Add parallel Print Page Options

¶ Frè m' yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo.

Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l' byen tou.

Nou mete yon mò nan bouch chwal pou fè yo obeyi nou. Avèk sa, nou fè y ale kote nou vle.

Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l' gwo, gwo van te mèt ap pouse l', se yon ti gouvènay ki dirije li. Ak gouvènay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l'l kote l' vle.

Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa!

Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l', li mete dife nan tout lavi nou.

Moun ka donte tout kalite bèt, zwezo, bèt ki trennen sou vant, bèt ki nan lanmè. Li menm rive donte yo deja.

Men, pou lang lan menm, pesonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun.

Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li.

10 Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m' yo, sa pa dwe fèt konsa.

11 Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan.

12 Frè m' yo, yon pye fig frans pa ka donnen grenn oliv. Ni yon pye rezen pa ka donnen fig frans. Dlo sale pa ka bay dlo dous non plis.

13 ¶ Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.

14 Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a.

15 Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la.

16 Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.

17 Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.

18 Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.

Genyen kontwòl sou pawòl nou

Frè m ak sè m yo, se pa yon pil nan nou ki dwe anseye. Mwen di sa paske, kòm nou konnen, nou menm k ap anseye, jijman pa nou ap pi rèd pase jijman pa lòt yo.

Nou tout fè anpil fot. Si yon moun pa janm fè fot an pawòl, se yon moun ki pafè. Li kapab gen kontwòl sou tout kò li. Nou mete mò nan bouch chwal yo, pou fè yo obeyi nou. Konsa nou kapab dirije tout kò yo. Gade bato yo! Yo gwo, epi se gwo van ki gen anpil fòs ki fè yo mache. Poutan, se avèk yon ti moso bwa yo dirije yo epi yo ale kote pilòt la vle. Lang nou se menm jan an. Se yon pati ki tou piti nan kò a. Poutan, li kapab fè lwanj kantite gwo bagay li lakoz.

Gade sa, yon ti dife tou piti kapab boule yon gwo rak bwa. Lang lan tou, se kòm yon ti dife, se ladan nou jwenn tout sa ki pa bon. Li se yon pati nan kò nou, epi se li ki sal tout kò nou nèt. Lang nou mete dife nan lavi nou, depi nou fèt jouk tan nou mouri. Dife sa a, se dife lanfè a ki nan lang lan.

Lèzòm kapab fè tout kalite zannimo obeyi yo: bèt sovaj, zwazo, sèpan epi pwason. Men lang lan sovaj, pèsòn pa ka fè l obeyi! Li yon move bagay li ye, li plen ak yon pwazon ki bay lanmò. Avèk lang nou, nou chante louwanj pou Senyè a, Papa nou. Avèk lang nou tou, nou modi moun yo Bondye te kreye dapre limaj li. 10 Benediksyon ak malediksyon soti nan menm bouch la! Frè m ak sè m yo, sa pa dwe konsa! 11 Èske yon sèl sous kapab bay dlo dous ak dlo anmè an menm tan? 12 Èske yon pye fig kapab donnen zoliv? Èske ou kapab keyi fig sou yon pye rezen? Se menm jan an tou, yon sous dlo sale pa kapab bay dlo dous.

Bon sajès la

13 Èske gen moun pami nou ki reyèlman saj, yon moun ki vrèman gen bon konprann? Alò, li dwe manifeste sa nan yon bon konpòtman, nan sa l ap fè avèk imilite epi ak sajès. 14 Men si w gen nan kè w yon jalouzi anmè, yon lanvi egoyis ak lanbisyon, pa fè lwanj di ou saj. Pa bay manti konsa! 15 Sajès sa a, se pa nan syèl li soti. Li soti sou latè, se sajès lèzòm, se yon sajès dyabolik. 16 Paske, kote k gen jalouzi ak lanbisyon pou pase devan lòt moun, sa fè dezòd ansanm ak tout move zak. 17 Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit. 18 Moun ki renmen simen lapè toupatou kote yo ye, gen pou yo rekòlte fui la jistis.