Add parallel Print Page Options

Jezi anseye kijan pou n lapriyè

(Mat 6:9-15)

11 Yon lè, Jezi t ap lapriyè yon kote. Lè Jezi te fin priye, youn nan disip li yo di li: “Mèt, montre nou kijan pou nou priye, menm jan Janbatis te montre disip pa l yo.”

Jezi di yo: “Lè n ap priye se pou nou di:

Papa, se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen.
    Vin etabli wayòm ou an.
Ban nou pou chak jou manje nou bezwen pou jounen an.
Padone peche nou yo,
    menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal.[a]
Epi pa kite nou tonbe anba tantasyon.”

Mande Bondye sa w gen bezwen

(Mat 7:7-11)

Apre sa, Jezi di yo: “Sipoze youn nan pami nou la a ta al kote yon zanmi l nan mitan lannuit, ou di l: prete m twa pen, paske m gen yon zanmi ki fèk rive lakay mwen la a soti an vwayaj epi m pa gen anyen pou m ta ba l manje. Epi pou zanmi an ta reponn ou: Monchè, kite m repo tande. Pòt mwen gentan fèmen, timoun mwen yo gentan kouche. Èske m ka nan leve la a ankò pou ba w anyen la a. M regrèt sa. M ap di nou sa: menmsi li pa ta vle leve pou ba w pen sèlman paske li se zanmi w, si ou pèsiste, ou kontinye frape nan pòt la, zanmi an ap leve pou ba w tout sa ou gen bezwen. Se sa k fè m ap di nou: Mande, epi Bondye ap ban nou. Chèche, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou. 10 Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li. 11 Kilès nan tout papa yo ki la a, si pitit gason w ta mande w yon pwason, k ap ba li yon koulèv si l mande yon pwason? 12 Oubyen si l ta mande w yon ze, ou t ap ba l yon eskòpyon alaplas ze li mande w la? Ou pa t ap fè sa. 13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa a ki nan syèl la ap bay Sentespri a kòm kado a tout moun ki mande li.”

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mat 12:22-30; Mak 3:20-27)

14 Yon lè, te gen yon moun ki gen yon denmon sou li ki te fè l bèbè. Jezi chase denmon an sou nonm nan. Lè denmon an te soti, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa. 15 Men, te gen kèk moun ki te di: “Se Satan,[b] chèf demon yo, ki ba li pouvwa pou l chase demon. Satan se chèf tout demon yo.”

16 Gen lòt menm ki te vle pran l nan pyèj. Yo mande l pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. 17 Men, Jezi ki te konnen ki panse yo te gen nan tèt yo, li di yo konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. 18 Menm jan an tou, si Satan leve kont pwòp tèt li, li divize. Ki jan pou wayòm li fè kontinye kanpe? M di nou sa paske nou di se Bèlzebil ki banm puisans pou m chase denmon yo. 19 Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. 20 Men okontrè si se pouvwa Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye deja tabli pami nou.

21 Lè yon nonm vanyan byen ame ap veye kay li, tout byen l yo ki nan kay la an sekirite. 22 Men, sipoze yon lòt ki pi vanyan pase l vin atake l. Sa k pi vanyan an ap ranpòte laviktwa sou li. L ap pran zam li yo ki te garanti sekirite kay la, apre sa, l ap separe byen nonm nan jan l pi pito.

23 Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.”[c]

Danje lè w rete vid

(Mat 12:43-45)

24 Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” 25 Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje. 26 Lè sa a li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan.

Moun Bondye beni yo

27 Pandan Jezi t ap pale pawòl sa yo, gen yon fi nan foul la ki pale byen fò, li di Jezi konsa: “Ala beni Bondye beni manman ki te pote w nan vant li epi ki te ba ou tete a.”

28 Men Jezi reponn ni: “Okontrè, moun ki beni se moun ki tande pawòl Bondye epi ki obeyi li.”

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mat 12:38-42; Mak 8:12)

29 Pandan foul la te kontinye ap gwosi, Jezi di yo konsa: “Ala moun yo mechan se moun alèkile yo. Y ap mande mirak ki pou sètifye travay mwen, men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[d] la. 30 Paske, menm jan Jonas te sèvi kòm yon siy pou pèp Niniv la, konsa tou Pitit Lòm nan va sèvi kòm yon siy pou moun nan jenerasyon sa a.

31 Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la[e] ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.

32 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.

Yon limyè k ap klere lemonn

(Mat 5:15; 6:22-23)

33 Pa gen moun k ap limen yon lanp pou l sere l nan yon ti kwen osinon anba yon bokit. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo. 34 Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè[f] pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. 35 Fè sèten ou se yon moun ki ranpli ak limyè olye fènwa. 36 Si ou ranpli ak limyè,[g] epi pa gen okenn pati nan ou ki kache nan fènwa, ou ap briye nèt tankou lè yon lanp ap klere chemen ou ak limyè li.”

