Add parallel Print Page Options

Sa ki vrè richès

16 Apre sa, Jezi di disip li yo: “Vwala se te yon nonm rich ki te gen yon administratè ki t ap jere byen l yo pou li. Yo vin fè nonm rich la konnen administratè a t ap fè piyay nan byen yo. Nonm rich la rele administratè a, li di l: Mwen aprann anpil move bagay de ou. Vin fè regleman avè m sou sa ou te fè ak lajan m yo, paske mwen p ap kite byen m yo anba men w ankò pou jere.

Konsa, administratè a tonbe reflechi. Li di nan kè l: Ki sa m ta fè la a, poutèt patwon an ap retire byen l yo nan men m? Mwen pa gen fòs pou travay tè epi se ta yon wont pou m ta tonbe nan mande charite? M konn sa m pral fè. M ap chache fè zanmi, dekwa pou lè m pèdi travay la zanmi sa yo ka resevwa m lakay yo.

Konsa, administratè a rele tout moun ki te dwe patwon an lajan, youn apre lòt. Li mande premye a: Konbyen ou te dwe mèt la? Li reponn: Mwen dwe san (100) bidon[a] lwil. Administratè a di li: Men papye kontra w yo, chita la, degaje w vit ekri senkant (50).

Apre sa, li mande yon lòt: E ou menm, konbyen ou dwe? Li reponn: Mwen dwe san (100) sak ble.[b] Lè sa a, administratè a di: Men papye kontra w yo, ekri katreven (80).

Patwon an fè move administratè a konpliman dèske li te aji ak tout ladrès sa a. Jounen jodi a, moun k ap viv nan fènwa yo parèt entèlijan nan jan y ap mennen biznis yo youn ak lòt plis pase moun k ap viv nan limyè Bondye a.”

Jezi di yo ankò: “Nou menm, men sa m ap di nou. Fè zanmi pou demen ak richès nou genyen sou latè. Pou lè bagay sa yo fin pase, y a resevwa nou nan yon kay k ap la pou tout tan. 10 Nenpòt moun ou ka fè konfyans nan ti bagay, ou ka fè l konfyans nan gwo bagay tou. Nenpòt moun ki malonnèt nan ti bagay, l ap malonnèt nan gwo bagay tou. 11 Si ou aji mal ak richès sou latè yo, ki moun k ap fè w konfyans ak vrè richès la? 12 Si yo pa ka fè w konfyans ak bagay ki pa menm pou ou, kijan yo ka fè w konfyans ak bagay ki rele w pa w.

13 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[c] anmenmtan.”

Lalwa Bondye a pa ka chanje

(Mat 11:12-13)

14 Farizyen yo t ap koute tout sa Jezi t ap di yo. Men, yo te pase Jezi nan betiz paske yo menm yo renmen lajan. 15 Men Jezi di yo: “N ap fè tèt nou pase pou moun k ap fè sa ki dwat devan je moun, men Bondye konnen vrè panse ki nan kè nou. Sa moun panse ki gen enpòtans bay Bondye degoutans nan kè li.

16 Anvan Janbatis te vini, Bondye te toujou anonse pèp la pou yo viv lavi sou baz sa lalwa Moyiz la ansanm ak ekri pwofèt yo te di. Men, depi Janbatis fin vini an se Bòn Nouvèl Wayòm Bondye a k ap preche epi moun ap fè anpil jefò pou yo antre ladan l. 17 Men, li t ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a ta pèdi.”

Divòs ak remaryaj

18 Yon nonm ki divòse ak madanm li epi ki marye ak yon lòt, li komèt adiltè. Yon nonm ki marye ak yon fi mari l te divòse ak li, li komèt adiltè tou.

Nonm rich la ansanm ak pòv Laza

19 Jezi di ankò: “Vwala se te yon nonm rich ki te toujou renmen abiye chè. Rad li te fèt ak bèl twal wouj ki koute chè ansanm ak len. Chak jou se te gwo fèt lakay li, epi se bon manje sèlman yo t ap manje. 20 Te genyen tou yon mandyan yo te rele Laza ki te toujou kouche bò papòt nonm rich la. Tout kò Laza te kouvri ak maleng. 21 Laza t ap byen renmen manje ti moso ki t ap tonbe soti sou tab nonm rich la. Menm chyen te konn ap vin niche maleng yo sou kò Laza.

22 Se konsa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram,[d] pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li. 23 Pandan nonm rich la te kote mò[e] yo ye a, nan mitan soufrans li, li voye je li, li wè Abraram byen lwen ansanm ak Laza chita nan plas donè bò kote l, nan yon fèt. 24 Lè sa a, li rele byen fò, li di: Papa Abraram, gen pitye pou mwen. Tanpri, voye Laza vin tranpe pwent dwèt li nan yon ti dlo pou l mete sou lang mwen, paske se pa ti soufri m ap soufri nan flanm dife sa a!

25 Men Abraram reponn li: Monchè, sonje ou te gentan resevwa tout bon bagay yo lè w te sou latè; epi Laza menm te nan pwoblèm ak soufrans. Kounye a li jwenn konsolasyon bò isit la, men ou menm ou ap soufri. 26 Fòk mwen di w tou, gen yon gwo twou san fon ki separe nou ansanm ak ou. Sa fè, pa gen mwayen menm pou yon moun ta sot isit la al jwenn ou lòtbò a, ni pou yon moun ta sot kote ou ye a pou vin jwenn nou bò isit la.

27 Lè sa a, nonm rich la di: Enben, si se pou sa, tanpri papa Abraram, voye Laza kay papa m sou latè. 28 Paske mwen gen senk (5) frè, pou l ka avèti yo pou yo pa vin isit la kote m ap soufri konsa a.

29 Men, Abraram di li: Yo gen lalwa Moyiz la ansanm ak sa pwofèt yo te ekri yo nan men yo, se pou yo aprann ladan yo.

30 Nonm rich la reponn: Non! Papa Abraram, yo p ap koute! Men, si youn nan mò yo al kote yo, y ap chanje lavi yo.

31 Men Abraram reponn: Si frè w yo p ap obeyi ni lalwa Moyiz la ni ekri pwofèt yo, yo p ap tande nonplis menmsi yon moun mouri ta leve vin pale ak yo.”

Footnotes

  1. 16:6 bidon Mo Grèk la batous, li soti nan lang Ebre bath, se yon kantite anviwon 8 galon oubyen 22 lit konsa.
  2. 16:7 sak ble Mo Grèk la korous, li soti nan lang Ebre cor, se yon kantite anviwon 58 galon oubyen 220 lit konsa.
  3. 16:13 richès Oubyen “mamon”. Se yon mo arameyen ki vle di “lajan” osinon “richès”.
  4. 16:22 plas … Abraram Literalman, “nan bra Abraram”, sa vle di yon plas donè nan yon gwo fèt nan wayòm Bondye a ki gen pou vini an, dapre sa ki ekri an Mat 8:11.
  5. 16:23 kote mò Literalman, “Hades”.