Add parallel Print Page Options

Ofri pwòp lavi w bay bondye

Èske w konnen ki kote dispit yo soti? Ki kote kont soti epi vini nan mitan nou? Èske yo pa soti nan yon bann move lanvi k ap batay anndan nou? Nou vle pou n posede yon pil bagay, epi nou pa kapab genyen yo. Lè sa a, nou prèt pou touye moun. Nou jalou, epi nou pa kapab genyen sa n ta vle genyen. Lè sa a, nou nan lit, n ap bat kò nou. Nou pa jwenn sa nou ta vle, paske nou pa mande Bondye l! Nou mande epi nou pa jwenn anyen. Se paske nou mal mande! Nou mande sèlman paske nou vle fè gaspiyaj nan pran plezi.

Nou pa fidèl ak Bondye! Nou ta dwe konnen sa, lè nou renmen bagay ki nan mond lan, otomatikman nou rayi Bondye. Konsa, tout moun ki vle zanmi ak mond sa a, li vin ènmi ak Bondye. Èske w panse Bib la pa di anyen? Li di: “Lespri Bondye fè abite nan nou an vle se pou li sèl pou nou ye.”[a] Men, gras Bondye fè nou an pi gran toujou. Paske Bib la di:

“Bondye opoze ak ògeye yo,
    men li fè moun ki enb yo gras.”[b]

Enben, livre lavi w bay Bondye pou obeyi l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l ap kouri ale byen lwen w. Pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche kote w tou. Netwaye lavi w, ou menm k ap komèt move zak yo. Retire peche nan lavi w,[c] ou menm k ap woule de bò ant Bondye ak mond lan. Pran konsyans lanmizè w, pran dèy, kriye, sispann ap ri, mete dlo nan je w pito, olye lajwa pito w chwazi tristès. 10 Bese tèt ou devan Senyè a, limenm l ap leve w.

Se pa ou menm ki jij la

11 Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa. 12 Se sèl Bondye ki bay lalwa epi se li sèl ki jij. Se Bondye sèl ki kapab delivre oubyen touye. Ou menm, kisa w ye, ou menm k ap jije pwochen w lan?

Kite Bondye planifye lavi w

13 Kounye a, fè atansyon, ou menm k ap di: “Jodi a oubyen demen, nou pral nan tèl ou tèl vil, n ap rete la en an. Nou pral fè kòmès, nou pral fè kòb.” 14 Poutan, ou pa menm konnen sa k ap rive demen. Lavi w, se menm jan ak yon ti nyaj. Li parèt pou yo ti tan, apre sa, li disparèt. 15 Okontrè, ou ta dwe di: “Si Senyè a vle, n ap viv epi n ap fè sa oubyen sa.” 16 Poutan, ou ògeye, ou pretansye. Lè w ap lwanje tèt ou konsa, se pa bon ditou. 17 Lè yon moun konnen sa ki byen pou l fè a, epi li pa fè l, sa se yon peche li komèt.

Footnotes

  1. 4:5 Lespri Bondye … pou nou ye Kèk lòt jan nou kapab tradui vèsè sa a: “Lanmou Bondye genyen pou lespri li fè rete nan nou an fò anpil.” Oubyen “Lespri natirèl li fè rete nan nou an plen ak plen ak lanvi pou sa lòt moun genyen.” Gade nan Egz 20:5.
  2. 4:6 Sitasyon sa a soti nan Pwo 3:34.
  3. 4:8 Retire peche nan lavi w Literalman, “lave men w yo.”