Jezi kritike lidè relijye yo

(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 20:45-47)

37 Lè Jezi fin pale, yon Farizyen envite l vin manje ak li. Jezi ale, li antre lakay Farizyen an epi li chita bò tab la. 38 Farizyen an pa t manke sezi lè l wè Jezi pa t lave men[h] l anvan l manje. 39 Men, Jezi di Farizyen an konsa: “Nou menm Farizyen yo sa nou fè a se tankou yon moun ki netwaye deyò yon gode oubyen yon plat men anndan nou se lide vòlò, lide pran tout pou nou ak mechanste sèlman ki genyen. 40 Bann moun egare! Bondye ki kreye pati ki sou deyò a se li menm tou ki kreye anndan an. 41 Bay pòv yo sa w ta renmen gade pou ou menm. Lè sa a ou ap pwòp nèt.

42 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo, paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye sitwonèl ak lòt kalite plant nou yo. Men, kanta pou pratike lajistis, pou nou renmen Bondye, nou kale yo bèl vag. Tandiske se sa pou ne te fè, san n pa neglije lòt bagay yo tou.

43 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ki renmen pran plas devan nan sinagòg yo ak lè moun ap montre respè pou nou lè y ap salye nou nan mache yo. 44 Malè pou nou, paske nou tankou yon bann tonm ki pa make. Moun ap mache sou nou san yo pa konnen kijan nou malouk anndan nou.”

45 Apre sa, youn nan direktè Lalwa yo pran lapawòl li di: “Mèt, lè ou ap di bagay sa yo ou ensilte nou tou wi nou menm.”

46 Jezi reponn li: “Malè pou nou tou nou menm direktè Lalwa yo, paske nou fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo.[i] Alòske nou menm, nou p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande. 47 Malè pou nou paske nou bati bèl tonm pou pwofèt yo, men, se zansèt nou yo ki te touye yo. 48 Lè nou fè sa, nou montre nou dakò ak sa zansèt nou yo te fè, lè yo te touye pwofèt yo, paske yo te touye yo, nou menm nou bati tonm pou yo. 49 Se poutèt sa Bondye di nan sajès li: M ap voye pwofèt ak apot ba yo. Y ap touye kèk ladan yo epi y ap pèsekite rès yo.

50 Konsa, nou menm ki fè pati jenerasyon sa a, Bondye ap pini nou pou san tout pwofèt ki te koule depi okòmansman lakreyasyon pou jis kounye a. 51 L ap tankou se nou menm ki te touye soti sou Abèl pou rive sou Zakari,[j] sila a ki te mouri ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon nou an pou tout zak sa yo.

52 Malè pou nou, nou menm direktè Lalwa! Nou kenbe kle pou louvri pòt konesans pawòl la nan men nou. Epoutan nou pa aprann anyen ladan l pou tèt nou epi nou anpeche lòt moun aprann tou.”

53 Lè Jezi kite kote l te ye a, Skrib yo ak Farizyen yo te kòmanse ap di move pawòl sou li. Yo te tonbe kwense l ak kesyon pou wè si fè l di yon pawòl ki pa sa. 54 Yo t ap chache mwayen pou tann pyèj pou li, pou yo ta akize ak pawòl ki soti nan bouch pa li.

Footnotes

  1. 11:4 moun ki fè nou mal Oubyen “tout moun ki dwe nou yon bagay”.
  2. 11:15 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo. Se menm bagay nan vèsè 18 ak 19.
  3. 11:23 Yon moun … ap gaye Literalman, “Nenpòt moun ki rasanble ansanm ak mwen se gaye l ap gaye.”
  4. 11:29 Jonas Yon pwofèt nan Ansyen Testaman. Apre twa jou nan vant yon gwo pwason li te soti vivan. Lè sa a, li te ale lavil Niniv pou l te pote bay pèp la avètisman Bondye te voye.
  5. 11:31 rèn ki te sòti nannsid la Oubyen “rèn Cheba”. Li te vwayaje sou yon distans 1,600 km pou l te vin Jerizalèm pou l tande sajès Bondye nan bouch Salomon. Gade nan 1 Wa 10:1-13.
  6. 11:34 Zye w reprezante jan w gade moun. Jan w konsidere moun montre tou ki kalite moun ou ye.
  7. 11:36 ranpli ak limyè Gade nan vèsè 34. Yon moun ki ranpli ak limyè se yon moun ki jenere, ki dou.
  8. 11:38 lave men Nan kontèks pasaj sa a, lave men an se te yon koutim Jwif yo te genyen Farizyen yo te panse ki te enpòtan anpil.
  9. 11:46 oblije … obeyi yo Literalman, “Nou mete sou do pèp la fado ki byen lou, ki difisil pou yo pote.”
  10. 11:51 Abèl, Zakari Nan Ansyen Testamanan ki nan lang Ebre, Abèl se premye moun yo te touye, Zakari se dènye moun yo te touye. Gade nan Jen 4:8-11 ak 2 Kw 24:20-25.