Add parallel Print Page Options

10 ¶ Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.

Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l' yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li.

Te gen Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak, pitit Alfe a, ak Tade.

Te gen Simon, patriyòt la ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi l' yo.

¶ Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a: Piga n' ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo.

Okontrè, ale tout kote n'a jwenn moun ras Izrayèl yo ki pèdi.

Sou tout wout nou, bay mesaj sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive.

Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay.

Pa pran ni lò, ni lajan, ni kòb kwiv mete nan pòch nou.

10 Nou pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa mete de rad sou nou, pa pran ni soulye, ni baton. Paske, yon travayè merite pou yo ba l' manje.

11 Lè nou rive nan yon lavil, osinon nan yon ti bouk, mande si gen moun ki vle resevwa nou. Rete lakay li jouk lè nou pati.

12 Lè n'ap antre nan kay la, n'a di: Benediksyon Bondye sou kay la.

13 Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou li. Men, si l' pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou.

14 Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, soti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou.

15 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap peni moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò.

16 ¶ Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sak fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon.

17 Pran prekosyon nou ak tout moun; paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo.

18 y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m' temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo.

19 Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n' di, ni jan n'a gen pou n' pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n' di.

20 Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou.

21 Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo.

22 Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.

23 Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.

24 Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Nitou, yon domestik pa pi grannèg pase patwon li.

25 Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!

26 Se sak fè nou pa bezwen pè pesonn. Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap devwale.

27 Tou sa m'ap di nou nan fènwa, nou menm repete l' gwo lajounen. Tou sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kalfou.

28 Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.

29 Eske yo pa vann ti zwazo de pou senk kòb? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san Papa nou pa konnen.

30 Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte.

31 Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.

32 Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m' ki nan syèl la.

33 Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'.

34 Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè; mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon.

35 Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo.

36 Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou.

37 Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'.

38 Moun ki pa pran kwa l' pou l' swiv mwen, li pa kapab moun pa m' non plis.

39 Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò.

40 Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m' lan tou.

41 Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat.

42 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.

Jezi voye apot li yo al nan yon misyon

(Mak 3:13-19; 6:7-13; Lik 6:12-16; 9:1-6)

10 Jezi rele douz disip yo, li ba yo otorite sou tout move lespri, pou yo chase demon epi geri tout kalite maladi. Men non douz apot yo:

An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè)

epi frè li ki rele Andre,

Jak pitit Zebede

ansanm ak frè li Jan,

Filip ak Batèlmi,

Toma ak Matye,

pèseptè kontribisyon an,

Jak pitit Alfe ak Tade,

Simon, zelòt la ak

Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi Jezi.

Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten. Ale sèlman nan zòn kote Juif yo ye. Yo tankou yon bann mouton ki pèdi patiray. Ale di yo: Wayòm syèl la pa lwen. Geri malad yo. Resisite moun mouri. Geri moun ki gen lèp yo. Chase demon. Nou resevwa gratis, bay moun gratis. Nou pa bezwen pote lajan pòch. 10 Nou pa bezwen pote sak pwovizyon. Nou pa bezwen pote rad derechany oswa sandal pou n mete. Nou pa bezwen pote baton. M di nou sa, paske ouvriye a merite salè li.

11 Lè nou antre nan yon gwo vil oswa yon ti vil, chache konnen kay ki moun serye nou ka desann, epi rete la jouktan nou kite zòn sa a. 12 Lè n ap antre nan yon kay, se pou nou di: Lapè! 13 Si moun ki nan kay la byen resevwa w, se moun ki merite salitasyon lapè w pote a. Lapè w la ap rete nan kay la. Men, si yo mal resevwa w, yo pa merite menm salitasyon lapè w la. Lapè a ap retounen vin jwenn ou. 14 Lè yo pa vle resevwa nou nan yon kay oubyen nan yon vil, lè yo pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo. 15 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm ak Gomò.[a]

Jezi avèti disip yo sou kèk moman difisil

(Mak 13:9-13; Lik 21:12-17)

