Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explore
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Jan 19  Haitian Creole Version

19 ¶ Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat.

2 Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li.

3 Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.

4 Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.

5 Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan!

6 Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm.

7 Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.

8 Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou.

9 Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li.

10 Lè sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fè yo kloure ou sou yon kwa?

11 Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou.

12 Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kòmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye.

13 Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l': Gabata).

14 Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an.

15 Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza.

16 ¶ Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale.

17 Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota).

18 Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo.

19 ¶ Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo.

20 Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk.

21 Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye.

22 Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt.

23 Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kou a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a.

24 Sòlda yo yonn di lòt: Nou p'ap chire rad sa a non. Ann tire osò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo tire osò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè.

25 Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a.

26 Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou.

27 Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.

28 Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.

29 Te gen yon veso plen venèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan venèg la, yo mare l' nan pwent yon branch bwa yo rele izòp, yo pwoche l', yo mete l' bò bouch Jezi.

30 Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.

31 ¶ Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo.

32 Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou.

33 Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gen tan mouri. Se sak fè yo pa t' kraze janm li yo.

34 Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a.

35 Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè.

36 Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li.

37 Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a.

38 ¶ Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale.

39 Nikodèm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odè yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil.

40 Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l' nan bann twal fin yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun.

41 Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pa t' ankò mete pesonn ladan li.

42 Se te lavèy jou repo jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sak fè, se la yo te mete kò Jezi a.

Next
Jan 18
Jan 20
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences