Add parallel Print Page Options

Jezi pale sou kesyon divòs

(Mat 19:1-12)

10 Apre sa Jezi kite zòn nan, l ale nan Jide ak nan rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Menm jan ak lòt fwa yo, anpil moun t ap swiv li, epi jan li te konn fè l deja a, li anseye yo.

Kèk Farizyen te vini tou, epi yo mande l: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse ak madanm li?” Yo te mande l sa paske yo te vle pase Jezi yon tès.

Jezi reponn yo: “Kisa Moyiz kòmande nou pou n fè?”

Farizyen yo di: “Moyiz pèmèt yon nonm ekri yon papye divòs pou li kite ak madanm li.”[a]

Jezi di yo: “Moyiz ekri lwa sa paske tèt nou di, nou refize aksepte ansèyman Bondye a. Men lè Bondye te kreye lemonn, se pa yon gason ak yon fi l te kreye?[b] Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.[c] Yo pa de ankò, men yon sèl. Konsa, yo pa de ankò, yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.”

10 Pita, lè disip yo te nan kay la ak Jezi ankò, yo poze l kesyon sou zafè divòs la. 11 Li di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, epi ki marye ak yon lòt fi, li komèt adiltè kont madanm li. 12 Menm jan an tou, si fi a ta divòse ak mari l, epi li marye ak yon lòt gason, li komèt adiltè.”

Jezi resevwa timoun yo

(Mat 19:13-15; Lik 18:15-17)

13 Moun yo te pote yon ekip timoun bay Jezi pou l te ka mete men sou tèt yo pou l beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. 14 Lè Jezi wè sa k t ap pase a, li te vin fache epi li di yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble ak timoun sa yo. 15 An verite, mwen di nou: Nenpòt moun ki pa aksepte Wayòm Bondye a tankou jan yon timoun aksepte tout bagay, li p ap ka antre ladan l.” 16 Apre sa, Jezi pran timoun yo nan bra l, li touche yo ak men l, epi li beni yo.

Yon nonm rich refize swiv Jezi

(Mat 19:16-30; Lik 18:18-30)

17 Pandan Jezi te sou wout nan yon vwayaj, yon nonm kouri vin devan l, li mete ajenou nan pye l, epi nonm nan di l: “Bon mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?”

18 Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon. 19 Ou konnen kòmandman yo: Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou moun, pa twonpe moun, onore manman w ak papa w.”[d]

20 Nonm nan di: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo deja depi m te tou piti.”

21 Jezi gade nonm nan yon jan ki fè ou wè li renmen l. Jezi di li: “Bon, gen yon sèl bagay ou rete pou ou fè ankò, al vann tout sa ou genyen, bay pòv lajan an, konsa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”

22 Sa Jezi di a te fè nonm nan tris anpil epi l ale nan lapenn, paske li te gen anpil richès.

23 Apre sa, Jezi gade disip yo, li di yo: “Li p ap fasil non pou moun ki rich antre nan wayòm Bondye a.”

24 Disip yo te sezi lè yo te tande Jezi di sa, men li kontinye pou l di yo: “Timoun mwen yo, li pa fasil[e] ditou pou moun antre nan wayòm Bondye a! 25 L ap pi fasil pou yon chamo pase nan yon twou je yon zegwi pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”

26 Disip yo te pi sezi ankò, alò youn t ap di lòt: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”

27 Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.”

28 Pyè di Jezi: “Nou te kite tout bagay pou n swiv ou.”

29 Jezi di: “Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt mwen ak pou Levanjil la 30 li gen pou l resevwa san fwa plis pase sa li te kite yo. Nan mond sa a menm, li va gen plis kay, plis frè, plis sè, plis manman, plis pitit ak plis byen. Men y ap genyen pèsekisyon tou; epi nan lòt mond k ap vini an l ap jwenn lavi ki p ap janm fini an.” 31 Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.

