Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Share feedback on the new Bible Gateway
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Share feedback on the new Bible Gateway
  • Read the Bible
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study Tools
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • Explorer More
    • Bible News
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Bible Gateway Blog
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
PrintPrintSettingsSettingsShareShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Filip 3  Haitian Creole Version

3 ¶ Koulye a, frè m' yo, fè kè nou kontan nan Seyè a. Pou mwen, sa pa fè m' anyen pou m' repete sa m' te voye di nou deja. Men, se nan avantaj nou.

2 Veye kò nou ak moun k'ap plede fè sa ki mal yo. Veye kò nou ak bann chen sa yo ki vle fè yo sikonsi nou.

3 Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.

4 ¶ Mwen ta ka mete konfyans mwen nan bagay konsa tou, si m' te vle. Si gen moun ki kwè yo ka mete konfyans yo nan sa lèzòm ap fè, mwen pi ka fè l' pase yo.

5 Mwen te gen wit jou depi m' te fèt lè yo sikonsi mwen. Mwen se yon moun Izrayèl natif natal, nan branch fanmi Benjamen, pitit pitit Ebè san (100) pou san (100). Sou keksyon lalwa Moyiz la menm, se pa pale: se farizyen mwen te ye.

6 Mwen te sitèlman yon patizan fanatik lalwa a, mwen te menm rive pèsekite legliz la. Si yon moun te ka bon paske li fè sa lalwa a mande, enben mwen te bon nèt ale.

7 Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la.

8 Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m' konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m' konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m' sa gen Kris la,

9 ¶ pou m' ka viv ansanm avè l' nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m' gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras.

10 Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou,

11 avèk espwa, mwen menm tou m'a gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.

12 Mwen pa gen pretansyon mwen rive deja kote m' prale a, ni mwen poko fin bon nèt. Men, m'ap kouri sou kous mwen pou m' wè si m' ka mete men sou kote m' dwe rive a, paske Jezikri pou tèt pa l' fin mete men sou mwen deja.

13 Se vre wi, frè m' yo. Mwen pa kwè mwen deja mete men m' sou kote m' dwe rive a. Men, mwen gen yon sèl bagay pou m' fè, se pou m' bliye tou sa ki dèyè m' pou m' fè jefò pou m' mete men m' sou sa ki devan m' lan.

14 Konsa, m'ap kouri dwat devan m' sou mak kote m' prale a, pou m' ka jwenn rekonpans Bondye rele m' vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.

15 ¶ Nou tout ki byen grandi nan lafwa, se menm lide sa a pou n' gen nan tèt nou tou. Men, si gen moun pami nou ki gen lòt lide sou kèk pwen, Bondye va fè yo wè pi klè sou sa.

16 Nenpòt jan sa ye, ann mache toujou jan n' te konmanse a.

17 ¶ Nou tout frè m' yo, pran egzanp sou mwen. Kenbe je nou fiske sou moun k'ap swiv egzanp mwen te bay la.

18 Paske, gen anpil moun k'ap viv tankou moun ki pa vle tande pale jan Kris la mouri sou kwa a. Mwen te deja di nou sa, koulye a m'ap di nou sa ankò ak dlo nan je mwen:

19 Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo.

20 Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la.

21 Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l' lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l' fè yo tounen tankou kò pa l' la ki gen bèl pouvwa.

Next
Filip 2
Filip 4
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences