Add parallel Print Page Options

Jezi parèt sou sèt disip

21 Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile[a] a. Men kijan sa te pase: Simon Pyè, Toma yo te rele Didim[b] nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm. Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.”

Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen.

Bonè nan maten, Jezi kanpe bò dlo a, men disip yo pa t konnen se te Jezi. Li di yo: “Mesye m yo,[c] nou pa gen anyen ki ka manje?”

Yo reponn li: “Non.”

Li di yo: “Voye filè a bò dwat kannòt la, n ap jwenn kèk pwason.” Yo voye filè epi li te tèlman chaje ak pwason yo pa t kapab tire l.

Lè sa a, disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Senyè a!” Fini Simon Pyè fin tande se Senyè a, li foure rad sou li, li mare senti l, paske l pa t gen anyen sou li, li voye kò l nan lanmè a. Lòt disip yo vini avèk kannòt la, yo te rale filè a tou plen pwason, yo pa t lwen tè, yon san (100) mèt[d] konsa. Lè yo fin desann atè, yo wè dife bwa ki te gen pwason ap kuit sou li, epi te genyen kèk pen la tou. 10 Jezi di yo konsa: “Pote kèk nan pwason nou sot pran yo vini.”

11 Simon Pyè monte ankò nan kannòt la, li rale filè a atè, li te plen ak sansenkant twa gwo pwason. Epi menm avèk tout pwason sa yo, filè a pa t chire. 12 Jezi di yo konsa: “Mesye, vin manje.” Pa t gen youn nan disip yo ki te oze mande l ki moun li ye. Yo te konnen byen se te Senyè a. 13 Jezi vini, li pran pen, li ba yo. Li te fè menm bagay ak pwason an.

14 Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.

Jezi ap pale ak Pyè

15 Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen m plis pase moun sa yo?”

Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”

Lè sa a, Jezi di l: “Pran swen mouton[e] m yo.”

16 Yon dezyèm fwa, Jezi di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”

Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”

Jezi di l: “Se pou ou yon bèje pou mouton m yo.”

17 Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”

Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?”

Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.” 18 An verite, an verite, mwen di w, lè ou te jenn gason, ou te mare senti w, ou ale kote ou vle. Men lè w vin granmoun, ou ap lonje men w epi se yon lòt moun k ap mare senti w pou ou, epi yo va mennen ou kote w pa ta vle ale. 19 Jezi te pale konsa pou l te kapab fè konprann kijan Pyè ta gen pou l mouri pou fè lwanj pou Bondye. Apre pawòl sa a, Jezi di li: “Swiv mwen.”

20 Pyè voye je gade dèyè, li wè disip Jezi te renmen an dèyè l, disip ki te panche kò l sou Jezi lè yo t ap manje a epi ki te di: “Senyè, kilès k ap trayi w la?” 21 Lè l wè li, Pyè di Jezi: “E li menm, Senyè, kisa k ap rive l?”

22 Jezi reponn li: “Si m vle l rete vivan jouktan m vini, ki mele w sa? Ou menm, se swiv pou ou swiv mwen.”

23 Se pawòl sa yo yo te pran pou yo fè bri kouri pami frè yo pou di disip sa a pa t ap janm mouri. Men Jezi pa t janm di li pa t ap mouri, men: “Si mwen vle l rete jouktan m vini, ki mele w.”

24 Se disip sa a ki rakonte bagay sa yo, epi ki ekri yo. Nou konnen sa li di se verite a.

25 Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yo ta ekri yo youn apre lòt, m panse lemonn antye pa ta kapab kenbe tout liv yo ta ekri.

Footnotes

  1. 21:1 lanmè Galile Yo di “Lak Tiberyad” tou.
  2. 21:2 Didim Vle di “Jimo”.
  3. 21:5 Mesye m yo Nan lang grèk la, li di “Timoun mwen yo”, menm jan yon papa ap pale ak pitit li. Jan itilize menm mo sa a nan menm sans lan (1 Jan 2:18; 3:7). Se pou montre kijan Jezi te gen anpil afeksyon pou disip li yo.
  4. 21:8 yon san (100) mèt Literalman, “200 koude”.
  5. 21:15 mouton Jezi itilize mo sa a epi mo “brebi” nan vèsè 16 ak 17 pou pale de disip li yo, menm bagay nan John 10.