16 Fè atansyon! M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou. Se pou nou entèlijan tankou koulèv, se pou nou pèzib tankou pijon. 17 Fè atansyon! Yo gen pou yo arete nou, jije nou nan tribinal. Yo gen pou yo bat nou nan sinagòg. 18 Nou gen pou n al jije devan wa ak gouvènè poutèt nou se disip mwen. Temwanye pou mwen devan yo ak devan payen yo. 19 Lè yo arete nou, nou pa bezwen ap kraze tèt nou sou kisa nou pral di oubyen kijan nou pral di l. Lè lè a rive pou n pale, pawòl ap vin nan bouch nou san pwoblèm. 20 Se pa vrèman nou menm ki pral pale, se Lespri Papa nou ki nan nou ki pral pale.

21 Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 22 Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen. 23 Lè y ap maltrete nou nan yon vil, al pran refij nan yon lòt. Mwen ba nou garanti nou p ap gen tan pran refij nan tout vil nan peyi Izrayèl anvan Pitit Lòm nan retounen.

24 Yon elèv pa pi fò pase pwofesè l. Ni, esklav la pa pi enpòtan pase mèt li. 25 Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil,[b] nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.

Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun

(Lik 12:2-7)

26 Nou pa bezwen pè moun sa yo. Pa gen anyen ki kache ki p ap dekouvri yon jou. Pa gen anyen sekrè ki p ap devwale. 27 Sa m ap di nou an prive, nou mèt di l devan tout moun. Sa m ap di nou nan zòrèy, nou mèt monte sou tèt yon kay pou repete l byen fò.

28 Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a men ki pa ka fè nanm lan anyen. An nou pè Bondye pito, li menm ki ka detwi ni kò a ni nanm lan nan dife lanfè. 29 Gen zwazo ki tèlman piti, ou ka vann yon pè pou yon ti kòb ki pa itil anyen. Poutan pa gen youn nan ti zwazo sa yo ki ka tonbe atè san pèmisyon Papa a. 30 Bondye konte menm ata konbyen pye cheve ki nan tèt ou. 31 Ou pa bezwen pè, paske ou gen plis valè pase anpil ti zwazo.

Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w

(Lik 12:8-9)

32 Nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di se moun mwen li ye, mwen ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: moun sa a se moun mwen. 33 Men nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di li pa rekonèt mwen, m ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: mwen pa rekonèt li non plis.

Swiv Jezi ka pote anpil pwoblèm

(Lik 12:51-53; 14:26-27)

34 Pa mete nan tèt nou mwen vin pote lapè sou latè. Mwen pa vin pote lapè, mwen pote latwoublay. 35 Mwen vini pou m

mete dozado papa ak pitit gason l,
    manman ak pitit fi l,
    bèlmè ak bèlfi l.
36 Se pwòp fanmi yon nonm ki pral fè l lènmi.[c]

37 Nenpòt moun ki renmen manman l ak papa l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. Nenpòt moun ki renmen pitit gason l oswa pitit fi l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. 38 Nenpòt moun ki pa pare pou l mouri sou lakwa poutèt l ap swiv mwen pa diy pou l se disip mwen. 39 Moun k ap chache konsève lavi l ap gen pou yo pèdi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen ap gen pou jwenn vrè lavi a.

Bondye ap beni moun ki byen resevwa w

(Mak 9:41)

40 Nenpòt moun ki resevwa w, se mwen menm yo resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m resevwa sila a ki voye m nan. 41 Nenpòt moun ki resevwa yon pwofèt paske l se pwofèt ap resevwa rekonpans yon pwofèt. Nenpòt moun ki resevwa yon moun fidèl paske l fidèl ap resevwa rekonpans yon moun fidèl. 42 Nenpòt moun ki bay youn nan pi piti pami disip mwen yo yon vè dlo frèt, li p ap janm pèdi l.”

Footnotes

  1. 10:15 Sodòm ak Gomò Se 2 vil nan Ansyen Testaman ki te repite anpil poutèt mechanste ak imoralite yo. Bondye te detwi yo ak dife depi nan tan Abraram. Gade nan Jen 19.
  2. 10:25 Bèlzebil Se non yo te bay chèf denmon yo.
  3. 10:35-36 Gade nan Mi 7:6.