Add parallel Print Page Options

Ki kòmandman ki pi Empòtan?

(Mat 22:34-40; Lik 10:25-28)

28 Youn nan direktè Lalwa yo te tande diskisyon an. Li te wè Jezi byen reponn Sadiseyen yo. Lè sa a, li vin kote l, li mande l: “ki pi gran kòmandman ki gen?”

29 Jezi reponn li: “Kòmandman ki pi gran an se: Koute, Izrayèl! Senyè Bondye nou an, se sèl Senyè. 30 Renmen Senyè a, Bondye ou a ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse w, epi ak tout fòs ou.[a] 31 Dezyèm nan se: Renmen pwochen w[b] menm jan ak pwòp tèt ou.[c] Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase yo.”

32 Lè sa a, direktè Lalwa a di li: “Ou gen rezon, Mèt. Bondye nou an se sèl Bondye. Pa gen lòt kon li. 33 Nou dwe renmen li ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou, epi ak tout fòs nou; epi renmen pwochen nou menm jan ak pwòp tèt nou. Sa gen plis valè pase tout ofrann ak sakrifis nou ka ofri ba li.”

34 Lè Jezi wè li reponn ak sajès, li di l konsa: “Ou pa twò lwen wayòm Bondye a.” Apre sa, pa t gen direktè Lalwa ki te brav ase pou oze poze l kesyon ankò.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:29-30 Sitasyon sa a soti nan Det 6:4-5.
  2. 12:31 pwochen w Pwochen oubyen “Lòt moun”. Sa Jezi ansye nan Lik 10:25-37 montre aklè sa vle di nenpòt moun ki nan bezwen.
  3. 12:31 Sitasyon sa a soti nan Lev 19:18.