Jezi pale sou lanmò li ankò

(Mat 20:17-19; Lik 18:31-34)

32 Yo te sou wout pou al Jerizalèm, epi Jezi t ap mache devan yo. Disip li yo t ap poze tèt yo kesyon sou kisa ki pral rive, epi rès foul la te pè anpil. Jezi rele douz apot yo akote epi li kòmanse rakonte yo sa ki pral rive l Jerizalèm. 33 Li di yo: “Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò epi yo pral livre l nan men payen yo, 34 yo pral pase l nan betiz, epi yo pral krache sou li. Yo pral bat li avèk fwèt, epi y ap touye l. Men sou twa jou apre l mouri, l ap resisite.”

Jak ak Jan mande yon favè

(Mat 20:20-28)

35 Apre sa, Jak ak Jan pitit gason Zebede yo te vini kote Jezi epi yo di li: “Mèt nou ta vle ou fè yon bagay pou nou.”

36 Jezi mande yo: “Kisa nou vle m fè?”

37 Mesye yo di: “Pèmèt nou ka jwi nan gwo lonè ou ap genyen lè ou wa a. Pèmèt nou pou youn chita sou bò dwat ou epi lòt la sou bò goch ou.”

38 Jezi di: “Mesye, m pa kwè nou konprann sa n ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode[f] mwen pral bwè a? Èske nou ka batize[g] nan menm batèm avè m?”

39 Jak ak Jan reponn: “O wi, nou kapab!”

Jezi di yo: “Se vre, nou gen pou n bwè nan gode mwen dwe bwè a, nou gen pou nou batize nan menm batèm avè m. 40 Men kanta pou chita adwat mwen osinon agoch mwen, se pa mwen ki deside sa. Bondye te pare plas sa yo pou moun li chwazi.”

41 Lè dis lòt disip yo te tande sa Jak ak Jan t al mande a, yo te fache anpil ak yo. 42 Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf k ap kòmande nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. 43 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. 44 Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. 45 Paske menm Pitit Lòm nan pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”

Jezi geri yon avèg

(Mat 20:29-34; Lik 18:35-43)

46 Apre sa yo ale nan vil Jeriko. Pandan l ap kite vil la ak disip li yo epi ak yon gwo foul moun, pitit Time a (Batime), yon avèg te chita bò wout la. 47 Lè l tande se Jezi, nonm Nazarèt la, ki t ap pase, li kòmanse rele byen fò: “Jezi, Pitit gason David la, tanpri ede m.”

48 Yon pakèt moun t ap fè presyon sou avèg la pou l pe bouch li, men li rele pi fò ankò, “Pitit gason David la, tanpri pote m sekou!”

49 Jezi kanpe epi li di: “Rele l.”

Yo rele avèg la epi yo di l: “Pran kouraj! Leve, Jezi ap rele w.” 50 Avèg la kanpe rapid, li kite vye rad li yo epi li tounen ale kote Jezi te ye a.

51 Jezi mande nonm nan: “Kisa ou vle m fè pou ou.”

Li reponn: “Mèt, mwen vle wè ankò.”

52 Jezi di: “Ale, ou geri paske ou kwè.” La menm, nonm nan te kapab wè, epi li swiv Jezi sou wout la.

Footnotes

  1. 10:4 Gade nan Det 24:1.
  2. 10:6 Sitasyon sa a soti nan Jen 1:27; 5:2.
  3. 10:8 Sitasyon sa a soti nan Jen 2:24.
  4. 10:19 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:12-16; Det 5:16-20.
  5. 10:24 li pa fasil Kèk ansyen kopi nan lang Grèk genyen “difisil pou moun ki met lafwa yo nan richès.”
  6. 10:38 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive. Gade tou nan vèsè 39 la.
  7. 10:38 Èske nou ka batize Mo sa a toujou vle di “plonje nan dlo”, men isit la li gen yon sans espesyal. Li vle di “kouvri” oubyen “antere” anba tray, pwoblèm. Gade tou nan vèsè 39 la.