Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read the Bible
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study Tools
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explorer More
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Bible Gateway Blog
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Jeremi 12  Haitian Creole Version

12 ¶ Ou menm Seyè, ou pa nan patipri. Mwen pa ka nan plede avè ou. Men, mwen ta renmen mande ou yon bagay sou sa w'ap fè a. Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa? Poukisa tout moun malonèt yo alèz konsa?

2 Ou plante yo, yo pran rasin. Yo grandi, yo donnen. Non ou toujou nan bouch yo! Men, nan kè yo, yo pa sou bò ou.

3 Men, ou menm Seyè, ou konn ki moun mwen ye, ou wè sa m'ap fè, ou wè jan m' renmen ou. Pote mechan yo ale tankou mouton y'ap mennen labatwa! Kenbe yo la jouk lè a va rive pou yo touye yo!

4 Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwezo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè.

5 Seyè a di: -Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze, kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann?

6 Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou.

7 ¶ Seyè a di ankò: -Mwen lage pèp Izrayèl la, mwen voye pèp mwen te chwazi a jete, mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo.

8 Pèp ki te rele m' pa m' lan vire do ban mwen. Tankou yon lyon nan gwo rakbwa, y'ap gwonde sou mwen. Se poutèt sa mwen pa vle wè yo ankò!

9 Pèp ki te rele m' pa m' lan tankou yon zwazo tout koulè, malfini sènen l' toupatou. Ale non! Sanble tout bèt nan bwa. Fè yo vini pran pa yo nan manje a!

10 Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete.

11 Yo fè l' tounen yon savann. Men, li la devan je m'. Li fini, san anyen ladan l'. Tout peyi a tounen yon dezè, san pesonn pa di anyen.

12 Moun soti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Seyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pesonn pa ka viv ak kè poze.

13 Yo plante ble, yo rekòlte pikan. Yo travay di, sa pa rapòte yo anyen. Yo wont, rekòt la pa bay anyen paske Seyè a move anpil.

14 ¶ Seyè a di ankò: -Men sa Seyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l' pa l' la: Mwen pral rache yo soti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo.

15 Men, lè m'a fin rache yo, m'a gen pitye pou yo. M'a fè yo tounen lakay yo, nan peyi yo.

16 Si lè sa a yo aprann viv byen tankou pèp mwen, si yo pran non m' pou fè sèman sa a: Nan non Seyè ki vivan an!, menm jan yo te moutre pèp mwen an pou li fè sèman nan non Baal, enben, lè sa a yo menm tou, y'a fè pati pèp mwen an, epi zafè yo va mache byen.

17 Men, si yon nasyon pa koute m', m'ap rache l', m'ap derasinen l', m'ap detwi li nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Next
Jeremi 11
Jeremi 13
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences