Add parallel Print Page Options

13 ¶ Antan Jezi t'ap soti nan tanp lan, yonn nan disip li yo di l' konsa: -Mèt, gade. Ala de bèl wòch! Ala yon gwo batisman!

Jezi reponn li: -Ou wè gwo batisman sa a: yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè.

Jezi te chita sou mòn Oliv la, vizaviz ak tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te pou kont yo avèk li. Yo poze l' keksyon sa a:

-Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive?

¶ Lè sa a Jezi pran di yo: -Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.

Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.

Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.

Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi; va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.

Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo.

10 Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo.

11 Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.

12 Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo.

13 Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.

14 ¶ Nou gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l' pa t' dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn.

15 Moun ki va sou tèt kay yo va kouri met deyò san yo p'ap bezwen antre pran zafè yo.

16 Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay yo pou pran rechanj yo.

17 Lè sa a, se p'ap de lapenn pou fanm ansent ak nouris yo.

18 Lapriyè Bondye pou bagay sa yo pa rive nan tan fredi.

19 Paske lè sa a, n'a wè yon lafliksyon moun poko janm wè, depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè jouk koulye a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.

20 Si Mèt la pa t' deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap sove. Men, li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi pou la ak li yo.

21 Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Gade, men li lòt bò a, pa kwè li.

22 Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.

23 Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans.

24 ¶ Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalen lan p'ap bay limyè.

25 Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble.

26 Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.

27 m'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.

28 ¶ Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen lete sou nou.

29 Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye te voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la.

30 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.

31 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.

32 Pesonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.

33 Kenbe kò nou; pa kite dòmi pran nou; paske nou pa konnen ki lè lè a va rive.

34 Se tankou lè yon nonm pati li al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l' pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè; li bay gadyen pòt la lòd pou l' pa dòmi.

35 Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten.

36 Si l' rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi.

37 Sa m' di nou la a, mwen di l' pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.

Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive

(Mat 24:1-25; Lik 21:5-24)

13 Pandan Jezi t ap kite tanp lan, youn nan disip li yo di l: “Mèt ala bèl wòch! Ala bèl konstriksyon!”

Jezi reponn yo: “Nou wè gwo konstriksyon sa yo, pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”

Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo. Yo mande l: “Di nou non, ki lè bagay sa yo gen pou rive? E ki siy k ap montre nou bagay sa yo prèt pou rive?”

Lè sa a Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la,[a] y ap rive twonpe anpil moun konsa. Lè nou pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive, men se poko lafen an sa. Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen tranblemanntè ak grangou toupatou. Bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.

Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj. 10 Anvan lafen an rive, fòk Levanjil la preche nan tout nasyon yo. 11 Kelkeswa lè yo arete nou, mennen nou nan tribinal, pa fatige kò nou sou sa nou gen pou n di, di sa nou jwenn nan moman an, paske se pa nou ki gen pou pale, men se Sentespri a.

12 Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 13 Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove.

14 Lè nou wè bagay ki tèrib la, sila a k ap detwi tout bagay la,[b] tabli nan plas ki pa fèt pou li a, nou menm k ap li, nou menm k ap li, se pou n byen pran sans sa n ap li a. Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 15 Moun ki sou tèt kay yo p ap bezwen desann pou antre pran afè yo anndan kay la. 16 Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.

17 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris. 18 Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive pandan livè. 19 Paske dezas ki gen pou rive nan jou sa a ap pi grav pase tout sa ki te rive deja depi Bondye te kreye lemonn. Epi p ap janm gen yon lòt tankou l. 20 Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout poutèt moun li chwazi yo.

21 Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l.[c] 22 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 23 Alò, fè atansyon. M di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.

Lè Jezi va retounen sou latè

(Mat 24:29-51; Lik 21:25-36; 19:12-13,40)

24 Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a,

Solèy la pral vin tou nwa,
    lalin nan ap sispann klere.
25 Zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
    epi puisans nan syèl yo pral tranble.[d]

26 Lè sa a, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 27 Epi Pitit Lòm nan va voye anj li yo nan kat kwen latè rasanble moun pa l yo kelkeswa kote yo.

28 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 29 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 30 An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 31 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen p ap janm pase.

32 Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen. 33 Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.

34 Se tankou yon moun ki pati pou yon vwayaj. Li kite kay li, epi li bay sèvitè l yo responsablite, chak moun gen zafè pa yo. Epi li bay gadyen an lòd poul veyatif. 35 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap tounen. Nou pa konnen si l ap retounen apremidi, aminui, avanjou, oubyen nan maten. 36 Si l vini sanzatann, pa kite l jwenn ou ap dòmi. 37 Sa m ap di nou la a, se sa m di tout moun: rete veyatif!”

Footnotes

  1. 13:6 Kris la Literalman, “moun espesyal la”, sa vle di wa Bondye chwazi epi li voye a. Gade nan Mat 24:5.
  2. 13:14 sila a k ap detwi tout bagay la Gade nan Dan 9:27; 11:31; 12:11.
  3. 13:21 Pa okipe l Literalman, “pa kwè l”.
  4. 13:24-25 Gade nan Eza 13:10; 34:4.