Add parallel Print Page Options

Jezi delivre yon nonm anba move lespri

(Mat 8:28-34; Lik 8:26-39)

Jezi ak disip li yo ale lòt bò lak la nan peyi Jerazenyen[a] yo. Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi. Nonm nan te rete nan tonm yo, okenn moun pa t ka mare l ankò, pa menm ak chenn. Souvan yo te anchene pye l ak men l, men li kase chenn yo. Pa t gen yon moun ki te gen fòs ase pou metrize l.[b] Lajounen kou lannuit nonm nan te nan tonb yo epi sou mòn yo ap rele byen fò epi l ap blese kò l ak wòch.

Pandan Jezi te byen lwen ap vini, nonm lan wè li. Li kouri vin sou Jezi epi li mete ajenou devan l. 7-8 Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”

Jezi mande nonm nan: “Kijan ou rele?”

Nonm lan di li: “Mwen rele Lejyon,[c] paske nou anpil.” 10 Movèzespri yo nan tèt nonm lan t ap soupriye Jezi anpil pou l pa t mete yo deyò nan zòn sa a.

11 Toupre a, te gen yon twoupo kochon ki t ap manje sou yon ti mòn. 12 Movèzespri yo di Jezi: “Voye nou sou kochon sa yo pito. Kite nou antre nan yo.” 13 Jezi pèmèt yo fè sa. Movèzespri yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo te anviwon 2,000 konsa.

14 Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. Pèp la te vin gade sa k te rive. 15 Yo vin kote Jezi epi yo wè nonm ki te ranpli ak demon an. Li te chita byen pwòp epi li te gen rad sou li. Li te gen tout bon lespri l sou li. Lè moun yo wè sa, yo te pè anpil. 16 Moun sa yo ki te wè aksyon an eksplike lòt moun sa ki te rive nonm ki te gen demon sou li a. Yo rakonte tou sa ki rive kochon yo. 17 Alò moun nan zòn te kòmanse mande Jezi pou li kite zòn nan.

18 Pandan Jezi ta pral monte nan bato a, nonm ki te gen demon sou li a di Jezi: “Èske m kapab akonpanye w?” 19 Men Jezi pa t kite l fè sa, Jezi di li: “Retounen lakay moun pa w yo, di yo tout sa Bondye fè pou ou, di yo kijan Bondye gen mizerikòd pou ou.”

20 Konsa nonm nan ale, epi li kòmanse rakonte nan tout zòn yo rele dis vil yo sa Jezi fè pou li. Tout moun ki te tande l te sezi.

Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam

(Mat 9:18-26; Lik 8:40-56)

21 Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la. 22 Yon lidè nan sinagòg la yo rele Jayiris vin kote Jezi. Lè li wè Jezi, li tonbe nan pye l. 23 Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, konsa li va geri, li va viv.”

24 Se konsa Jezi ale avèk Jayiris. Yon gwo foul moun t ap swiv li; moun yo t ap pouse youn lòt.

25 Nan mitan foul la te gen yon madanm ki soufri ak yon emoraji depi douzan. 26 Doktè yo te fèl soufri anpil. Li te depanse tou sa li te posede. Poutan sante l pa t vin miyò, okontrè se pi mal li te vin pi mal.

27 Lè li te tande pale de Jezi, li pase pa dèyè epi li touche rad Jezi, 28 paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!” 29 E la pou la, emoraji a rete, epi li santi nan kò li maladi a geri. 30 Nan menm moman an, Jezi santi yon puisans ki sòti nan li. Li vire gade foul la epi li di: “Ki moun ki manyen rad mwen an?”

31 Disip yo di li: “Ou wè tout foul moun sa ap pouse epi ou ap mande ki moun ki manyen rad mwen?”

32 Men Jezi kontinye ap gade pou wè ki moun ki te manyen li. 33 Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè. 34 Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”

35 Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”

36 Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.”

37 Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. 38 Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. 39 Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” 40 Moun ki te la yo pete ri Jezi.

Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a. 41 Jezi pran men timoun nan epi li di li: “Talita koum” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!” 42 La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi. 43 Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.

Footnotes

  1. 5:1 Jerazenyen Kèk kopi nan lang Grèk genyen “Gadarenyen”, lòt ankò “Jegazenyen”.
  2. 5:4 metrize l Lè you moun te gen yon konpòtman etranj se te yon wont pou fanmy li. Konsa yo te konn eseye “trete” yo. Kèk doktè te kwè lè yo te mete moun nan chenn oubyen mare yon moun fou, se te yon bon mwayen pou chache gerizon li.
  3. 5:9 Lejyon Non sa a vle di anpil anpil. Yon lejyon se te yon rejiman ki te gen 6,000 sòlda nan lame Women an.