Senyè, fè m mache sou dlo a vin jwenn ou.”

29 Jezi di li: “Vini non!”

Konsa Pyè desann bato a epi li kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. 30 Lè Pyè reyalize jan van an te toujou fò, lapèrèz te pran l. Epi, Pyè kòmanse fè fon. Li rele byen fò: “Jezi, sove m!”

31 Lè sa a, Jezi lonje men l, li pran Pyè epi li di l: “Lafwa w piti! Sa ou te bezwen doute fè?”

32 Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. 33 Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.”

Jezi geri anpil moun malad

(Mak 6:53-56)

34 Apre yo fin travèse lak la, Jezi ak disip li yo te debake Jenezarèt. 35 Moun ki te bò lak la epi ki te wè lè Jezi t ap desann bato a, voye nouvèl toupatou pou fè moun yo konnen Jezi nan zòn nan. Konsa, moun yo mennen tout moun malad yo bay Jezi. 36 Yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.