Add parallel Print Page Options

Èske Mesi a se pitit David?

(Mat 22:41-46; Mak 12:35-37)

41 Apre sa, Jezi di yo: “Pouki sa moun di Mesi a se pitit David li ye? 42 Se David menm ki di nan liv Sòm yo:

Senyè Bondye di Senyè mwen:
Chita sou bò dwat mwen,
43     jouktan m fè lènmi w yo
    tonbe anba pouvwa w.[a][b]

44 Si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”

Read full chapter

Footnotes

  1. 20:43 jouktan m … pouvwa w Literalman, “jouktan mwen fè lènmi w yo tounen yon ti ban pou mete pye w”.
  2. 20:43 Sitasyon sa a soti nan Sòm 110:1.