Add parallel Print Page Options

Jezi geri sèvitè yon Ofisye

(Mat 8:5-13; Jan 4:43-54)

Lè Jezi fin di pèp la tout pawòl li te gen pou di yo, li antre nan vil Kapènawòm. Te gen yon chèf nan lame Women an ki te gen yon esklav li te renmen anpil, esklav la te malad, prèt pou mouri. Lè chèf la te tande pale de Jezi, li voye kèk nan lidè Jwif yo al mande Jezi pou l vin geri esklav la pou li. Lè mesye yo te rive kote Jezi, yo sipliye li pou l fè sa pou chèf la. Yo di li, “Li merite sa.” Paske li renmen nasyon nou an epi li te peye lajan l pou fè bati yon sinagòg pou nou.

Jezi te pran wout la pou ale ak yo. Lè l te prèske rive nan kay la, chèf nan lame Women an voye kèk zanmi al kote Jezi pou di li: “Senyè, ou pa bezwen bay tèt ou traka. Mwen pa merite pou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pa kwè mwen ase bon pou m parèt devan w. Sèlman di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri. Paske mwen menm tou mwen gen otorite sou tèt mwen epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn ‘Ale,’ li ale. Lè m di yon lòt ‘Vini,’ li vini. Lè m di sèvitè m ‘Fè tèl bagay,’ li fè l.”

Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te etone. Li vire gade foul moun ki t ap swiv li a, epi li di yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”

10 Lè moun chèf la te voye kot Jezi yo retounen lakay, yo jwenn sèvitè a geri.

Jezi resisite pitit gason yon vèv Nayin

11 Nan demen, Jezi t ap vwayaje ale nan yon vil yo rele Nayin. Disip li yo ansanm ak yon gwo foul t ap vwayaje ansanm ak li. 12 Etan l ap rive nan pòt lavil la, Jezi wè y ap pote yon kadav, sèl pitit gason vèv la te genyen. Anpil moun lavil la te akonpanye madanm nan ak kadav la. 13 Lè Senyè a wè madanm nan, li te gen konpasyon pou li epi li di li: “Pa kriye.” 14 Jezi pwoche pi pre, li manyen sèkèy la. Menm lè a, mesye yo ki t ap pote sèkèy la rete kanpe anplas, epi Jezi di: “Jèn gason, mwen di w leve!” 15 Menm kote a, jèn nonm ki te mouri a leve chita epi li kòmanse pale. Jezi remèt li bay manman li.

16 Yon gwo laperèz te anvayi tout moun yo. Yo t ap glorifye non Bondye. Yo t ap di: “Yon gran pwofèt resisite nan mitan nou.” Yo t ap di tou: “Bondye vizite pèp li a.”

17 Nouvèl la te gaye nan tout teritwa Jide a ak nan tout rejyon ozalantou yo.

Janbatis voye poze Jezi yon kesyon

(Mat 11:2-19)

18 Disip Janbatis te rakonte l tout bagay sa yo tou. Konsa, li rele de nan disip li yo. 19 Li voye yo al poze Senyè a kesyon sa a: “Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?”

20 Mesye yo vini kote Jezi epi yo di li: “Janbatis voye nou vin poze w kesyon sa a: Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?”

21 Lè sa Jezi t ap geri anpil malad ansanm ak anpil moun enfim. Li t ap chase move lespri epi li t ap fè anpil avèg wè ankò. 22 Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande. Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud yo tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la. 23 Benediksyon pou tout moun ki pa gen dout sou mwen!”

24 Pandan mesaje Janbatis yo t aprale, Jezi kòmanse pale ak foul la konsènan Janbatis. “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? 25 Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? Nou konnen byen moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè yo se nan palè nou jwenn yo. 26 Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. 27 Men sa ki ekri nan Bib la sou li:

Men m ap voye mesaje m nan devan w.
    L ap prepare chemen an devan w.[a]

28 M ap di nou sa: Nan pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis.”

29 Tout moun ki te resevwa batèm Janbatis la te rekonèt plan Bondye a te bon, lè yo te tande ansèyman Jezi yo. Menm pèseptè kontribisyon yo te rekonèt epi resevwa batèm Janbatis la. 30 Men, Farizyen ansanm ak doktè lalwa yo te derefize aksepte plan Bondye pou yo. Yo pa t dakò resevwa batèm Janbatis la.

31 “A kisa m te ka konpare moun k ap viv nan tan alèkile yo? A kisa yo sanble menm? 32 Yo tankou yon bann timoun ki chita sou plas piblik k ap rele youn lòt pou di:

Nou jwe mizik ak flit pou nou,
    nou pa danse.
Nou chante chan ki tris pou nou,
    nou pa kriye.

33 Janbatis vini li pa ni manje pen ni li pa bwè diven, nou di li gen yon denmon sou li. 34 Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun movèz repitasyon. 35 Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan pitit li yo.”

Jezi ak yon fi ki t ap mennen movèz vi

36 Youn nan Farizyen yo te mande Jezi pou vin manje ak li. Jezi antre lakay Farizyen an epi li pran plas li bò tab la pou l manje.

37 Te gen yon fi nan vil sa a ki t ap mennen movèz vi. Fi sa a te konnen Jezi t ap manje lakay Farizyen an. Konsa, li vini avèk yon boutèy ki te fèt ak yon wòch ki te gen anpil valè.[b] Boutèy la te plen pafen. 38 Li mete kò l yon jan pa dèyè bò pye Jezi epi li t ap kriye. Li mouye pye Jezi ak dlo je li epi li siye yo ak cheve nan tèt li. Li tonbe bo pye Jezi epi li vide pafen an sou pye yo.

39 Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.”

40 Jezi reponn Farizyen an, li di li: “Simon, kite m di w yon bagay.”

Simon di li: “Pale non, Mèt.”

41 Jezi di: “Te gen de moun ki te dwe yon bankye lajan. Youn te dwe senk san (500) goud epi lòt la te dwe senkant (50) goud. 42 Toulede mesye yo pa t gen mwayen ditou pou peye dèt yo. Bankye a te fè pa yo. Li efase dèt yo. Ki lès nan de mesye sa yo ou panse k ap renmen bankye a plis?”

43 Simon reponn: “M panse se moun li efase pi gwo dèt la pou li a.”

Jezi di li: “Ou byen reponn.” 44 Apre sa Jezi vire gade fi a, epi li di Simon konsa: “Ou wè dam sa a? M te antre lakay ou, ou pa t banm dlo pou m lave pye m; men li menm, li lave pye m ak dlo je li epi li siye yo ak cheve li. 45 Ou pa t bo m; men li menm, depi mwen antre la a, li pa sispann bo pye m. 46 Ou pa t vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide pafen santi bon sou pye m. 47 Se poutèt sa, mwen di ou, peche l yo ki anpil vre jwenn padon. Se sa k fè li fè tout bagay sa yo pou montre jan li renmen anpil. Moun yo padone ti kras ap renmen yon ti kras tou.”

48 Apre sa Jezi di li: “Peche w yo padone!”

49 Lè sa a, moun yo ki te chita bò tab la kòmanse di youn lòt: “Ki lès nonm sa a panse l ye menm pou l ta padone peche moun?”

50 Jezi di fi a konsa: “Poutèt ou kwè, ou delivre anba peche w yo. Ale ak lapè.”

Footnotes

  1. 7:27 Sitasyon sa a soti nan Mal 3:1.
  2. 7:37 wòch ki te gen anpil valè Literalman, “alabastè”. Se te yon kalite wòch ki te byen bèl yo te konn fè twou ladan l pou fè l sèvi kòm boutèy.